Doktrin ak Alyans 2021
14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66: “Senyè a mande yon Kè ak Yon Lespri Byen Dispoze”


“14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66: ‘“Senyè a mande yon Kè ak Yon Lespri Byen Dispoze”,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
yon jaden lè solèy ap leve

Daviess County, Missouri

14–20 Jen.

Doktrin ak Alyans 64–66

“Senyè a mande yon Kè ak Yon Lespri Byen Dispoze”

Pandan etid ou semèn sa a, reflechi nan lapriyè sou ki prensip nan Doktrin ak Alyans 64–66 yo ki ta ka ogmante lafwa ak konesans manm yo nan klas ou a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas la pou yo pataje yon bagay yo te jwenn ki enpòtan nan etid ekriti yo pou semèn sa a, ou ta ka mande yo pou yo medite sou pwoblèm nou ap rankontre jodia. Apresa envite yo pou yo pataje yon vèsè nan Doktrin ak Alyans 64–66 la ke yo panse ki ka ede nan youn nan pwoblèm sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 64:1–11

Nou gen obligasyon pou nou padone tout moun.

  • Petèt manm klas la ta p benefisye si yo te pale de rezon ki fè padone lòt moun difisil konsa—ak kijan yo te simonte difikilte sa yo. Yo ta ka chèche nan Doktrin ak Alyans 64:1–11 pou yo ka jwenn prensip ak verite ki enspire yo pou yo pi dispoze pou yo padone. Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo? Pou ede ilistre benediksyon padon yo, ou ta ka pataje istwa Morrell Bowen ki nan mesaj Èldè Jeffrey R. Holland lan “Ministè Rekonsilyasyon an” (Ensign oswa Lyawona, Nov. 2018, 77–79) oswa videyo “Padon: Fado Mwen Te Vin Lejè” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Oubyen yon manm nan klas la ka dispoze pou l pataje yon istwa pèsonèl sou ofri oswa resevwa padon. Kijan moun nan egzanp sa yo te beni pa pouvwa padon an?

Doktrin ak Alyans 64:31–34

Senyè a mande nou “kè nou ak yon lespri byen dispoze.”

  • Senyè a pa vle pou nou vin “fatige”; sepandan, li tou natirèl pou moun ki ap eseye fè pi byen yo kapab yo—enkli, petèt, kèk moun nan klas ou a—vin “fatige nan fè sa ki byen.” Poukisa fatig sa rive? Ki konsèy nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 64:31–34 la ki ta ka ede nou lè n ap redi anba kalite santiman sa yo?

  • Pou alimante diskisyon an, ou ta ka montre foto yon bagay ki gwo ak enpresyonan ki te bati sa gen anpil tan apati de “ti bagay piti”—tankou yon mozayik oswa yon brik konstriksyon. Ki egzanp “gwo travay” Senyè a ba nou fè a? Ki ti bagay piti nou ka fè kounyeya pou bati fondasyon travay sa a?

  • Pou ede manm klas la medite pi pwofondeman sou Doktrin ak Alyans 64:34la, ou ta ka ekri ak lespri dispoze sou tablo a. Manm klas la ta ka drese yon lis anba chak nan tit sa yo sou kisa yo pande ’bay Senyè a kè nou ak yon lespri byen dispoze a vle di. Pou yon eksplikasyon sou tèm sa yo, gade pawòl Èldè Donald L. Hallstrom yo nan “Resous Adisyonèl yo.” Ekriti tankou sa ki pi ba yo ta ka ofri kèk lide tou: Mozya 7:33; Etè 4:15; Doktrin ak Alyans 43:34; Moyiz 7:18; Joseph Smith—Istwa 1:19.

Doktrin ak Alyans 65

Wayòm Bondye a sou tè a ap prepare mond lan pou retou Sovè a.

  • Doktrin ak Alyans 65 bay yon deskripsyon enspiran sou misyon Legliz Senyè a nan dènye jou yo. Pou ede manm klas la reyalize wòl yo nan misyon sa a, ou ta ka envite yo chèche nan seksyon 65 la pou yo ka jwenn repons pou kesyon tankou sila yo: Kisa Senyè a vle pou wayòm li a akonpli sou tè a? Kisa li vle m fè pou mwen ka ede? Ou ta ka gade videyo “Prepare W Jodia pou Desyèm Vini an” (ChurchofJesusChrist.org) oswa ale nan mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la nan “Resous Adisyonèl yo.” Manm klas yo ta ka pataje kijan yo te reponn kesyon Prezidan Oaks yo.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

“Kè ak yon lespri byen dispoze.”

Èldè Donald L. Hallstrom te sigjere siyifikasyon posib sa a pou fraz yon “kè ak yon lespri byen dispoze” a:

“Kè a se senbòl lanmou ak angajman. Nou fè sakrifis epi nou pote fado pou moun nou renmen yo ke nou pa t ap andire pou okenn lòt rezon. Si lanmou pa egziste, angajman nou ka febli. …

“Genyen ‘yon lespri byen dispoze’ enplike ke nou bay pi plis efò ak dispozisyon ki pi sensè nou epi chèche sajès Bondye. Li sigjere ke etid ki pi devwe nou pandan tout lavi nou ta dwe etid sou bagay ki etènèl nan nati yo. Sa vle di dwe gen yon relasyon serekole ant tande pawòl Bondye ak obeyi li” (“Yon Kè ak yon Lespri byen Dispoze,” Ensign, Jen 2011, 31–32).

Preparasyon pou Dezyèm Vini an.

“Kisa w panse si jou [Jezikri] ap vini an se ta demen? Si nou te konnen nou ta pral rankontre Senyè a demen—atravè lanmò avan lè oubyen si li ta deside vini san nou pa atann—kisa nou t ap fè jodia? Ki konfesyon nou t ap fè? Ki abitid nou ta pral sispann? Ki pratik nou t ap ranfòse? Ki moun nou t ap padone? Ki temwayaj nou t ap rann?” (Dallin H. Oaks, “Preparasyon pou Dezyèm Vini an,” Ensign oswa Lyawona, Me 2004, 9).

Amelyore ansèyman nou

Jwenn fòs nan men Sovè a. “Nan efò w pou w viv ak anseye pi plis tankou Sovè a, li inevitab ke w ap bite pafwa. Pa dekouraje; okontrè, kite erè ak feblès ou yo rapwoche w de Pè Selès la ak Sovè a” (Anseye nan Fason Sovè a, 14).