Doktrin ak Alyans 2021
26 Avril–2 Me. Doktrin ak Alyans 45: “Pwomès yo … Pral Akonpli”


“26 Avril–2 Me. Doktrin ak Alyans 45: ‘Pwomès yo … Pral Akonpli,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“26 Avril–2 Me. Doktrin ak Alyans 45,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
jèn ki deyò yon tanp

26 Avril–2 Me

Doktrin ak Alyans 45

“Pwomès yo … Pral Akonpli”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 45 la, reflechi sou ki vèsè, sitasyon dirijan yo nan legliz la, eksperyans, kesyon, ak lòt resous ou ka itilize pou anseye doktrin nan. Pandan w ap anseye, envite manm klas la pou ekri enpresyon yo resevwa yo epi fè yon plan pou yo kapab aplike yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas la ta ka ekri sou yon fèy papye nimewo pou yon vèsè nan Doktrin ak Alyans 45 la ki te enspire yo. Apresa ou ta ka ranmase papye yo, seleksyone kèk nan yo pa aza, epi envite manm klas ki te ekri yo pou li vèsè pa yo pou klas la epi pataje rezon yo te chwazi yo. Ankouraje lòt moun pou pataje enpresyon yo tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 45:1–5

Jezikri se avoka nou devan Papa a.

  • Eske yon moun nan klas la ka dekri kisa yon avoka fè? Li ka ede si ou chèche definisyon pou mo avoka nan yon diksyonè. Avèk konpreyansyon sa, manm klas la ta ka li Doktrin ak Alyans 45:3–5 ak yon konpayon. Yo ta ka pataje avèk youn lòt nenpòt mo oswa pasaj apati vèsè sa yo ki ede yo konprann wòl Jezikri kòm Avoka nou devan Papa a. (Gade tou 2 Nefi 2:8–9; Mozya 15:7–9; Mowoni 7:27–28; Doktrin ak Alyans 29:5; 62:1.) Anvizaje mande manm klas la pou yo pataje santiman yo konsènan wòl Sovè a kòm Avoka yo.

Doktrin ak Alyans 45:11–75

Nou pa bezwen pè Dezyèm Vini an.

  • Kijan nou ka ede manm klas la wè alafwa avètisman ki fè n reflechi yo ak pwomès lespwa yo nan seksyon 45 la? Paegzanp, ou ta ka ekri sou tablo a tit sa a yo Pwofesi yo ak Benediksyon yo Pwomèy yo, epi manm klas la ta ka ekri anba tit sa yo ansèyman yo te jwenn nan Doktrin ak Alyans 45:11–75. Poukisa Senyè ta vle pou nou jwenn enfòmasyon sou bagay sa a yo alavans? Kisa nou ka fè pou nou resevwa benediksyon ki pwomèt yo?

  • Petèt manm klas la ta ka pataje avi yo youn ak lòt sou fason nou ka rete optimis ak pozitif pandan n ap fè fas ak kalamite ki te predi pou epòk na p viv la (tankou sa yo dekri nan Doktrin ak Alyans 45:11–75yo). Pou ede manm klas la rete tann Dezyèm Vini an avèk lafwa olye de lakrent, ou ta ka pase videyo “Men’s Hearts Shall Fail Them” nan (ChurchofJesusChrist.org). Nan ki sans kè moun yo pral fè yo tonbe nan epòk nou an? (gade vèsè 26). Ki konsèy Prezidan Nelson te bay nan videyo sa a pou ede nou fè fas ak sitiyasyon efreyan yo avèk lapè?

Doktrin ak Alyans 45:31–32

“Rete nan kote ki sen,” epi pa kite moun deplase nou.

  • Manm klas la ka gen dezi pou pataje enpresyon yo konsènan fason y ap fè efò pou “rete nan kote ki sen yo,” jan Seyè a te konseye nan Doktrin ak Alyans 45:31–32. Kijan nou ka kreye kote ki sen yo nan lavi nou? Deklarasyon an nan “Resous Adisyonèl yo” ak videyo sou “Kanpe nan Kote ki Sen yo—Pwospere Kote Ou Etabli a” (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ajoute sigjesyon pou diskisyon sa a.

    Imaj
    dis vyèj yo

    Parabòl Dis Vyèj yo, pa Dan Burr

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

“Kanpe nan kote ki sen yo.“

Sè Ann M. Dibb, yon ansyen manm nan Prezidans Jeneral Jènfi yo, te anseye ke enstriksyon ki vle pou nou kanpe nan kote ki sen yo epi pa deplase yo “eksplike kijan nou ka resevwa pwoteksyon, fòs, ak lapè nan peryòd boulvès sa yo.” Apre l te note ke kote sen sa yo ta ka enkli tanp nou yo, chapèl, ak fwaye nou, li te di ke “nou chak ka jwenn plis kote toujou.” Li te kontinye:

“Nou ka dabò konsidere mo kote a kòm yon espas fizik oswa yon pozisyon jewografik. Sepandan, yon kote ka vledi ‘yon sitiyasyon, pozisyon, oswa yon eta despri byen espesifik’ [Merriam-Webster.com Diksyonè, “place,” merriam-webster.com]. Sa vledi kote sen yo ka enkli tou moman nan lavi a—moman yo lè Sentespri a rann temwayaj pou nou, moman yo lè nou santi lanmou Pè Selès la, oswa moman yo lè nou te resevwa yon repons pou priyè nou yo. Plis toujou, mwen kwè nenpòt lè nou jwenn kouraj pou nou defann sa ki jis, espesyalman nan sitiyasyon kote okenn lòt moun pa deside pou fè sa, n ap kreye yon kote ki sen” (“Kote Pa w ki Sen,” Ensign oswa Lyawona, Me 2013, 115).

Amelyore ansèyman nou

Se pou w yon temwayaj vivan. Pandan w ap viv doktrin w ap anseye a, ou pral vin gen posiblite pou rann temwayaj pèsonèl, puisan ke sa se verite. Sentespri a pral konfime temwayaj ou antre nan kè manm yo nan klas ou a. Reflechi sou prensip ou pral anseye yo semèn sa a ak nan semèn ka p vini yo. Kijan ou ka viv yo pi konplètman? (Gade Anseye nan fason Sovè a, 13–14.)