Doktrin ak Alyans 2021
30 Out–5 Septanm. Doktrin ak Alyans 94–97 “Pou Sali Siyon”


“30 Out–5 Septanm. Doktrin ak Alyans 94–97 ‘Pou Sali Siyon’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“30 Out–5 Septanm. Doktrin ak Alyans 94–97,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Tanp Kirtland

Tanp Kirtland pa Al Rounds

30 Out–5 Septanm

Doktrin ak Alyans 94–97

“Pou Sali Siyon”

Ki meyè fason ou kapab ede manm klas la gen dezi pou yo resevwa benediksyon ki pwomèt nan Doktrin ak Alyans 94–97 yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Petèt manm klas la ta kapab pataje yon bagay yo te jwenn nan Doktrin ak Alyans 94–97 la ki enspire pou yo ale nan tanp pi souvan. Oubyen yo ta kapab pataje lòt mesaj ki te enspire yo lè yo te li seksyon sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 95:8; 97:10–17

Bondye beni pèp Li a nan tanp lan.

  • Kijan ou ta kapab itilize verite yo anseye nan Doktrin ak Alyans 95 ak 97 yo pou enspire manm klas la pou yo chèche benediksyon tanp yo pi dilijamman? Yon fason se plase yon foto tanp nan sant tablo a epi mande manm klas la poukisa yo panse Senyè a bay Sen yo lòd pou yo bati tanp. Manm klas ta kapab chèche kèk repons nan Doktrin ak Alyans 95:8; 97:10–17 epi ekri sa yo jwenn nan sou tablo a bò kote foto tanp lan. (Yo ka jwenn repons adisyonèl nan “Poukisa Sen Dènye Jou Yo Bati Tanp” [temples.ChurchofJesusChrist.org].) Kijan bi sa yo akonpli nan lavi nou? Kijan nou ka fè tanp lan vin tounen yon pati pi enpòtan nan lavi nou?

  • Legliz la founi anpil resous ki bay ansèyman sou tanp. Reflechi sou kijan ou ta kapab itilize kèk ladan yo pou anrichi yon diskisyon nan klas la konsènan Doktrin ak Alyans 95 ak 97 epi enspire manm klas la pou yo chèche benediksyon tanp yo pi dilijamman. Pa egzanp, anvan leson an kòmanse ou ta kapab envite kèk manm klas la pou yo revize resous yo nan temples.ChurchofJesusChrist.org ou Tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (edisyon espesyal Ensign ou Lyawona, Okt. 2010). Mande manm klas sa yo pou yo vini prepare pou yo pataje yon bagay yo te aprann ki sipòte ansèyman nan seksyon 95 ak 97 yo.

    Si w ap anseye jèn, ou ta kapab envite yo pou yo li “Fè Tanp lan vin Yon Pati nan Lavi Ou” (nan Tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 77–78) epi pataje kijan yo fè tanp tounen yon priyorite nan lavi yo.

    Videyo “Two Apostles Lead a Virtual Tour of the Rome Italy Temple (De Apot k ap Dirije Yon Vizit nan Tanp Itali a)” ak “Tanp” yo nan (ChurchofJesusChrist.org) kapab ede moun ki ap prepare yo pou yo ale nan tanp.

    Nou ta kapab chante ansanm tou yon kantik sou tanp epi diskite kisa li anseye (gade nan endèks sijè yo nan Kantik).

Doktrin ak Alyans 97:8–9

Nou kapab konnen si Senyè a asepte nou

  • Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 97:8 la konsènan kisa sa vle di pou Senyè a asepte nou? Ki diferans ki genyen ant sa ak fason nou chèche aseptans pafwa nan mond lan? Ki benediksyon ki pwomèt nan vèsè 9 la pou moun ke Senyè a aksepte? Manm klas la ta kapab revize mesaj Èldè Erich W. Kopischke la “Asepte pa Senyè a” tou (Ensign oswa Lyawona, Me 2013, 104–6) epi pataje kijan li ede yo konprann vèsè sa yo. Deklarasyon ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la enkli envitasyon Èldè Kopischke pou nou chèche aseptans Senyè a nan lavi nou.

Doktrin ak Alyans 97:18–28

Siyon se ‘moun ki gen kè pi.”

  • Pou ede manm klas la refechi sou sa Siyon ye, ou ta gen dwa ekri sou tablo a Kisa Siyon ye? epi envite yo chèche repons nan Doktrin ak Alyans 97:19 ak 21 an (gade tou nan Moyiz 7:18; Sijè Levanjil, “Siyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org). Sa ta kapab itil pou w diskite kijan Sovè a ede nou vin gen “kè pi.” Kisa nou santi nou enspire pou nou fè pou nou bati Siyon nan lavi nou? nan pawas nou oubyen nan branch nou? nan kominote nou an?

    Imaj
    Tanp Kirtland nan

    Bati tanp Kirkland nan te fè Sen yo te vin gen plis “pite nan kè yo.”

  • Senyè a te anseye konsènan Siyon apre li te fin kòmande Sen yo pou yo te bati yon tanp “pou sali Siyon” an (gade nan Doktrin ak Alyans 97:12, 18–28). Poukisa tanp se yon pati enpòtan nan bati Siyon? Kijan pwomès Senyè a te fè konsenan Siyon nan vèsè 18–28 yo ap akonpli nan tan pa nou an?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Asepte pa Senyè a

Lè l t ap pale de “modèl senp” ke yo anseye nan Doktrin ak Alyanss 97:8 la, Èldè Erich W. Kopischke te anseye:

“Chèche ak resevwa aseptans Senyè a ap mennen nou nan konesans ke Li chwazi nou e beni nou. N ap gen yon konfyans ogmante ki ap kondui nou ak dirije seryezman. Mizerikòd Li ap vin evidan nan kè nou, nan lavi nou, ank nan fanmi nou.

“Avèk tout kè m, mwen envite nou pou nou chèche aseptans Senyè a epi pou nou jwi benediksyon Li pwomèt yo. Lè nou suiv modèl senp ke Senyè te trase a, nou ap vin konnen ke Li asepte nou, kèlkeswa pozisyon nou, nivo nou, oswa limitasyon mòtèl nou yo” (“Asepte pa Senyè a,” Ensign oswa Lyahowa, Me 2013, 106).

Amelyore ansèyman nou

Aprann konnen moun w ap anseye yo. Chak moun w ap anseye gen eksperyans, pèskpektiv, ak talan pa yo. Priye pou w konnen kijan kontribisyon chak moun kapab yon benediksyon pou tout klas la. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,7.)