Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20–22: “Monte Legliz Kris la”


“1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20–22: Monte Legliz Kris la Vini, Suiv wen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Mas. “Doktrin ak Alyans 20–22” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Kay Peter Whitmer

Kay Peter Whitmer pa Al Rounds

1–7 Mas

Doktrin ak Alyans 20–22

“Monte Legliz Kris la”

Ekri enpresyon espirityèl ou resevwa pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 20–22a. Kèk nan enpresyon sa yo kapab mennen nan ide ki ap ede w lè w ap anseye.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pandan etid yo lakay yo, manm klas la kapab te gen ide konsènan benediksyon yo resevwa akoz de vrè Legliz la ki sou tè a. Envite yo pataje yon pasaj nan seksyon sa yo ki montre poukisa yo rekonesan pou retablisman Legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 20–21

Legliz Jezikri a retabli.

  • Manm klas la kapab tire pwofi nan etidye resanblans ki egziste ant Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak legliz Kris la te etabli nan tan lontan an. Ou ta kapab trase sou tablo a yon dyagram kat kolòn ki gen kòm tit Dokrin, Òdonans, Otorite Prètriz, ak Pwofèt. Ou ta kapab bay referans sa yo konsènan Legliz Kris la nan ansyen tan yo: Matye 16:15–19; Jan 7:16–17; Efezyen 2:19–22; 3 Nefi 11:23–26; Mowoni 4–5. Manm klas la ta kapab idantifye kisa chak pasaj anseye konsènan Legliz Jezikri a epi ekri referans lan nan kolòn apwopriye a sou tablo a. (Kèk referans ta kapab aplike a plis pase yon kolòn.) Yo ta kapab fè menm bagay la pou referans sa yo konsènan Legliz retabli a: Doktrin ak Alyans 20:17–25, 60, 72–79; 21:1–2. Kisa w aprann konsènan Retablisman Legliz Jezikri a apati de konparezon sa a?

Doktrin ak Alyans 20:37, 75–7922.

Òdonans sakre yo ede nou vin tankou Sovè a.

  • Bay manm klas la tan pou yo etidye kalifikasyon pou batèm ki dekri nan Doktrin ak Alyans 20:37 la, epi mande yo medite sou kesyon tankou sa yo: Kijan kalifikasyon sa yo ede nou prepare nou pou nou batize nan Legliz Senyè a. Kisa pran non Jezikri sou nou vle di? (gade nan Mozya 5:5–12). Kisa ki ede w mentni “detèminasyon w pou w sèvi [Jezikri] jiskalafen”?

  • Kisa seksyon 22 a anseye sou batèm? Mande manm klas la pou yo imajine yo gen yon zanmi ki te batize nan yon lòt legliz. Yo ta kapab li seksyon sa a pou yo ka jwenn konsèy pou ede zanmi yo a konprann poukisa batèm nan Legliz retabli Jezikri a nesesè. Manm klas la ta kapab fè yon mizansèn kòm yon klas oubyen pa pè (gwoup 2 moun).

  • Li Doktrin ak Alyans 20:75–79 ansanm, epi envite manm klas la reflechi sou sa vèsè sa yo anseye konsènan Sovè a ak pouvwa l nan lavi nou. Ki mo oubyen fraz ki frape nou lè nou li priyè Sentsèn nan fason sa a? Poukisa li enpòtan pou moun pran sentsèn chak semèn?

    Imaj
    Dyak ki ap distribye Sentsèn

    Sentsèn nan se yon òdonans sakre.

Doktrin ak Alyans 20:38–60

Sèvis prètriz beni manm Legliz la ak fanmi yo.

  • Deskripsyon devwa prètriz nan Doktrin ak Alyans 20:38–60 yo ta kapab ede manm klas ou a elaji konpreyansyon yo sou sèvis prètriz. Petèt ou ta kapab envite yo imajine ke yon zanmi ki te batize resamman oubyen yon manm fanmi w pral òdone nan yon ofis nan prètriz la. Kijan yo tap itilize vèsè sa yo pou yo ede l konprann devwa li? Ki egzanp yo tap pataje pou ede l konprann kijan ranpli devwa sa yo kapab ede l vin plis sanble avèk Jezikri? Petèt yo ta kapab fè yon mizansèn avèk konvèsasyon sa a.

    Epi tou, kijan yo ta kapab itlize vèsè sa yo pou ede yon sè ki fèk batize wè kijan li kapab patisipe nan travay yo dekri la a. Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka ede.

Doktrin ak Alyans 21:4–7

Nou beni lè nou resevwa Senyè a atravè pwofèt li a.

  • Doktrin ak Alyans 21 genyen ladan l deklarasyon puisan sou kesyon suiv pwofèt Senyè a. Ede manm klas la medite ak diskite sou deklarasyon sa yo, mande yo pou yo chèche nan vèsè 4–7 yo yon fraz yo ta renmen konprann pi byen epi ekri fraz la sou tablo a. Chwazi kèk nan fraz yo, epi diskite kòm yon klas kisa yo ta kapab vle di. Kisa fraz sa yo anseye nou sou suiv pwofèt Senyè a?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Nou tout travay avèk pouvwa prètriz la.

“Gason òdone pou ofis nan prètriz la, pandan ke ni gason ni fi resevwa envitasyon pou yo fè eksperyans pouvwa ak benediksyon prètriz la nan lavi yo.

“… [Fi] preche ak priye nan kongregasyon yo, yo ranpli anpil pozisyon dirijan ak sèvis, yo patisipe nan konsèy prètriz nan nivo lokal ak jeneral, epi yo sèvi misyon pwozelitis fòmèl toupatou sou tè a. Fi yo egzèse otorite prètriz la fason sa yo ak lòt fason ankò menm si yo pa òdone nan ofis prètriz. …

“… Nan apèl eklezyastik yo, òdonans nan tanp, relasyon familyal, ak ministè endividyèl trankil, Sen ak Sent Dènye Jou yo avanse avèk pouvwa ak otorite prètriz la. Entèdepandans sa a ant gason ak fi nan akonplisman travay Bondye a atravè pouvwa l la nan sant levanjil Jezikri a” (Gospel Topics, “Joseph Smith’s Teachings about Priesthood, Temple, Women,” topics.ChurchofJesusChrist.org).

Amelyore ansèyman nou

Nou aprann ansanm. Antanke enstriktè, w ap aprann ansanm avèk rès klas ou a. Montre volonte w pou w apran nan men yo pandan w koute ide yo.