Doktrin ak Alyans 2021
7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63: “Bagay ki Soti Anlè yo Sakre”


“7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63: : ‘Bagay yo ki Soti Anlè a Sakre,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Jaden nan Missouri

Springhill, konte Daviess, Missouri, pa Garth Robinson Oborn

7–13 Jen.

Doktrin ak Alyans 63

“Bagay ki Soti Anlè yo Sakre”

Ekri enpresyon w resevwa yo pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 63 a. Yon enpresyon ka sanble piti, men tankou yon semans, li ka grandi pou vin tounen yon bagay siyifikatif ak pwodiktif pandan w ap kontinye sonde ak medite.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede santre diskisyon w lan sou pasaj manm klas la panse ki gen plis enpòtans yo, ou ta ka envite yo pou yo ekri sou kèk fèy papye kèk nan vèsè yo seksyon 63 a yo ta renmen diskite. Apresa ou ta ka rasanble papye yo epi kòmanse diskite sou vèsè ke plizyè moun te sigjere yo. Mande yo pou yo pataje poukisa yo te chwazi vèsè sa a yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 63:7–12

Siy yo vini pa lafwa ak volonte Bondye.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou prensip ki te anseye yo nan Doktrin ak Alyans 63:7–12 la, li ta ka ede si w ta repase kèk nan egzanp yo nan ekriti yo sou moun ki te temwen siy oswa mirak yo. Petèt manm klas la ta ka reflechi sou egzanp sou moun ke lafwa yo te fòtifye pa yon siy (gade, paegzanp, Like 1:5–20, 59–64) oswa sou moun ki te bwonche apre yo te temwen yon siy (gade, paegzanp, 1 Nefi 3:27–31; Alma 30:43–56). Manm klas la ta ka apresa itilize sa yo aprann nan Doktrin ak Alyans 63:7–12 pou eksplike diferan reyaksyon sa yo devan siy yo. Oubyen ou ta ka repase lòt pasaj ekriti konsènan siy yo, tankou sa yo ki nan lis ki anba“Siy” nan Gid pou Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kijan nou ka asire nou ke nou pa p chèche ni repoze sou siy yo kòm yon fondasyon pou lafwa nou.

Doktrin ak Alyans 63:13–16

Chastete vledi konsève panse nou ak aksyon nou pwòp.

  • Malgre pi fò nan Doktrin ak Alyans 63:13–16 la pale sou adiltè espesifikman, prensip ki anseye yo gen rapò ak nenpòt vyolasyon sou lwa chastete a. Anvizaje envite manm klas la pou yo idantifye konsekans yo ki dekri nan Doktrin ak Alyans 63:13–16la. Yo ta ka menm prepare pannkat “fè atansyon” oswa avètisman sou (vèsè 15) ki avèti sou konsekans sa a yo. Yo ta ka diskite tou kisa yo panse konsekans sa a yo vledi. Paegzanp, poukisa kraze lwa chastete a ta ka lakòz ke jijman tonbe sou yon moun “tankou yon pyèj” (vèsè 15)? Poukisa Senyè a te ba nou konsèy pou nou “repanti rapid” (vèsè 15) pou peche seksyèl? (gade deklarasyon Sè Linda S. Reeves la nan “Resous Adisyonèl yo”).

  • Li nan Doktrin ak Alyans 63:16 ta ka mennen nan yon diskisyon konsènan enfliyans dominan pònografi genyen nan sosyete nou an. Kijan avètisman yo ki nan vèsè 13 la konekte avèk pwoblèm sa a? (Malgre revelasyon sa a fè referans espesifikman ak gason ki konvwate fi yo, avètisman sa yo aplike a tout moun.) Kisa nou ka fè pou pwoteje tèt nou ak moun nou renmen yo kont pònografi? Manm klas la ka gen dezi pou bay youn lòt konsèy. Sit entènèt AddressingPornography.ChurchofJesusChrist.org ka bay espwa ak èd pou tout moun ki petèt gen difikilte avèk pònografi.

    Imaj
    gason ak fi tou pre yon tanp

    Nou jwenn benediksyon lè nou respekte lwa chastete a.

Doktrin ak Alyans 63:58–64

Bagay sakre yo ta dwe trete avèk reverans.

  • Ansam ak klas la ou ta ka diskite Doktrin ak Alyans 63:58–64 kòm yon avètisman kont pran non Senyè a anven, epi kèk nan resous yo nan atik ki rele “Pwofanite” (topics.ChurchofJesusChrist.org) ta ka ranfòse kalte diskisyon sa. Ou ta ka ede manm klas la tou pou yo aplike vèsè sa a yo pi jeneralman. Paegzanp, ou ta ka diskite kisa pasaj “pa gen okenn otorite” a nan (vèsè 62) la ajoute nan konpreyansyon nou sou pasaj la. Manm klas la ta ka drese yon lis tou sou lòt bagay sakre ki vini “soti anwo,” oswa soti nan Bondye. Kisa sa vledi pou pale sou bagay sa a yo “avèk prekosyon”? (vèsè 64).

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Chastete kalifye nou pou Sentespri a toujou rete avèk nou.

Sè Linda S. Reeves, ansyen manm nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou, te anseye:

“Mwen pa konnen anyen ki pral kalifye nou pou Sentespri an toujou rete avèk nou pase vèti. …

“Lè nou enplike nan gade, li, oswa fè eksperyans ak nenpòt bagay ki pi ba pase prensip Pè Selès la te tabli yo, sa afebli nou. Kelkeswa laj nou, si sa nou gade, li, tande, oswa chwazi pou nou fè pa satisfè prensip yo Senyè a tabli nan Pou Fòs Jèn yo, fèmen li, dechire li, voye l jete, epi klake pòt la. …

“… Mwen kwè si chak jou nou ta ka sonje ak rekonèt pwofondè amou Pè Selès nou an ak Sovè nou an gen pou nou, nou t ap dispoze pou n fè tout sa yo mande nou pou n retounen nan prezans yo ankò, antoure pa amou yo etènèlman” (“Diy pou Bendiskyon ki Pwomèt pou nou yo,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2015, 10–11).

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik sakre. Mesaj nan kantik ak chan yo ki nan Chants pour les Enfants ka ranfòse doktrin nan w ap anseye nan ekriti yo. Paegzanp, chante yon chan konsènan louwanj pou non Bondye, tankou “Gloire au Dieu Tout Puissant” (Hymne, no. 67), ta ka ranfòse mesaj ki nan Doktrin ak Alyans 63:58–64 la.