Doktrin ak Alyans 2021
29 Mas–4 Avril. Pak: “Se mwenmenm ki vivan an, se mwenmenm yo te touye a”


“29 Mas–4 Avril. Pak: ‘Se mwenmenm ki vivan an, se mwen menm yo te touye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“29 Mas–4 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Estati Kris la

29 Mas–4 Avril

Pak

“Se mwenmenm ki vivan an, se mwenmenm yo te touye a”

Anyen pa pi enpòtan pou nou konprann pase Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Panse a moun ki pral asiste klas ou yo; kisa ki ap ede yo apwofondi lafwa yo nan Jezikri?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pandan manm klas ou yo t ap etidye Doktrin ak Alyans ane sa a, yo kapab te jwenn kèk pasaj konsènan Sovè a ki siyifikatif pou yo. Kòmanse klas la nan ba yo opòtinite pou yo pataje pasaj sa yo. Kijan etid ou sou Doktrin ak Alyans te apwofondi lafwa nou nan Jezikri jiskisi?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jezikri te akonpli yon “ekspyasyon pafè.”

  • Paske ekspyasyon Jezikri a se yon doktrin ki tèlman esansyèl, anvizaje pase ase tan pou asire w ke manm klas yo konprann ni. Pou fè sa, ou ta kapab ekri sou tablo a kesyon tankou sa yo: Kisa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ye? Kijan li afekte lavi chak jou mwen? Kijan l afekte lavi etènèl mwwen? Kijan m resevwa pouvwa redanmtè Sovè a nan lavi m? Bay manm klas la kèk minit pou yo medite sou kesyon sa yo epi chèche ekriti ki kapab ede yo reponn yo. Manm klas la ta kapab ekri referans ekriti pa yo sou tablo a, epi ou ta kapab diskite kèk ladan yo kòm yon klas. Men kèk egzanp: Lik 22:39–44; 1 Jan 1:7; 2 Nefi 2:6–9; Mozya 3:5–13, 17–18; Alma 7:11–14; Mowoni 10:32–33; Doktrin ak Alyans 19:16–19; 45:3–5.

  • Sa ta bon anpil pou manm klas la gade videyo: “Sovè a soufri nan Jetsemane” a nan (ChurchofJesusChrist.org) anvan w li pwòp pawòl Sovè a konsènan soufrans li nan Doktrin ak Alyans 19:16–19. Kijan vèsè sa yo apowfondi apresyasyon nou pou sakrifis Jezikri a? Gen lòt videyo Pak ou ta kapab pataje ki sou lis ki nan seksyon “Resous Adisyonèl yo.”

    Imaj
    Jezi k ap priye

    Senyè Priyè a pa Yongsung Kim

Doktrin ak Alyans 76:11–14, 20–24; 110:1–10

Pwofèt Joseph Smith te temwaye ke Jezikri vivan.

  • Joseph Smith te wè Sovè resisite a epi li te rann yon temwayaj puisan ki di ke Jezikri vivan. Pou ede manm klas la etidye temwayaj Joseph Smith la, ou ta kapab divize yo an de gwoup epi bay chak gwoup tach pou yo li swa Doktrin ak Alyans 76:11–14, 20–24 swa 110:1–10. Envite chak manm klas la jwenn omwen yon mo nan vèsè sa yo ki dekri Sovè a. Manm klas la ta kapab, yo chak nan moman pa yo, ekri mo yo jwenn yo sou tablo a, epi ou ta kapab itilize mo sa yo pou w gide yon diskisyon konsènan atribi ak pouvwa Senyè a. Kijan temwayaj Joseph Smith la fòtifye lafwa nou nan divinite ak misyon Legliz Jezikri a.

  • Kèk nan manm klas la te petèt konekte ansèyman nan Doktrin ak Alyans yo avèk mo ak prensip ki nan kantik “Je sais quil vit, Mon Rédempteur” la (Cantiques, no. 73; gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Petèt yo tap dispoze pou yo pataje sa yo te dekouvri yo. Ou ta kapab li oubyen chante kantik sa a kòm klas tou epi chèche koneksyon l avèk ekriti sa yo: Doktrin ak Alyans 6:34; 45:3–5; 84:77; 98:18; 138:23. Kijan nou fè konnen ke Redanmtè nou an vivan?

Doktrin ak Alyans 29:26–27; 42:45–46; 63:49; 88:14–17, 27–31; 93:33–34

Akozde Jezikri, nou ap resisite.

  • Pou w ede manm klas la diskite kisa Doktrin ak Alyans anseye konsènan rezirèksyon an, ou ta kapab envite yo imajine ke yon zanmi oswa yon manm nan fanmi w mande kisa sa vle di pou moun resisite. Kijan nou ta kapab ede moun sa a konprann kisa rezirèksyon ye? Ankouraje manm klas la pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 88:14–17, 27–31 yon bagay ki ta kapab ede yo. Lòt ekriti referans enkli Alma 11:40–45 ak Alma 40:21–23. Kisa nou tap pataje pou ede zanmi nou an oswa manm fanmi nou an santi jwa ak espwa ki soti nan doktrin rezirèksyon an.

  • Kijan w ta kapab ede manm klas la kontanple kado rezirèksyon Senyè a? Petèt ou ta kapab ekri sou tablo a Gras ak Jezikri … epi envite manm klas la chèche nan pasaj sa yo mo ki ta kapab konplete fraz sa: Doktrin ak Alyans 29:26–27; 42:45–46; 63:49; 93:33–34. Kijan verite ki nan vèsè sa yo afekte fason nou wè lamò? Kijan yo afekte lavi chak jou nou?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Videyo sou Pak nan ChurchofJesusChrist.org.

“Li vivan: Temwayaj konsènan Jezikri”

“Paske l vivan”

“Gras avèk li”

“Alelouya—Yon mesaj Pak konsènan Jezikri”

“Non Sakre l la—Yon deklarasyon Pak”

“Paske Bondye sitèlman renmen mond lan”

Amelyore ansèyman nou

Ede manm klas la sonde ekriti yo. “Poze kesyon ki oblije manm klas la al chèche repons nan ekriti yo. …. Ede yo wè ke menm si gen anpil ane depi ekriti yo te ekri, yo gen repons Senyè a pou kesyon ak pwoblèm nou tout ap rankontre yo.” (Anseye nan Fason Senyèa, 30).