Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26: “Fòtifye Legliz la”


“8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26: ‘Fòtifye Legliz la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Emma Smith

8–14 Mas

Doktrin ak Alyans 23–26

“Fòtifye Legliz la”

Anvan w li plan sa a, li Doktrin ak Alyans 23–26 epi medite sou prensip ou santi ki pral fòtifye manm klas ou a. Apre sa, reflechi sou ki resous ki pral ede w anseye, enkli sa ke yo sigjere nan plan sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ki benediksyon nou resevwa lè nou “konsakre tan [nou] pou nou etidye ekriti yo”? (Doktrin ak Alyans 26:1). Kijan nou santi Lespri a nan fwaye nou yo? Petèt manm klas la ta kapab pataje kijan yo te simonte obstak oswa distraksyon pou yo konsakre tan yo pou yo etidye ekriti pèsonèl ou familyal.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 23–26

Nou tout kapab fòtifye Legliz la.

  • Ou gen dwa vle eksplore avèk manm klas la kisa “egzòte legliz la” vle di (Doktrin ak Alyans 25:7). Petèt yon moun ta kapab pataje definisyon diksyonè bay pou mo egzòte a oubyen egzanp egzòtasyon yo konn wè. Ki opòtinite nou genyen pou nou youn egzòte lòt? Kijan sa fòtifye Legliz la? Ki lòt bagay nou aprann nan Doktrin ak Alyans 23–26 ki kapab ede nou fòtifye Legliz la? Ou ta kapab diskite kijan prensip sa yo aplike a fòtifye fwaye nou tou. Pou aplike prensip sa yo a efò sèvis pastoral nou yo, ou ta kapab pase an revi kèk pati nan mesaj Sè Bonnie H. Cordon lan “Vin Tounen Yon Bèje” (Ensign ou Lyawona, Nov. 2018, 74–76).

Doktrin ak Alyans 24

Sovè a kapab leve nou “sòti nan afliksyon nou yo.”

  • Senyè a te bay revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 24 la pou “pou fòtifye, ankouraje, ak enstwi” Joseph ak Oliver pandan yon moman eprèv (entwodiksyon seksyon Doktrin ak Alyans 24; gade tou nan Sen yo 1:94–96). Ou ta kapab envite klas la pou yo chèche nan seksyon sa a prèv ki montre ke Senyè a te okouran de sitiyasyon Joseph ak Oliver. Kijan Senyè a te reponn ak bezwen Joseph yo? Kijan l fè menm bagay la jodi a? Anvizaje mande manm klas la pou yo pataje eksperyans yo kote yo konn santi ke Senyè a te okouran de sikonstans pèsonèl yo epi li te leve yo sòti nan afliksyon yo.

    Imaj
    Jezikri ap geri moun

    Li te geri anpil kalite maladi, tablo J.Kirk Richards

Doktrin ak Alyans 25

Emma Smith se “yon dam chwazi.”

  • Pou ede manm klas la jwenn bagay ki konsène yomenm pèsonèlman nan revelasyon Senyè a te bay Emma Smith la, konsidere aktivite sa a: Mande mwatye nan klas la pou yo chèche nan seksyon 25 lan bagay Senyè a te mande Emma pou l fè yo, epi mande lòt mwatye a pou yo chèche bagay Senyè a te pwomèt li tap fè yo. Envite yo pou yo fè yon lis sa yo jwenn epi pou youn pataje l avèk lòt. Kèk manm klas la ta kapab pataje prensip ki espesyalman siyifikatif pou yo.

  • Ki mo ak fraz nan seksyon 25 lan ki sipòte sa Senyè a te di Emma Smith la, “Ou se yon dam chwazi”? (vèsè 3). Manm klas la ta kapab diskite sou kijan Emma te viv prensip revelasyon sa a tou. Gen kèk resous itil ki gen ladan yo videyo “Yon Dam Chwazi” (ChurchofJesusChrist.org), “Ou Se Yon Dam Chwazi” (Revelasyon nan Kontèks, 33–39), ak “Vwa Restorasyon an” nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

  • Dapre Doktrin ak Alyans 25:11–12, ki pozisyon Senyè a konsènan mizik sakre? Petèt klas la ta kapab diskite divès fason pou yo itilize kantik pou envite Lespri a nan fwaye yo.

Doktrin ak Alyans 25:5–14

Nou ta dwe chèche gen “lespri ki ranpli avèk imilite.”

  • Senyè a te konseye Emma pou l “kontinye nan yon lespri ki ranpli avèk imilite” (Doktrin ak Alyans 25:14; gade nan vèsè 5 la tou). Pou eksplore kisa sa tap vle di, ou ta kapab ekri Dousè sou tablo a epi envite manm klas la pou yo ekri bò kote l a kisa mo a fè yo panse. Apre sa yo ta kapab chèche nan seksyon 25 la mo ak fraz yo santi ki gen rapò avèk dousè epi apre sa pataje sa yo jwenn nan. Anvizaje pataje deklarasyon Èldè David A. Bednar la nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Poukisa li enpòtan pou moun dou?

Doktrin ak Alyans 25:10, 13

Nou ta dwe chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon.

  • Pou ede manm klas la aplike konsèy Senyè a pou “mete bagay ki nan mond sa a sou kote, epi chèche bagay ki pou yon [mond] ki pi bon” an (Doktrin ak Alyans 25:10), ou ta kapab mande yo pou yo fè yon lis egzanp “bagay ki nan mond sa a ” ak egzanp “bagay ki pou yon [mond] ki pi bon.” Ki konsèy nou youn ka pataje avèk lòt pou ede nou mete aksan sou bagay ki etènèl yo? Kijan konsèy ki nan vèsè 13 la konekte avèk bi sa a?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Dousè se fòs.

Èldè David A. Bednar te eksplike: “Moun mal entèprete kalite dousè ki se dousè Kris la souvan nan mond kounyeya. Dousè vle di fò, pa fèb; aktif, pa pasif; kouraje, pa timid; modere, pa eksesif; modès, pa ap fè lwanj pou pwòp tèt li; janti, pa enpètinan. Yon moun ki dou se yon moun ki pa pran nan pwovokasyon fasil, ki pa pretansye, ki pa otoritè, e ki fasilman rekonèt akonplisman lòt moun.” (“Dou ak Enb nan kè,” Ensign ou Lyawona, Me 2018, 32).

Amelyore ansèyman nou

Temwaye konsènan benediksyon Senyè a pwomèt yo. Lé w envite manm klas la aji sou sa yo ap aprann nan, rann temwayaj konsènan benediksyon Bondye pwomèt yo (gade nan Anseye nan fason Sovè a 35).