Doktrin ak Alyans 2021
19–25 Avril. Doktrin ak Alyans 41–44: “Lwa M pou Gouvène Legliz Mwen an”


“19–25Avril. Doktrin ak Alyans 41–44: “Lwa M pou Gouvène Legliz Mwen an” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“19–25 Avril. Doktrin ak Alyans 41–44,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
Jezikri

19–25 Avril

Doktrin ak Alyans 41–44

“Lwa M pou Gouvène Legliz Mwen an”

Antanke klas, nou p ap kapab diskite sou chak prensip yo anseye nan Doktrin ak Alyans 41–44 yo. Chèche enspirasyon pou ede w seleksyone prensip ki ap pi apwopriye pou klas ou a.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Lè revelasyon ki nan seksyon 42 a te pibliye, Joseph Smith te ekri ke Sen yo “te resevwa yo avèk kontantman” (“Lèt pou Martin Harris,” Fev. 22, 1831, josephsmithpapers.org). Ankouraje manm klas la pataje nenpòt bagay ki sòti nan etid pèsonèl ou familyal yo semèn sa a ke yo te resevwa avèk kontantman.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 41–42

Lwa Bondye ap gouvène Legliz li a e yo kapab gouvène lavi nou.

  • Nan Doktrin ak Alyans 41, Senyè a te ede Sen yo prepare yo pou yo resevwa lwa li, ke li t ap vin revele kèk jou apre. (gade nan seksyon 42). Kijan revelasyon ki nan seksyon 41 an te ede Sen yo resevwa Lwa Bondye yo? Pou ede manm klas la reponn kesyon sa a, ou ta kapab envite yo li Doktrin ak Alyans 41:1–6 epi jwenn prensip ki kapab ede nou resevwa law Bondye a. Kijan nou kapab aplike prensip sa yo lè nou gen opòtinite pou nou resevwa enstriksyon nan men Senyè a?

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou divize seksyon 42 a an senk gwoup vèsè kote yo chak prezante yon prensip levanjil enpòtan. Gwoup sa yo gen dwa rann sa pi fasil pou w pou diskite sou seksyon sa a kòm yon klas. Pa egzanp, ou ta kapab ekri referans yo sou tablo a epi envite chak manm klas la seleksyone yon gwoup. Mande yo pou yo li vèsè yo epi jwenn yon bagay ke yo santi ki enpòtan pou nou jodi a. Apre sa, yo ta kapab pataje egzanp ki sòti nan pwòp lavi pa yo ki montre kijan nou beni lè nou gouvène lavi nou dapre lwa sa yo.

Doktrin ak Alyans 41:9–11

Senyè a mande Sèvitè l yo pou yo fè sakrifis.

  • Edward Partridge, premye evèk Legliz retabli a, te resevwa kòmandman pou l te kite pwofesyon l epi “pase tout tan l” ap sèvi nan apèl li a. Menmsi yo pa egzije nou sa, kisa nou jwenn nan vèsè sa yo ki kapab aplike a sèvis nou pou Bondye? (Pou plis enfòman konsènan Edward Partridge, gade nan “A Bishop unto the Church,” Revelations in Context, 77–83.)

Doktrin ak Alyans 42:61, 65–68; 43:1–7

Revelasyon pote lapè, lajwa, ak lavi etènèl.

  • Menmjan avèk premye dirijan Legliz yo, manm klas ou yo kapab gen kesyon ki sanble yo tankou “mistè” paske yo mande asistans Senyè a. Ou ta kapab ankouraje yo ekri yon kesyon yo genyen oswa yon pwoblèm ki fè yo bezwen revelasyon pèsonèl. Kisa nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 42:61, 65–68 ki ta kapab ede nou pandan n ap chèche revelasyon?

  • Pou ede manm yo konprann kijan Bondye bay revelasyon pou gide Legliz li a, ou ta kapab envite yo li Doktrin ak Alyans 43:1–7. Yo ta kapab gade videyo “Pwophèt ak Revelasyon—Tande Vwa l” la tou nan (ChurchofJesusChrist.org).

Doktrin ak Alyans 43:8–10

Nou reyini ansanm pou “youn enstwi ak edifye lòt.”

  • Kijan nou ta kapab itilize Doktrin ak Alyans 43:8–10 pou nou anseye yon moun ki santi li pa nesesè pou l vin nan reyinyon Legliz yo? Lis ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab ede w konsantre diskisyon sa a sou bi diven kowòm prètriz yo ak Sosyete Sekou (lis la aplike pou klas Jènfi yo tou). Manm klas la ta kapab pataje kijan patisipasyon yo nan kowòm yo, nan Sosyete Sekou a, ak klas yo nan Legliz la beni yo. Kisa vèsè 8–10 enplike konsènan sa nou ta dwe fè pou nou prepare nou ak pou nou patisipe nan reyinyon nou yo.

    Imaj
    Klas Lekòldidimanch pou jèn yo

    Reyinyon nan legliz la se yon fason nou “youn enstwi ak edifye lòt.”

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Poukisa nou òganize an kowòm ak Sosyete Sekou?

Sè Julie B. Beck, anyèn Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, te eksplike poukisa Bondye òganize nou an kowòm prètriz ak Sosyete Sekou.

  1. “Pou òganize nou anba prètriz la ak selon modèl prètriz la.”

  2. Pou konsantre atansyon pitit gason ak pitit fi Pè Selès yo sou travay sali a ak pou angaje yo ladan l. Kowòm yo ak Sosyete Sekou se yon gwoup disip òganize ki gen responsablite pou yo ede nan travay Papa a pou l pote lavi etènèl pou pitit li yo.”

  3. Pou ede evèk yo jere magazen Senyè a avèk sajès. Magazen Senyè a enkli ‘tan, talan, konpasyon, materyèl, ak mwayen finansye’ manm Legliz yo [Manyèl 2: Administrasyon Legliz yo, 6.1.3, ChurchofJesusChrist.org]. Talan Sen yo dwe itilize pou ede pran swen pòv yo ak moun ki nan nesesite yo ak pou bati wayòm Senyè a.”

  4. “Pou founi yon defans ak yon refij pou pitit Papa nou ki nan Syèl la ak fanmi yo nan dènye jou yo.”

  5. “Pou fòtifye ak sipòte nou nan wòl familyal nou yo ak responsablite nou kòm pitit gason ak pitit fi Bondye.” (“Poukisa nou òganize an Kowòm ak Sosyete Sekou” [Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, Jan. 17, 2012], speeches.byu.edu.)

Amelyore ansèyman nou

Envite. “Pa egzanp, olye w toujou ap lanse envitasyon pou yo fè yon bagay espesifik, anvizaje envite manm klas la pou yo panse a pwòp fason pa yo pou aplike sa yo aprann yo” (Anseye nan Fason Senyè a, 35).