Doktrin ak Alyans 2021
6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98-101: “Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye”


“6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98-101: ‘Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98–101,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Sen ki ap kouri pou foul bandi

C. C. A. Christensen (1831–1912), Yo Chase Sen yo Soti nan Konte Jackson nan Missouri, c. 1878, penti sou twal mouslin), 77 ¼ × 113 inches (196 x 287 santimèt). Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C. C. A. Christensen yo, 1970

6–12 Septanm.

Doktrin ak Alyans 98–101

“Rete Trankil epi Konnen M Se Bondye”

Ki kalite pwoblèm oswa eprèv manm klas ou yo konfwonte? Ki pawòl konsèy ak konsolasyon nan Doktrin ak Alyans 98–101 an ki ta kapab ede yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou ta kapab envite manm klas la pataje yon bagay yo te aprann nan Doktrin ak Alyans 98–101 an ki te ede yo nan yon eprèv oswa yon pwoblèm yo t ap travèse.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–16, 23–30, 37; 101:2–5, 9–16

Eprèv nou yo kapab travay ansanm pou byen nou.

  • Pèsekisyon oswa opozisyon nou konfwonte jodi a kapab diferan de sa Sen yo te konfwonte nan Missouri an 1833 yo, men konsèy Senyè a nan Doktrin ak Alyans 98 yo toujou aplikab. Pou ede manm klas la aprann nan konsèy sa a, anvizaje ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a: Kijan Senyè a vle pou Sen L yo wè opozisyon? Kijan Senyè a vle pou nou reponn a pèsekisyon? Manm klas la ta kapab travay kòm ti gwoup pou jwenn repons nan Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–16, 23–30 epi apre sa diskite sa yo aprann. Ki verite nou jwenn ki kapab ede nou vin pi bon disip Jezikri? Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab ajoute ide pou diskisyon sa a.

  • Nan moman pèsekisyon ak eprèv, mesaj ki nan seksyons 98 ak 101 yo kapab ede: Senyè a ap ede nou si nou dispoze pou nou fè L konfyans. Pou ede manm klas la jwenn mesaj sa a, ou ta kapab ekri lis vèsè sa yo sou tablo a epi envite yo pou yo chwazi kèk pou yo li: Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–12, 37; 101:2–5, 9–16. Mande yo pou yo pataje sa yo jwenn ki ankouraje yo fè Senyè a konfyans. Kisa vèsè yo anseye sou fason pou nou mete konfyans nou nan Senyè a? (Gade tou Linda S. Reeves, “Reklame Benediksyon Alyans Nou yo,” Ensign ou Lyawona, Nov. 2013, 118–20.)

Doktrin ak Alyans 101:1–8, 43–62

Suiv konsèy Bondye ap ede nou rete an sekirite.

  • Kijan w kapab ede manm klas la rekonèt sekirite ki vini lè nou “koute vwa Senyè a;”? (vèsè 7). Petèt ou kapab envite kèk manm klas la pou yo jwe yon senaryo sou parabòl ki nan Doktrin ak Alyans 101:43–62 la pandan yon lòt manm klas la ap li l awotvwa. Apre sa ou ta kapab diskite kesyon tankou sa yo: Kisa diferan eleman yo ki nan parabòl la ta kapab reprezante? Kisa ki te koz sèvitè yo te pèdi pye oliv la? Ki leson nou aprann de aksyon sèvitè yo? Kisa nou aprann konsènan Senyè a nan aksyon nonm rich la? Li kapab itil pou n konpare vèsè 1–8 avèk vèsè 47–51 tou epi diskite kijan nou kapab “fidèl e saj” nan efò nou yo pou nou bati Siyon nan lavi endividyèl nou, nan fwaye nou epi kòm yon Legliz.

    Imaj
    Jezikri

    Detay ki soti nan Kris ak Jenòm Rich la, pa Heinrich Hofmann.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous Adisyonèl

Vire lòt bò figi a mande kouraj kretyen.

Èldè Robert D. Hales te anseye:

“Gen kèk moun ki twonpe yo lè yo panse ke repons tankou silans, dousè, padon ak rann temwayaj enb montre ke nou pasif oswa fèb. Men ‘renmen enmi[nou], beni moun ki modi [nou], fè byen pou moun ki rayi [nou], ak priye pou moun ki maltrete [nou], ak pèsekite [nou]’ (Matye 5:44) mande lafwa, fòs, e, sitou, kouraj kretyen. …

“Lè nou pa riposte—lè nou vire lòt bò figi a epi nou reziste anba santiman kòlè—noumenm tou nou kanpe avèk Sovè. Nou manifeste lanmou l plis, ki se sèl pouvwa ki kapab mate advèsè a epi reponn akizatè nou yo san nou pa akize yo an retou. Sa pa feblès.. Se Kouraj kretyen” (“Le courage d’un chrétien, le prix à payer pour être un disciple,”Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 72).

Padone se pa tolere.

Èldè Kevin R. Duncan te di: “Frè m ak sè m yo, silvouplè pinga nou mal konprann sa. Padone se pa tolere. Nou pa jistifye move konpòtman ni pèmèt lòt moun maltrete nou akoz de difikilte yo, lapenn yo, oubyen feblès yo. Men nou kapab jwenn pi plis konpreyansyon ak lapè lè nou wè avèk yon pi gwo pèspektiv. … Padon se yon prensip gerizon gloriye. Nou pa bezwen viktim defwa. Nou kapab padone” (“Luil Gerizon Padon an,” Ensign oubyen Lyawona Me 2016, 35).

Amelyore Ansèyman Nou

Entegre moun ki gen difikilte yo. Pafwa gen manm klas la ki sèlman bezwen santi yo entegre pou yo ka santi nou renmen yo. Anvizaje mande yo pou yo asepte yon tach nan youn nan leson ki gen pou fèt yo, envite yo nan klas la, oubyen asire w ke yo gen yon fason pou yo ale legliz la. Pa dekouraje si yo pa reponn a efò w yo nan kòmansman (gade Anseye nan fason Sovè a, 8–9).