Doktrin ak Alyans 2021
3–9 Me. Doktrin ak Alyans 46–48: “Chèche Pi Bon Don yo Sensèman”


“3–9 Me. Doktrin ak Alyans 46–48: “Chèche Pi Bon Don yo Sensèman” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“3–9 Me. Doktrin ak Alyans 46–48,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
moun ki reyini bòn yon letan

Reyinyon yon Kan, pa Worthington Whittredge

3–9 Me.

Doktrin ak Alyans 46–48

“Chèche Pi Bon Don yo Sensèman”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 46–48 la, Sentespri a ka temwaye w konsènan verite yo ki nan seksyon sa yo. Ekri enpresyon w resevwa yo ak repase yo ka ede w jwenn fason pou w ede manm klas yo dekouvri menm verite sa yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Sa ka petèt ede si manm klas la pataje, de tanzantan, kijan y ap pwogrese nan etid pèsonèl oswa familyal yo nan ekriti yo. Paegzanp, lè manm klas la pataje enpresyon yo konsènan yon bagay yomenm oswa yon manm fanmi yo te dekouvri semèn sa a, ou ta ka mande yo kisa yo te jwenn pandan etid yo a ki te antrene enpresyon sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 46:1–7

Nou ta dwe akeyi tout moun nan Legliz Jezikri a.

  • Pou anpil moun, fason yo santi yo ak sa yo santi nan reyinyon Legliz yo ka gen enfliyans puisan pou fè yo rete aktif nan legliz la. Enstriksyon Senyè a ki nan Doktrin ak Alyans 46:1–7 yo ka ede manm pawas ou yo kreye eksperyans adorasyon ki pi akeyan, pi siyifikatif pou youn ak lòt epi pou vizitè yo. Manm klas yo ta ka chèche nan vèsè sa yo, pou yo jwenn prensip ki anrapò avèk reyinyon legliz yo epi drese lis sa yo jwenn yo sou tablo a. Pou chak bagay ki nan lis la, klas la ta ka diskite sou kisa prensip sa a sanble an aplikasyon.

  • Kijan enstriksyon Senyè a nan Doktrin ak Alyans 46 yo ka ede manm klas yo gade reyinyon legliz yo kòm yon opòtinite pou yo santi Sentespri a? Ou ta ka envite yo pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 46:2 epi diskite sou lè yo konn santi ke dirijan yo ak enstriktè yo te kondui reyinyon yo selon Sentespri a. Ki wòl moun ki ap asiste reyinyon yo genyen? Anvizaje envite manm klas yo pou yo pale de yon lè yo te santi yon reyinyon te dirije epi gide pa Sentespri a.

  • Petèt ou ta ka envite kèk manm nan klas la pou yo pataje eksperyans pa yo lè yo te premye asiste yon reyinyon nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kisa ki te ede yo santi yo byenveni? Ki konsèy yo ta bay lòt manm yo pou ede yo fè reyinyon yo nan legliz nou an vin pi akeyan? Kijan nou ka aplike konsèy Senyè a nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 46:1–7la? Kite manm klas yo pratike sa yo t ap di si yo te wè yon etranje mache antre nan chapèl la pou lapremyè fwa.

  • Yon kantik tankou “’Chantons du Christ le grand amour” (Cantiques, no. 103 oswa 177) ta ka ede manm klas yo reflechi sou sa epi diskite sou fason pou fè reyinyon yo nan legliz la vin pi akeyan ak pi elvan. Petèt manm klas yo ta ka chante kantik la ansanm epi pataje ide ki nan pawòl yo sou fason pou yo ede lò moun santi lanmou Bondye nan legliz la.

    Imaj
    manm nan legliz la

    Senyè a te anseye ke tout moun byenveni nan legliz li a.

Doktrin ak Alyans 46:7–33

Pè Selès la bay don espirityèl pou benefis pitit li yo.

  • Premye Sen yo te gen kwayans fèm nan manifestasyon Sentespri a. Kijan w ka ede manm klas yo devlope lafwa yo ke don sa yo ka vin manifeste nan lavi nou jodia. Ou ta ka kòmanse pa envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 46:7–33 avèk yon patnè oswa an ti gwoup. Mande yo pou yo chèche jwenn omwen senk don espirityèl epi diskite fason yo konn wè bagay sa yo manifeste nan lavi pa yo oswa nan lavi yon moun yo konnen—enkli moun nan klas la. Kisa yo te jwenn ke yo ta ka pataje avèk klas la pou bati lafwa yo nan don sa yo?

  • Senyè a te deklare ke don Lespri yo se pou benefis moun ki rete fidèl epi yo yo “pa reprezante siy“ (vèsè 9). Petèt man klas yo ta ka diskite sou fason don espirityèl yo nan benefis moun ki fidèl yo. Kijan don sa yo ka ede moun ki vle akeri oubyen fòtifye temwayaj yo nan levanjil la?

  • Kèk moun renmen Bondye epi yo eseye kenbe kòmandman l yo men yo pa santi yo te fè ekperyans okenn nan don espirityèl yo. Kijan konsèy ki nan Doktrin ak Alyans 46:7–33 a ta ka ede?

Doktrin ak Alyans 47

Sentespri a ka ba nou direksyon lè n ap ranpli apèl nou yo.

  • Anpil moun ka idantifye yo avèk sa John Whitmer te santi lè l te vle jwenn asirans ke apèl li a te soti nan Bondye a. Petèt manm yo nan klas la ta ka pataje eksperyans similè yo te fè. Kisa nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 47 la ki ka bay John Whitmer konfyans nan tach yo te ba li a?

Amelyore Ansèyman Nou

Wòl ou kòm yon enstriktè. Anseye se plis pase jis prezante enfòmasyon w te prepare. Pami lòt bagay, li enkli kreye yon anviwònman kote manm klas yo ka aprann epi dekouvri verite yo pou tèt pa yo epi pataje sa yo te aprann avèk lòt yo. Paegzanp, pandan tout leson an, mande manm klas yo pou yo pale de eksperyans yo nan etidye ekriti yo lakay yo.