Doktrin ak Alyans 2021
15–21. Mas. Doktrin ak Alyans 27–28: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”


“15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27–28: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27–28:,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Joseph Smith

15–21 Mas

Doktrin ak Alyans 27–28

“Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”

Malgre evénman ki te pwovoke revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 27–28 yo te rive nan yon epòk diferan ak yon kote diferan, prensip yo anseye nan seksyon sa yo valab pou jounen jodia. Ki prensip ki ta kapab beni manm klas ou yo nan sitiyasyon y ap afwonte yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas la kèk minit pou yo revize Doktrin ak Alyans 27–28 epi jwenn yon vèsè oswa yon fraz yo twouve ki siyifikatif. Pou bay chak moun yon opòtinite pou yo pataje, ou ta kapab divize manm klas la de pa de pou yo ka pataje sa yo jwenn.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 27:1–2

Nou ta dwe pran sentsèn nan sèl entansyon pou laglwa Bondye.

  • Pou ankouraje diskisyon konsènan Doktrin ak Alyans 27:1–2a, anvizaje ekri yon kesyon tankou sa a sou tablo a: Kisa Sovè a te anseye nou konsènan bi sentsèn nan? Manm klas la ta kapab chèche fraz nan vèsè sa yo ki ede yo reponn kesyon an. Yo gen dwa dispoze pou yo pataje enpresyon yo resevwa sou kijan pou yo fè yon eksperyans pi sakre lè y ap pran sentsèn.

    Manm klas kapab jwenn lòt ide si yo li sa Sovè a te di lè li t ap enstitye sentsèn nan (gade nan Lik 22:19–20; 3 Nefi 18:1–11; gade videyo “Dènye Soupe a” tou nan ChurchofJesusChrist.org). Si Sovè te prezan nan reyinyon sentsèn an, kisa nou ta kapab fè yon lòt jan?

    Imaj
    pen ak kèp sentsèn

    Sentsèn nan gen ladan l senbòl sakrifis Sovè a.

Doktrin ak Alyans 27:15–18

Zam Bondye yo ap pwoteje nou kont mal.

  • Kijan w kapab ede manm klas la konprann kijan pou yo itilize zam Bondye yo pou reziste kont mal jounen jodi a? Anvizaje mande yon moun pou l desine sou tablo a zam ke yo dekri nan vèsè 15–18 la. Apresa, manm klas yo ta kapab pataje nenpòt ide ke yo te dekouvri nan etid pèsonèl yo konsènan pyès zam yo. Oubyen klas la ta kapab li Doktrin ak Alyans 27:15–18 epi mete non divès pati zam yo sou tablo a ak pati nan kò nou yo pwoteje. Kisa sa vledi pou nou mete zam Bondye yo sou nou? Petèt manm klas la ta kapab pale de jan Senyè a pwoteje nou kont mal lè nou mete zam Bondye yo sou nou.

  • Si w ap anseye jèn, ou gen dwa vle konekte Doktrin ak Alyans 27:15–18 avèk nòm ki nan Pou Fòs Jèn Yo. Pa egzanp, manm klas la ta kapab li vèsè yo epi diskite poukisa nou bezwen zam Bondye yo. Apre sa, yo ta kapab travay de pa de epi repase youn nan prensip ki nan Pou Fòs Jèn yo. Kisa nou aprann nan sous sa yo konsènan atak Satan lanse kont nou yo? Kijan zam Bondye yo ede nou reziste anba atak sa yo? Kijan nou ka mete zam Bondye yo sou nou?

Doktrin ak Alyans 28

Pwofèt vivan an resevwa revelasyon pou Legliz Senyè a.

  • Pou ede manm klas la aprann wòl pwofèt la, ou ta kapab revize eksperyans ki te fè Joseph Smith priye epi resevwa seksyon 28 la (gade nan antèt seksyon an), epi apre sa ou ta kapab li vèsè 2–3, 6–7, 11–13. Kijan Satan eseye konvenk nou pou nou suiv moun ke Senyè a pa t chwazi? Ou ta kapab envite manm klas la pataje eksperyans ki te fòtifye temwayaj yo ke pwofèt la resevwa revelasyon pou Legliz la.

  • Yon fason pou manm klas la revize Doktrin ak Alyans 28 se ta imajine ke yo konnen yon moun ki te fèk sot resevwa yon nouvo apèl nan Legliz la. Ki bagay nan Doktrin ak Alyans 28:1–6, 13–16 ke nou ta kapab pataje pou ede moun sa a nan apèl li a? Sitasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab ajoute ide pou diskisyon an.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Konsèy konsènan revelasyon pèsonèl.

Prezidan Josph F. Smith ak konseye l yo nan Premye Prezidans lan te anseye:

“Lè vizyon, rèv, lang, pwofesi, enpresyon oubyen nenpòt don oswa enspirasyon ekstrawòdinè eksprime yon bagay ki pa an amoni avèk revelasyon ke Legliz asepte oswa ki kontrè a desizyon otorite konstitye l yo, Sen Dènye Jou yo kapab konnen ke li pa sòti nan Bondye, kèlkeswa jan li ka parèt reyèl. …. Nan zafè tanporèl osibyen ke nan zafè espirityèl, Sen yo gen dwa resevwa konsèy diven ak revelasyon ki afekte yomenm, men sa pa ba yo otorite pou yo dirije lòt moun.

“Istwa Legliz la rakonte anpil swadizan revelasyon ke kèk enpostè oswa fanatik ki te kwè nan manifestasyon yo t ap chèche pou yo te fè lòt moun aksepte, epi nan chak ka, rezilta a sete desepsyon, tristès ak dezas ” (Joseph F. Smith, Anthon H. Lund, Charles W. Penrose, “A Warning Voice,” Improvement Era, Sept. 1913, 1148–49).

Amelyore ansèyman nou

Konsantre sou vrè doktrin. Prezidan Boyd K. Packer te anseye, “Vrè doktrin chanje atitid ak konpòtman lè moun konprann yo.” (“Pa pè,” Ensign oswa Lyawona, Me 2004, 79). Lè n ap anseye, nou dwe konsantre sou ansèyman Jezikri yo si nou vle ede pote nanm ba li.