Doktrin ak Alyans 2021
13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105: “Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini”


13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105: ‘Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Mesye ki avèk charyo

C. C. A. Christensen (1831–1912), Kan Siyon, c. 1878, penti sou twal mouslin, 78 × 114 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C. C. A. Christensen yo, 1970

13–19 Septanm

Doktrin ak Alyans 102–105

“Apre Anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini”

Pandan w ap prepare w pou anseye Doktrin ak Alyans 102–5 la, koute enspirasyon Lespri a. Li kapab mennen w nan prensip ki pa mansyone nan plan leson sa a ki ap beni moun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas ta kapab ekri youn ou de vèsè ki soti nan Doktrin ak Alyans 102–105 ke yo twouve ki pèsonèlman siyifikatif. Apre sa, yo ta gen dwa chanje vèsè sa yo avèk yon lòt manm nan klas la epi youn ka diskite ak lòt sou sa yo te aprann nan vèsè sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 103105

Eprèv nou yo anseye nou leson valab epi yo ba nou eksperyans.

  • Pandan manm yo nan klas la t ap etidye seksyon 103 ak 105 la semèn sa a, yo kapab te jwenn prensip ki ka ede yo nan moman eprèv oswa opozisyon; kite yo pataje sa yo te jwenn yo. Oubyen ou ta gen dwa envite yo pou yo chèche menm kalite prensip sa yo nan Doktrin ak Alyans 103:5–7, 12, 36; 105:5–6, 9–12, 18–19 (gade tou nan “Resous Adisyonèl”). Kisa prensip sa yo sigjere sou jan nou kapab reponn lè nou an fas difikilte oswa desepsyon? Manm klas la ta gen dwa dispoze pou yo pataje eksperyans kote benediksyon te vini “apre anpil tribilasyon” (Doktrin ak Alyans 103:12).

  • Si w santi gen bagay istorik oswa istwa pèsonèl sou Kan Siyon an ki ta ka itil, ou ta gen dwa envite yon moun pou l repase youn nan resous sa yo anvan klas la epi pataje brèfman sa l te aprann: Les Saints, 1:194–206; “L’Offrande acceptable du Camp de Sion” (Revelation dans leur Contexte, 213–18); oswa “Vwa Retablisman Kan Siyon an” (nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Si nou ta ka retounen nan letan epi pale avèk Kan Siyon an, kisa nou ta ka di pou ankouraje yo? Kisa yo ta ka di pou ankouraje nou?

    Imaj
    yon ti rivyè

    Kan Siyon an te rete bò riv Rivyè Little Fishing nan, ki nan foto sa a.

Doktrin ak Alyans 104:11–18

Nou chak se “yon entandan sou benediksyon terès” yo.

  • Pou ede manm klas la pèsonalize ansèyman ki nan Doktrin ak Alyans 104:11–18 yo, ou ta kapab envite yo imajine ke yo ta pral konfye yon lòt moun responsablite yon bagay ki presye. Kisa yo t ap di moun sa a? Kisa yo tap atann de li? Manm klas la ta kapab li Doktrin ak Alyans 104:11–18 pou dekouvri sa Senyè a konfye nou pou nou okipe a ak sa Li atann de nou. Kijan vèsè sa yo afekte fason nou panse konsènan mond lan, benediksyon nou yo, ak moun ki bò kote nou yo?

  • Pou ede manm klas la pi byen konprann “fason … Senyè a [te] dekrete pou m pran swen sen [L] yo” (Doktrin ak Alyans 104:16), anvizaje pataje videyo “The Labor of His Hands” nan nan (ChurchofJesusChrist.org). Dapre sa nou apran nan videyo sa a ak nan Doktrin ak Alyans 104:11–18la, kisa ki fason Senyè a pou pran swen Sen L yo? Ou ta gen dwa pataje deklarasyon sa a ke Prezidan Marion G. Romney te fè: “Senyè a … ta kapab pran swen [pòv yo] san èd nou si se te plan pou L te fè sa. … Men nou bezwen eksperyans sa a; paske se sèlman nan aprann kijan pou nou youn pran swen lòt ke nou ap devlope nan noumenm lanmou kretyen ak dispozisyon nesesè pou nou kalifye tèt nou pou nou retounen nan prezans li” (“Living Welfare Principles,” Ensign, Nov. 1981, 92). Bay manm klas la kèk minit pou yo ekri enpresyon yo sou jan yo kapab ede pran swen lòt yo nan fason Senyè a.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Pouvwa pirifikatè eprèv yo.

Èldè Orson F. Whitney te anseye: “Okenn doulè nou soufri, okenn eprèv nou travèse pa gaspiye. Sa kontribye a edikasyon nou, a devlopman kalite tankou pasyans, lafwa, fòs moral ak imilite. Tout sa nou soufri ak tout sa nou andire, sitou lè nou andire l avèk pasyans, bati karaktè nou, pirifye kè nou, elaji nanm nou, epi rann nou pi sansib, e pi charitab, pi diy pou yo rele nou pitit Bondye… e se nan tristès ak soufrans, travay di ak tribilasyon ke nou jwenn edikasyon ke nou vin chèche isit la e ki ap fè nou pi sanble avèk Papa nou ak Manman nou ki nan syèl a” (nan Spencer W. Kimball, La Foi Précède Le Miracle [1972], 98).

Èldè David A. Bednar te di: “A yon sèten moman nan lavi nou tout, n ap resevwa envitasyon pou nou mache nan pwòp Kan Siyon pa nou. Dat envitasyon yo ap varye, e obstak patikilye ke nou ka rankontre diran vwayaj la ap diferan. Men repons aktyèl ak konsistan nou pou apèl inevitab sa a ap bay yon repons finalman pou kesyon ‘Kiyès ki Bò Kote Senyè?’” (“Bò Kote Senyè a: Leson ki soti nan Kan Siyon an,” Ensign, Jiyè 2017, 35).

Amelyore ansèyman nou

Travay ansanm avèk manm fanmi yo. Paske fwaye a se sant pou viv ak aprann levanjil la, efò w pou fòtifye yon manm nan klas la ap vin pi efikas lè w travay ansanm avèk [li]… manm fanmi an” (Anseye nan Fason Sovè a, 8-9).