Doktrin ak Alyans 2021
17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57: “Yon Entandan Fidèl, ki Jis epi ki Saj”


“17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57: ‘Yon Entandan Fidèl, ki Jis epi ki Saj,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
mèt jaden ak yon bèf

Premye Kanal, pa James Taylor Harwood

17–23 Me

Doktrin ak Alyans 51–57

“Yon Entandan Fidèl, ki Jis epi ki Saj”

Pafwa enspirasyon konsènan sa pou nou anseye ka vini pandan n ap diskite ekriti yo avèk yon mann nan fanmi oswa zanmi nou.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anvizaje pataje pawòl sa yo de Èldè Quentin L. Cook: “Espwa mwen se pou ke nou chak, endividyèlman epi antanke fanmi, repase entandans nou pou sa nou genyen kòm responsablite ak pou nou rann kont” (“Entandans—yon konfyans Sakre,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2009, 94). Ou ta ka mande manm klas la apresa kisa yo te aprann nan seksyon 51–57 yo konsènan entandans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 51:9, 15–20

Senyè a vle pou nou rete kòm entandan fidèl, jis, ak plen sajès.

  • Kijan w pral ede manm klas yo reflechi sou kijan pawòl Senyè a nan seksyon 51 la aplike pou yo? Ou ta ka ekri sou tablo a Kisa Senyè a te konfye mwen? epi envite manm klas la pou drese lis repons pa yo (gade “Resous Adisyonèl yo” pou ide). Apresa yo ta ka chèche jwenn prensip nan vèsè 9, 15–20 yo ki anseye yo kijan pou yo vin pi bon entandan nan bagay ki nan lis yo a. Oubyen ou ta ka fokis sou mo “fidèl,” “jis,” ak “saj” yo ki nan vèsè 19 la, pandan y ap diskite sou kijan chak nan mo sa yo ka gide nou nan ranpli wòl entandans nou yo. Si nesesè, repase ansanm definisyon pou “Entandan, Entandans” nan Gid pou Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
jaden tou vèt

Manm yo ki t ap viv lwa konsekrasyon an te bay Legliz la tout sa yo te posede.

Doktrin ak Alyans 52:10; 53:3; 55:1–3

Yo bay moun don Sentespri a atravè enpozisyon dè men.

  • Anpil vèsè nan revelasyon sa yo mansyone ke moun te resevewa Sentespri a pa enpozisyon men. Si yon diskisypon sou sijè sa a ta gen enpòtans pou klas ou a, ou ta ka mande manm klas la kisa yo te aprann nan Doktrin ak Alyans 52:10; 53:3; 55:1–3 konsènan don Sentespri a. Pou jwenn plis sou sijè sa a, gade Ak 8:14–17; 19:1–6. Petèt manm klas la ta ka pale konsènan eksperyans yo lè yo te resevwa don Sentespri a oswa kisa yo ka fè pou yo kontinye resevwa enfliyans li nan lavi yo.

Doktrin ak Alyans 52:9–11, 22–27

Nou kapab pataje levanjil la kèlkeswa kote nou ye.

  • Lè Senyè a te voye plizyè dirijan legliz la nan Missouri, li te di yo pou yo itilize tan yo fè ap vwayaje a pou yo te “preche sou wout la” (vèsè 25–27). Lekti nan Doktrin ak Alyans 52:9–11, 22–27 la ta ka mennen nan yon konvèsasyon konsènan fason nou ka pataje levanjil la “sou wout nou,” oswa pandan kous nòmal nan lavi nou. Manm klas la ta ka pale konsènan fason yo fè pataje levanjil la tounen yon pati entegral nan lavi pa yo.

Doktrin ak Alyans 52:14–19

Bondye te bay yon modèl pou evite moun twonpe nou.

  • Pou entwodui modèl Senyè a ki revele nan Doktrin ak Alyans 52:14–19 la, ou ta ka pataje egzanp sou lòt modèl ki ta ka pi familye pou manm klas la, tankou modèl pou konstwi bagay oswa modèl konpòtman. Manm klas la gen dwa gen pwòp egzanp pa yo pou yo pataje. Poukisa modèl enpòtan? Kijan nou ka aplike modèl ki nan vèsè 14–19 yo pou evite mansonj nou jwenn nan mond lan jodia?

Doktrin ak Alyans 54

Mwen kapab ale kot Senyè a lè m blese pa chwa lòt moun.

  • Anpil nan nou konn soufri desepsyon lè yon moun nou depann de li pa t kenbe angajman li. Sa te rive Sen ki soti Colesville, Nouyòk yo, ki te gen espwa yo ta pral tabli baz yo sou teritwa Leman Copley a nan Ohio. Pou aprann apati eksperyans sa a, manm klas la ta ka repase antèt seksyon 54 la (gade tou Sen yo, 1:125–28; “Yon Evèk pou Legliz la,” Revelasyon nan kontèks, 78–79). Yo ta ka imajine ke yo te gen yon zanmi pami Sen nan Colesville yo epi apresa jwenn konsèy nan seksyon 54 la ke yo ta ka pataje avèk zanmi yo a. Oswa yo ta ka chèche revelasyon pou yon bagay ki ta ka ede yon moun ka p soufri akoz chwa yon lòt moun. (Ou ta ka fè remake pwomès ki nan vèsè 6 la pou moun ki respekte alyans yo.)

  • Doktrin ak Alyans 54:10 gen plizyè pasaj ke manm klas ou a ta ka jwenn ki siyifikatif, tankou “pasyan nan tribilasyon,” “chèche mwen byen bonè,” ak “repo pou nanm yo.” Manm klas la ta ka chwazi yon pasaj pou yo medite ak etidye, nan itilize nòt anba paj yo oswa lòt resous pou eksplore ekriti ki an rapò yo. Apresa yo ta ka pataje enpresyon pa yo.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Entandans nou yo.

Prezidan Spencer W. Kimball te eksplike: “Nan legliz la yon entandans se yon responsablite espirityèl oswa tanporèl sakre ke yon moun dwe rann kont pou li. Paske tout bagay se pou Senyè a, nou se entandan kò nou, panse nou, fanmi nou, ak byen nou. (Gade Doktrin ak Alyans 104:11–15.) Yon entandan fidèl se yon moun ki egzèse sipèvizyon ki jis, ki pran swen moun li responsab yo, epi ki chèche pote sekou pou pòv ak moun ki nan bezwen” (“Sèvis Antrèd yo: Levanjil la an Aksyon,” Ensign, Nov. 1977, 78).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede elèv yo aprann pou youn sipòte lòt. Kreye yon anviwònman nan klas la kote elèv yo sipòte ak ankouraje youn lòt. Envite yo pou yo pataje ide ak estrateji ki amelyore etid pèsonèl ak familyal pa yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 36.)