Doktrin ak Alyans 2021
20–26 Septanm. Doktrin ak Alyans 106–108: “Pou Gen Syèl la Ouvè”


“20–26 Septanm. Doktrin ak Alyans 106–108: ‘Pou Gen Syèl la Ouvè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“20–26 Septanm. Doktrin ak Alyans 106–108,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
solèy ki ap klere atravè nyaj yo

20–26 Septanm.

Doktrin ak Alyans 106–108

“Pou Gen Syèl la Ouvè”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 106–8 la , konsidere eksperyans espirityèl ke manm klas ou a kapab ap fè lè y ap etidye seksyon sa yo. Pandan w ap prepare w pou anseye yo, li ta kapab itil pou w chèche konnen kisa yo te twouve ki enpòtan anvan nou reyini ansanm.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas la pou yo pataje yon vèsè ki soti nan seksyon sa yo ki anseye yon prensip ki ta kapab fòtifye yon moun nan sèvis li nan Legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 106108

Senyè a fòme, ankouraje epi sipòte moun Li aple pou sèvi yo.

  • Lè manm klas la t ap etidye Doktrin ak Alyasns 106 ak 108 semèn sa a, yo kapab te jwenn fraz ki ta kapab ede yo sèvi nan apèl yo nan Legliz la (gade nan plan semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Anvizaje bay manm klas la tan pou yo ekri fraz yo te jwenn nan seksyon sa yo sou tablo a epi mande pou yo pataje ide yo. Ki eksperyans yo te fè ki gen rapò avèk oubyen ki ilistre fraz sa yo?

Doktrin ak Alyans 107

Senyè a dirije Legliz Li a pa otorite prètriz la.

  • Ou ta kapab kòmanse yon diskisyon sou divès ofis prètriz la nan envite klas la fè yon lis rezon ki fè Senyè a ban nou pwofèt, apot, ak lòt dirijan nan Legliz la. Petèt, manm klas la ta kapab ajoute sou lis yo a apre yo fin li Doktrin ak Alyans 107:18–20. Apre sa ou ta kapab pase yon ti tan ap revize responsablite Senyè a bay moun ki gen ofis sa yo: Premye Prezidans lan (vèsè 9, 21–22, 65–66, 91–92), Douz Apot yo(vèsè 23–24, 33–35, 38, 58), Swasanndis yo (vèsè 25–26, 34, 93–97), ak evèk yo (vèsè13–17, 68–76, 87–88). Kisa nou kapab fè pou sipòte dirijan nou yo pa “konfyans nou, lafwa nou, ak priyè nou [yo]”? (vèsè 22).

  • Kijan nou ta kapab reponn si yon zanmi ki nan yon lòt legliz te mande nou, “Kisa prètriz la ye?” oswa “Kisa kle prètriz yo ye?” Kijan ansèyman ki nan “Resous Adisyonèl” la afekte repons nou? Petèt manm klas la kapab jwenn ide itil tou nan Doktrin ak Alyans 107:1–4, 18–20 (gade tou nan Ancrés dans la foi, 124–28). Kijan prètriz la ede nou resevwa “mistè wayòm” yo ak “fè syèl la ouvè devan [nou]”? Kijan “jwi kominyon ak prezans Bondye Papa a ak Jezikri” ede nou? (vèsè 19).

Doktrin ak Alyans 107:27–31, 85

Senyè a gouvène Legliz Li a atravè konsèy.

  • Prezidan M. Russell Ballard te di: “Mwen konnen konsèy se fason Senyè a e ke Li te kreye tout bagay nan inivè a atravè yon konsèy nan syèl la.” (“Konsèy Familyal,” Ensign ou Lyawona, Me 2016, 63). Kijan w ka ede moun w ap anseye yo konprann kijan pou yo chita ansanm an konsèy lakay yo ak nan Legliz la? Petèt ou ta kapab mande kèk manm pou yo vini prepare pou yo pataje eksperyans yo nan Legliz la oswa lakay yo kote yo te aplike prensip fè konsèy la Doktrin ak Alyans 107:27–31, 85 (oubyen nan mesaj Prezidan Ballard ki te mansyone pi wo a kòm referans). Anvizaje envite manm klas la diran semèn nan pou yo vini prepare pou yo pataje ide konsènan sa ki fè yon konsèy efikas. Ankouraje manm klas la pou yo idantifye prensip yo aprann nan diskisyon sa a ki ap ede yo vin pi efikas lè y ap patisipe ankò nan konsèy lakay yo oubyen nan Legliz la.

    Imaj
    Reyinyon Konsèy Enstriktè

    Chita ansanm an konsèy se yon fason Senyè a akonpli travay li.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Otorite Prètriz.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Nou pa gen abitid pou n di ke fi yo gen otorite prètriz la nan apèl yo nan legliz la, men, ki lòt otorite sa kapab ye? Lè yon fi---jèn oswa granmoun---resevwa mizapa pou l preche levanjil la kòm misyonè aplentan, yo ba l otorite pou l akonpli yon fonksyon nan prètriz la. Se menm otorite sa a yo bay tou lè yo mete yon fi apa pou sèvi kòm konseyè oswa enstriktris nan yon òganizasyon Legliz la sou direksyon yon moun ki gen kle prètriz la. Kèlkeswa moun ki ap fonksyone nan yon ofis oswa yon apèl ke li te resevwa nan men yon moun ki gen kle prètriz la egzèse otorite prètriz la lè l fè devwa yo te asiyen a limenm yo” (“Kle ak Otorite Prètriz la,” Ensign ou Liahona, Me 2014, 51).

Prezidan M. Russell Ballard te di:

“Papa Nou ki Nan Syèl la plen jenewozite avèk pouvwa L la. “ … Tout gason ak tout fi gen aksè a pouvwa sa a pou ede yo nan lavi yo. Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Tout moun ki te fè alyans sakre avèk Senyè a epi ki onore alyans sa yo elijib pou yo resevwa revelasyon pèsonèl, pou yo gen benediksyon ministè zanj yo, pou yo kominike avèk Bondye, pou yo resevwa plenitid levanjil la, epi finalman, pou yo vin eritye ansanm avèk Jezikri nan tout sa Papa a genyen” (“Gason ak Fi nan Travay Senyè a,” New Era, Avr. 2014, 4–5).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede manm klas yo pou youn sipòte lòt. “Chak moun nan klas ou a se yon sous temwayaj, ide, ak eksperyans abondan nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje ak lòt epi pou youn elve lòt” (Anseye nan Fason Sovè a,5).