Doktrin ak Alyans 2021
5–11 Avril Doktrin ak Alyans 30-36: “Ou Aple Pou W Preche Levanjil Mwen an”


“5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30–36:‘Ou Aple Pou W Preche Levanjil Mwen An,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30–36,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
premye misyonè yo nan Legliz la

5–11 Avril

Doktrin ak Alyans 30–36

“Ou Aple Pou W Preche Levanjil Mwen An”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 30–36 la, ki mesaj ou santi ki gen rapò avèk moun w ap anseye yo? Kisa ki ap ede enspire yo pou yo pataje levanjil la avèk lòt moun?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Petèt manm klas la ta kapab pataje yon bagay yo te li nan Doktrin ak Alyans 30–36 la ki enspire yo pou yo pataje levanjil la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 30–36

Nou aple pou nou preche levanjil Jezikri a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou w chèche nan Doktrin ak Alyans 30–36 pou wè kisa Senyè a mande misyonè L yo ak sa Li pwomèt yo. Manm klas la ta kapab pataje sa yo te jwenn. (Gade, pa egzanp, nan Doktrin ak Alyans 30:8; 31:3–5; 32:1, 5; 35:24.) Petèt ou ta kapab envite yo ekri yon lèt voye bay yon moun ki ap sèvi yon misyon aktyèlman oubyen ki ap prepare l pou l al fè yon misyon epi enkli kèk nan enstriksyon ak pwomès Senyè a bay yo.

  • Èske w ap anseye jèn ki ap prepare yo pou y al sèvi kòm misyonè? Si wi, ou ta kapab envite chak manm klas la pou yo fouye nan yon seksyon nan Doktrin ak Alyans 30–36 la epi pou yo jwenn yon bagay ki enspire yo pou yo sèvi. Ou ta kapab siyale ke misyonè yo mansyone nan seksyon sa yo te nouvo epi yo pa t gen eksperyans nan Legliz la. Kisa ki te kalifye yo pou yo te pataje levanjil la? Ou ta gen dwa pase youn nan videyo yo mansyone nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Kisa videyo sa yo sigjere konsènan rezon ki fè nou ta dwe sèvi kòm misyonè ak kijan pou nou prepare nou?

  • Se pa tout moun ki gen opòtinite pou yo fè yon misyon aplentan, men nou kapab envite lòt moun pou yo vin jwenn Kris la epi pou yo koute mesaj Retablisman an. Manm klas la ta kapab fè yon lis divès fason yo ka “ouvri bouch [yo]” (Doktrin ak Alyans 33:8–10). Ki opòtinite natirèl nou genyen pou nou pataje kwayans nou avèk lòt moun? Ki konsèy nan Doktrin ak Alyans 30–36 la ki aplike a pataje levanjil la nan fason sa yo? Anvizaje poze kèk kesyon a manm nan klas la ki te fè eksperyans pozitif nan pataje levanjil la pou yo pataje ide yo epi reponn kesyon klas la kapab genyen.

  • Senyè a te pwomèt Ezra Thayer ak Northrop Sweet ke si yo te ouvri bouch yo pou yo te pataje levanjil la, yo t ap “vin tankou Nefi ki te nan tan lontan an” (Doktrin ak Alyans 33:8). Ki karakteristik Nefi te genyen ki kapab gen rapò avèk preche levanjil la? (gade, pa egzanp, nan 1 Nefi 3:7; 4:6; 10:17; 17:15; 2 Nefi 1:27–28). Kijan karakteristik sa yo kapab ede nou nan efò nou pou nou nou pataje levanjil la?

    Imaj
    misyonè ki ap anseye

    Senyè a mande nou pou nou preche levanjil la nan epòk pa nou an jan sa te konn fèt lè Legliz la te fèk derape.

Doktrin ak Alyans 32–3335

Senyè prepare nou pou travay Li vle nou fè a.

  • Kijan Senyè a ede nou fè travay Li a? Yon diskisyon sou lavi moun yo dekri nan Doktrin ak Alyans 32–33,35 yo kapab yon bon kote pou nou kòmanse medite sou eksperyans sa yo. Pa egzanp, ou ta kapab pataje avèk klas la istwa vizyon Ezra Thayer a nan seksyon “Resous Adisyonèl” la epi envite manm klas la pou yo li Doktrin ak Alyans 33:1–13, ki se yon pati nan revelasyon Ezra Thayer te resevwa a. Kijan Senyè a te prepare Ezra pou travay li te vle l fè a? (gade nan Doktrin ak Alyans 33:2). Ou ta kapab mande yon manm klas la tou pou l pataje kèk enfòmasyon jeneral konsènan relasyon ki te egziste ant Parley P. Pratt ak Sidney Rigdon (gade nan “Vwa Retablisman yo: Premye Konvèti yo” nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Kijan relasyon sa a te beni Legliz la? Ki prèv nou wè ki montre ke men Senyè a te nan lavi mesye sa yo? Petèt manm klas la ta kapab pataje eksperyans ki te ede yo wè ke Senyè a te konnen yo egziste nan yon fason similè?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Videyo konsènan travay misyonè (nan ChurchofJesusChrist.org).

“Valè yon Misyon Aplentan”

“Pataje Levanjil la“

“Jounen w pou yon Misyon”

“Èldè ak Sè Bednar—Lavi Travay Misyonè”

“Yon Devwa Prètriz”

Vizyon Ezra Thayer a.

Ezra Thayer te ekri ke yon ti tan anvan l te batize, li te fè yon vizyon kote “yon mesye te vini e li te pote ban mwen yon woulo papye e li te prezante l ban mwen, epi li te prezante yon twonpèt ban mwen tou epi li te di m pou m [jwe] l. M te di l ke m pa t janm [jwe] okenn enstriman nan lavi m. Li te di ou kapab [jwe] l, eseye l. … Li te fè pi bèl son mwen janm tande.” (“Revelation, October 1830–B, Revelation Book 1,” historical introduction, josephsmithpapers.org). Lè Joseph Smith te vin resevwa yon revelasyon pou Ezra Thayer ak Northrop Sweet nan apre, revelasyon ki anrejistre kounyeya kòm Doktrin ak Alyans 33 a, Ezra te entèprete revelasyon an kòm woulo papye ki te nan vizyon l lan.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje yon anviwonman plen respè. “Ede manm klas ou a konprann ke yo chak gen yon enfliyans sou anbyans jeneral klas la. Ankouraje yo pou yo ede w etabli yon bèl atmosfè lanmou ak respè pou chak moun ka santi yo alèz pou yo pataje eksperyans yo, pou yo poze kesyon, ak rann temwayaj yo.” (Anseye nan Fason Sovè a,15).