Ekriti yo
1 Nefi 4


Chapit 4

Nefi touye Laban sou kòmandman Senyè a e li pran plakderen yo avèk trik—Zoram chwazi pou l ale jwenn fanmi Leyi nan dezè a. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, m te pale avèk frè m yo, m di: An nou monte Jerizalèm ankò, epi an nou rete afidèl nan respekte kòmandman Senyè a; paske gade li pi fò pase tout tè a, poukisa li pa ta bpi fò pase Laban avèk senkant moun li yo, wi menm pase dizèn milye li yo?

2 Se poutèt sa an nou monte; an nou a tankou bMoyiz; paske li te reyèlman pale avèk dlo cLanmè Wouj la epi dlo a te fann an de pati, epi zansèt nou yo te pase pou sòti nan kaptivite, sou tè sèch, epi lame Farawon yo te suiv yo epi yo te nwaye anba dlo Lanmè Wouj la.

3 Kounyeya gade nou konnen se verite; epi tou nou konnen yon azanj te pale avèk nou; se sa ki fè, èske nou kapab doute? An nou monte; Senyè a kapab delivre nou, menm jan li te delivre zansèt nou yo, e pou l detwi Laban, menm jan li te detwi Ejipsyen yo.

4 Lè m te fin di pawòl sa yo, yo te toujou fache, e yo te kontinye plenyen; men yo te suiv mwen jistan nou te rive deyò miray Jerizalèm yo.

5 Epi se te nan nuit; e m te fè yo kache kò yo deyò miray yo. Epi lè yo te fin kache kò yo, mwen menm Nefi, m te glise kò m nan vil la e m te ale nan direksyon kay Laban.

6 Epi Lespri a te adirije m, san m pa bkonnen anvan ki sa m ta dwe fè.

7 Men, m te ale kanmèm, e lè m te rive kay Laban an, m te wè yon nonm, e li te tonbe atè devan m, paske li te sou anba tafya.

8 Epi lè m te ale kote l m te wè se te Laban.

9 M te gade aepe li a, e m te retire l nan fouwo a; e manch la te fèt avèk bon lò, epi modèl la te rafine anpil, e m te wè lam nan te fèt avèk metal pi chè ki te kapab genyen.

10 Epi, se te konsa, Lespri a te aoblije m pou m ta touye Laban; men nan kè m, m te di: M pa janm koule san moun nan lavi m. M te fè bak e m pa t anvi touye l.

11 Epi Lespri a te di m ankò: Ou wè, aSenyè a livre l nan men w. Wi, epi tou m te konnen li te chèche detwi lavi pa m; wi e li pa vle obeyi kòmandman Senyè a; epi tou li te bpran byen nou yo.

12 Epi, se te konsa, Lespri a te di m ankò: Touye l, paske Senyè a livre l nan men w;

13 Gade, Senyè a atouye bmechan an pou l kapab akonpli zèv jistis li. Li cpi bon pou yon nonm ta peri pase pou yon nasyon ta dejenere nan enkwayans e pou l peri.

14 Kounyeya, lè mwen menm Nefi, m te tande pawòl sa yo, m te sonje pawòl yo Senyè a te pale m nan dezè a, lè l te di: aToutotan desandan w yo respekte bkòmandman m yo y ap cpwospere nan dtè pwomiz la.

15 Wi, epi tou m te panse yo pa t ap kapab respekte kòmandman Senyè a daprè lwa Moyiz la, si yo pa gen lwa Moyiz la.

16 Epi tou m te konnen alwa a te ekri sou plakderen yo.

17 Epi ankò, m te konnen Senyè a te livre Laban nan men mwen pou rezon sa a pou m kapab pran rejis yo daprè kòmandman li yo.

18 Se poutèt sa m te obeyi vwa Lespri a, e m te pran Laban nan cheve l, epi m te koupe tèt li avèk aepe l la.

19 Epi lè m te fin koupe tèt li avèk epe pa l, m te pran rad Laban an e m te mete l sou mwen; wi, tout abiman l yo nèt; e m te tache boukliye li a nan ren mwen.

20 Epi lè m te fin fè sa, m te ale nan kòfrefò Laban yo. Epi pandan m t ap ale nan direksyon kòfrefò Laban yo, menm moman an, m wè asèvitè Laban an ki te gen kle kòfrefò yo. Epi m te kòmande l, nan vwa Laban, pou l ale avèk mwen nan kòfrefò yo.

21 Epi li te konprann m se mèt li a, Laban, paske li te wè rad ak epe li ki te tache nan ren mwen.

22 Epi li te pale avèk mwen konsènan ansyen ki nan pami Juif yo, paske li te konnen mèt li a, Laban te ale nan nuit la nan pami yo.

23 Epi tou m pale avèk li tankou se te Laban.

24 Epi tou m te di l m dwe pote ekriti ki sou aplakderen yo, bay gran frè m yo ki te lòtbò miray yo.

25 Epi tou m te mande l pou l suiv mwen.

26 Epi li te konprann m t ap pale konsènan frè legliz yo, e reyèlman m te Laban sa a mwen te touye a, se poutèt sa li te suiv mwen.

27 Epi li te pale avèk mwen anpil fwa konsènan ansyen ki nan pami Juif yo, pandan m t ap ale kote frè m yo ki te lòt bò miray yo.

28 Epi, se te konsa, lè Laman te wè m, li te pè anpil, ni Lemyèl, ni Sam tou e yo te kouri devan prezans mwen. Paske yo te panse se te Laban, ki te touye m epi ki te vle detwi lavi yo tou.

29 Epi, se te konsa, m te rele yo, e yo te tande m; se poutèt sa yo te sispann kouri devan prezans mwen.

30 Epi, se te konsa, lè sèvitè Laban an te wè frè m yo li te kòmanse tranble, e li t apral kouri devan m pou l retounen nan vil Jerizalèm nan.

31 Epi mwen menm, Nefi, m te yon gwo gason, epi tou m te resevwa anpil afòs nan men Senyè a, konsa m te mete men sou sèvitè Laban an, e m te kenbe l pou l pa sove.

32 Epi, se te konsa, m te pale avèk li, m di l konsa si li koute pawòl mwen, menm jan Senyè a vivan an e menm jan m vivan an, se menm jan sa a si li koute pawòl nou, konsa n ap epaye lavi l.

33 Epi m te di li, menm avèk asèman, li pa bezwen pè; l ap ka yon nonm lib tankou nou, si l ta desann nan dezè a avèk nou.

34 Epi tou m te pale avèk li, m di: Asireman Senyè a te akòmande nou pou nou fè bagay sa a; èske nou pa dwe respekte kòmandman Senyè a yo avèk dilijans? Konsa, si w desann nan dezè a kote papa m w ap gen plas pa w avèk nou.

35 Epi, se te konsa, aZoram te pran kouraj nan pawòl m te pale yo. Non sèvitè a se te Zoram; e li te pwomèt li t ap desann nan dezè a kote papa nou. Wi epi tou li te fè nou sèman l ap rete avèk nou depi lè sa a.

36 Nou te vle pou l rete avèk nou pou rezon sa a pou Juif yo pa konnen nou te sove pou ale nan dezè a, pou yo pa suiv nou epi pou yo pa detwi nou.

37 Epi, se te konsa, lè Zoram te fin fè asèman ba nou, krent nou te sispann konsènan li.

38 Epi, se te konsa, nou te pran plakderen yo ak sèvitè Laban an e nou te ale nan dezè epi nou te vwayaje pou ale nan tant papa nou an.