Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Mas. Doktrin ak Alyans 29: “Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a”


“22-28 Mas. Doktrin ak Alyans 29: ‘Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22-28 Mas. Doktrin ak Alyans 29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
Jezi kanpe devan moun ki ajenou

Tout Jenou Dwe Flechi pa J. Kirk Richards

22-28 Mas

Doktrin ak Alyans 29

Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a

Fason ki pi enpòtan pou w prepare pou anseye Doktrin ak Alyans 29 la se etidye l nan lapriyè epi chèche asistans Sentespri a. Panse a lòt mwayen pou w pou envite Lespri a nan lavi w, tankou jene, ale nan tanp, oubyen sèvi lòt moun.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Nan Doktrin ak Allyans 29:5, Senyè a te di Sen yo, “Leve kè nou epi kontan.” Ou ta kapab envite manm klas la pataje yon bagay ke yo te aprann nan etid pèsonèl yo oubyen nan etid familyal yo ki fè yo “Leve kè nou epi kontan.”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 29

Papa nou ki nan syèl la te prepare yon plan pou egzaltasyon nou.

  • Yon fason pou w ankouraje aprantisaj lakay se pou w bati sou aktivite ki nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Pa egzanp, ou ta kapab mete sou tablo a yon lis kèk pati nan plan sali a, tankou lavi premòtèl,, Kreyasyon an, Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, eksetera. Manm klas la ta kapab pataje sa yo aprann nan Doktrin ak Alyans 29 sou pati sa yo nan plan an. Ou ta kapab menm fè yo pataje sa yo tap anseye yon moun ki pa konnen anyen sou plan Bondye a apati de seksyon sa a.

Doktrin ak Alyans 29:1–8, 14–21

Jezikri ap rasanble pèp li anvan Dezyèm Vini l lan.

  • Pou ede manm klas la konprann poukisa Jezikri ap rasanble pèp li, ou ta kapab envite yo li vèsè 1–8 epi diskite kesyon konsènan rasanbleman an, tankou: Kijan nou te fè eksperyans kote Kris rasanble nou e pwoteje nou, menm jan yon manman poul rasanble e pwoteje ti poul li? Kijan nou rasanble pou Sovè a? (gade, pa egzanp, vèsè 2). Manm klas la ta kapab pataje kijan yo te beni poutèt yo te rasanble e adore avèk lòt manm yo nan Legliz la.

    Imaj
    Manman poul ak ti pousen.

    Konbyen Fwa, pa Liz Lemon Swindle

  • Pou ede manm klas la panse konsènan responsablite yo pou yo ede Pè Selès la rasanble pitit li yo, ou ta kapab pataje pawòl Prezidan Russell M. Nelson yo nan “Resous Aditionèl yo.” Oubyen ou ta kapab pase videyo “Yon Temwen Bondye” a ki nan (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann konsènan rasanbleman an nan mesaj sa yo? Kijan mesaj sa yo ranfòse sa Senyè a di nan Doktrin ak Alyans 29:1–8 la?

  • Kèk nan evenman dènye jou yo ke yo dekri nan Doktrin ak Alyans 29:14–21 yo gen dwa yon ti jan twouble manm klas la yo. Kite yo pataje kijan yo santi yo. Poukisa Senyè a avèti nou konsènan evénman sa yo? Ki verite rasiran nou aprann konsènan Sovè a ak rasanbleman an nan vèsè 1–8? Kijan rasanbleman an ede nou tann evenman sa yo avèk lafwa olye de krent? Kòm yon pati nan diskisyon w lan, ou ta kapab chante yon kantik konsènan rasanbleman, tankou “Israel, ton Dieu T‘appelle” ( nimewo 6), epi diskite kisa kantik la anseye osijè de rasanbleman Izrayèl la.

Doktrin ak Alyans 29:34–35

Tout kòmandman Senyè a espirityèl.

  • Menm si kèk kòmandman kapab sanble yo tanporèl, tout kòmandman yo espirityèl pou Senyè a. Pou konprann verite sa a, manm klas la ta kapab li ansanm vèsè 34–35 epi fè yon lis kèk kòmandman sou tablo a, ansanm avèk prensip espirityèl ak benediksyon ki lye avèk yo chak. Yo ta kapab pataje egzanp ki soti nan lavi yo oubyen nan ekriti yo ki te ede yo wè nati espirityèl kòmandman Bondye yo. Kijan aktivite sa a afekte fason ou wè kòmandman yo?

Imaj
Senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Doktrin ak Alyans 29

Patisipe nan Rasanbleman Izrayèl la.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Asireman nou nan dènye jou yo, epi Senyè a ap akselere travay li pou rasanble Izrayèl. Rasanbleman sa a se bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste. Si nou chwazi, si nou vle, nou kapab jwe yon gwo wòl ladan l. Nou kapab vin yon gwo pati nan yon bagay ki gwo, yon bagay ki gran, yon bagay ki majestye!

“Lè nou pale de rasanbleman an, nou tou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: Chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal la, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a. Yo deside pou tèt pa yo si yo vle konn plis.”. …

“Papa nou ki nan Syèl la te rezève anpil espri nòb—petèt, m ta kapab di, pi bon ekip li a—pou faz final sa a. Espri nòb sa yo—pi bon jwè sa yo, ewo sa yo—se nou!!” (“Espwa Israèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], ChurchofJesusChrist.org).

Amelyore ansèyman nou

Anseye klèman e senpleman. Olye pou w eseye amize klas ou a, anseye doktrin nan klèman e senpleman. Antanke enstriktè levanjil, ou ka asire w ke “predikasyon pawòl Bondye a” gen yon “pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase … tout lòt bagay” (Alma 31:5).