Doktrin ak Alyans 2021
12–18 Avril. Doktrin ak Alyans 37–40: “Si Nou Pa Fè Youn Se Pa Moun Mwen Nou Ye”


“12–18 Avril. Doktrin ak Alyans 37–40: ‘Si Nou Pa Fè Youn Se Pa Moun Mwen Nou Ye” Vini, Suiv Mwen—Poul Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“12–18 Avril. Doktrin ak Alyans 37–40,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Sen ki ap prepare pou yo demenaje

Sen yo demenaje al Kirtland pa Sam Lawlor

12–18 Avril

Doktrin ak Alyans 37–40

“Si Nou Pa Fè Youn Se Pa Moun Mwen Nou Ye”

Anvan w planifye sa w pral fè nan klas la, etidye Doktrin ak Alyans 37–40 la nan yon espri lapriyè. Ou ka pi byen resevwa gidans espirityèl nan preparasyon w pou anseye a si dabò ou fè eksperyans pèsonèl siyifikatif avèk ekriti yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anvizaje ekri sou tablo a, Pandan m t ap li Doktrin ak Alyans 37–40 la, m te santi ke Senyè a t ap di m. Manm klas la ta kapab di kijan yo t ap konplete fraz la. Ankouraje yo pataje vèsè yo te li yo pou yon pati nan repons yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 37-38

Bondye rasanble nou pou l beni nou.

  • Pafwa li pi fasil pou nou aprann apati de revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo lè nou panse a noumenm nan plas moun ki te resevwa yo orijinalman yo. Pou ede manm klas la fè sa avèk seksyon 37–38 yo, ou ta kapab envite yo imajine ke yo tap viv nan Fayette, Nouyòk, an 1831. Yon manm klas la ta kapab fè tankou l se Joseph Smith epi li seksyon 37 la pou yo. Kijan nou tap reyaji a kòmandman sa a? Petèt manm klas la ta kapab imajine ke yo gen yon zanmi ki pa vle al rasanble nan Ohio a; yo te kapab chèche nan seksyon 38 la ki prensip ki tap kapab ankouraje zanmi sa a pou l ret fidèl a kòmandman pou yo rasanble a. (si nesesè, ou ta gen dwa dirije yo espesyalman nan vèsè 1–4, 11–12, 17–22, ak 27–33.) Gen manm nan klas la ki gen dwa dispoze pou yo pataje kijan menm kalite prensip yo te ede yo lè yo te bezwen obeyi yon kòmandman ki te sanble l difisil tou.

  • Yo pa kòmande Sen Dènye Jou yo pou yo demenaje al nan yon lòt kote pou yo rasanble ankò,, men nou ankò rasanble an fanmi, pawas, ak pye. Pou eksplore kesyon sa a, ou gen dwa divize klas la an de gwoup. Mande yon gwoup pou l sonde Doktrin ak Alyans 38:31–33 epi chèche benediksyon ki aplike a rasanble kòm fanmi, epi mande lòt gwoup la pou sonde menm menm pasaj la epi chèche benediksyon ki apike a rasanbleman kòm pawas ak pye. Apre sa, yo ta kapab pataje refleksyon yo avèk klas la. Kijan nou beni nan rasanble ansanm kòm yon klas Lekòldidimanch?

Doktrin ak Alyans 38:24–27

Pèp Bondye a dwe fè youn.

  • Sen ki te rasanble nan Ohio yo te soti anba divès kalite sikonstans, men Senyè a te kòmande yo pou yo te simonte diferans yo epi pou yo te “fè youn” (vèsè 27). Poukisa pafwa nou pa wè lòt moun kòm moun ki egal avèk nou? Ankouraje manm klas la pou yo medite sou kijan yo ka trete lòt moun pandan y ap li Doktrin ak Alyans 38:24–27 la. Kisa sa sa vledi pou n estime frè nou ak sè nou yo tankou pwòp tèt nou? Poukisa li enposib pou nou vrèman moun Bondye si nou pa ini?

  • Li Doktrin ak Alyans 38:24–27 ta kapab mennen nou nan yon diskisyon sou inite nan relasyon nou—kòm manm pawas, fanmi, etsetera. Videyo “Yon Zanmi pou Tout Moun” nan oubyen “Lanmou nan Kè Nou” an nan ChurchofJesusChrist.org ta ka ede. Pa egzanp, manm klas la ta kapab pataje deklarasyon oubyen enpresyon nan videyo a ki ede yo pi byen konprann prensip ki nan vèsè 24–27 yo. Yo ta kapab medite epi pataje panse yo sou yon kesyon tankou sa a tou; “Kisa nou kapab fè pou ede pawas nou an santi l pi ini?”

Doktrin ak Alyans 38:39; 39–40

Papa a vle ba nou richès letènite yo.

  • Fè yon tablo ta kapab ede manm klas la diskite Doktrin ak Alyans 38:39 la. Nan yon kolòn, manm klas la ta kapab mete lis “richès tè a,” oubyen bagay yo konsidere kòm valab isit la men ki pap dire nan lavi apre a. Nan lòt kolòn lan, yo ta kapab mete lis “richès letènite,” oubyen bagay ke Bondye bay valè e ki kapab dire pou tout tan. Ki eksperyans ki anseye nou ke richès letènite yo pi valab pase richès mond lan?

  • Menmjan ak anpil nan nou, James Covel te gen dezi ki te jis. Men lefèt ke l pa t obeyi direksyon Bondye te ba li a se yon avètisman enpòtan pou nou tout. Pou ede manm klas yo aprann nan eksperyans Covel la, ou ta kapab envite kèk nan yo chèche nan vèsè 39 la kisa Senyè a te di l pou l te fè. Lòt yo ta kapab chèche benediksyon Bondye te pwomèt li si l te obeyi. Yo ta gen dwa chèche nan vèsè 40 la pou yo dekouvri poukisa James Covel p at resevwa benediksyon sa yo. Kijan eksperyans li an kapab aplike a noumenm? Ki “sousi pou bagay mond lan” ki anpeche nou resevwa pawòl Bondye a “avèk kontantman ” pafwa? (Doktrin ak Alyans 40:2)

Amelyore ansèyman nou

Pa eseye kouvri tout bagay. “Gen anpil bagay pou diskite nan chak leson, men li pa nesesè pou w kouvri tout bagay nan yon sèl peryòd klas pou w touche kè yon moun—souvan youn oubyen de pwen kle sifi.” (Anseye nan Fason Senyè a, 7). Sentespri a, kòmantè manm klas yo, ak ide ki nan plan leson semèn nan kapab ede w konnen sou kisa pou w konsantre.