Doktrin ak Alyans 2021
27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110: “Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete W”


27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110: ‘Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete W,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 2020)

“27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Tanp Kirtland nan

Kirtland Temple, pa Jon McNaughton

27 Septanm–3 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 109–110

“Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete W”

Seksyon 109 ak 110 dekri kèk nan evenman ki pi sakre nan Retablisman an. Asire w ke ou kite manm klas la pataje sa yo te panse ak santi lè yo tap etidye evenman sa yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Senyè a te deklare ke “non kay sa a [Tanp Kirtland nan] pral gaye nan peyi etranje;” (Doktrin ak Alyans 110:10). Ou ta kapab envite manm klas la pou yo pataje yon bagay yo te jwenn nan etid yo ke yo santi ki ta dwe pataje avèk moun toupatou nan mond lan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 109; 110:1–10

Senyè a vle beni nou nan kay sen L lan.

  • Etidye seksyon 109 la se yon opòtinite mèveye pou ede manm klas la ranfòse dezi yo pou yo adore nan tanp lan. Ou ta ekri sou tablo a nimewo kèk vèsè ki mansyone benediksyon tanp yo—tankou vèsè 12–13, 22–23, 24–28, 29–32. Manm klas la ta kapab chwazi vèsè pou yo li epi pou yo medite sou yo endividyèlman oubyen an gwoup, epi apre sa pou yo rezime benediksyon vèsè sa yo dekri pou klas la. Manm ki te ale nan tanp lan ta kapab pataje kijan yo te fè eksperyans avèk benediksyon sa yo nan lavi yo.

    Nou ta kapab li oubyen chante ansanm“L’Esprit du Dieu Saint” (Cantiques, no. 2), ke yo te chante nan konsekrasyon Tanp Kirtland nan. Manm klas la tapab siyale benediksyon tanp ki dekri nan kantik la epi pataje nenpòt eksperyans yo te fè ki gen rapò avèk sa, selon jan sa apwopriye.

  • Resevwa benediksyon tanp souvan mande sakrifis. Kisa Doktrin ak Alyans 109:5 anseye konsènan sakrifis premye Sen yo te fè pou bati Tanp Kirtland nan? Petèt yon moun ta kapab vini prepare pou l pale de sakrifis sa yo (gade nan “Yon Kay pou Bondye Nou An,” Révélations dans leur contexte, 169–71). Ki sakrifiks nou fè pou nou resevwa benediksyon tanp yo jodi a? Pètèt, kèk manm klas la ta dispoze pou pataje eksperyans yo. Nou jwenn kèk egzanp modèn nan videyo “Sealed Together: The Manaus Temple Caravan” ak “Les temples sont des phares” (ChurchofJesusChrist.org).

  • Etidye deskripsyon Sovè resisite a nan Doktrin ak Alyans 110:1–10 se yon gwo fason pou nou bati lafwa nou nan Jezikri. Ou ta kapab mande manm klas la pou yo note imaj ki nan vèsè sa yo epi konsidere kisa imaj sa yo anseye nou konsènan Jezikri. Kisa “yon pave bon jan lò” oubyen vwa ki “tankou bri gwo dlo k ap deplase” a ta reprezante?

    Imaj
    anndan Temple Krkland nan

    Chak kwen nan Tanp Kirkland nan gen pipit pou dirijan prètriz.

Doktrin ak Alyans 110:11–16

Kle prètriz la ki nesesè pou akonpli travay Bondye a nan Legliz la jodia.

  • Pou ede manm klas la konprann kle prètriz ke Moyiz, Elyas, ak Eli te konfye Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirkland nan, ou ta kapab envite yo li epi diskite sou deklarasyon ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la endividyèlman ou an gwoup. Poukisa kle sa yo gen siyifikasyon nan lavi nou kounyeya? Ou ta kapab mande chak manm klas la tou pou yo chwazi youn nan pwofèt ki te remèt kle sa yo—Moyiz, Elyas, ak Eli—epi pran enfòmasyon konsènan li nan Diksyonè Bib la oswa nan Gid pou Ekriti yo. Kisa lavi pwofèt sa yo anseye nou sou kle yo te remèt yo? Sa ta kapab mennen nou nan yon diskisyon sou sa Senyè a atann pou nou fè kounyeya pandan kle sa yo sou tè a.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous Adisyonèl

Kle yo bay pouvwa ak otorite pou travay Bondye a.

Èldè Quentin L. Cook te eksplike:

“Tanp Kirtland nan pa t tèlman koni ni nan sans kote li te sitiye a ni nan gwosè. Men lè w konsidere gwo siyifikasyon l pou limanite, li te gen yon enpak etènèl. Pwofèt ansyen tan yo te retabli kle prètriz la pou òdonans salvatris etènèl levanjil Jezikri a. Sa te debouche sou yon jwa ekstrawòdinè pou manm fidèl yo.

“Kle sa yo bay ‘pouvwa ki soti anwo’ [Doktrin ak Alyans 38:38] pou responsablite ki bay nan yon fason diven e ki reprezante bi prensipal Legliz la. Nan jou Pak mèveye sa a nan Tanp Kirkland nan, gen twa kle ki te retabli:

Premyeman, Moyiz te parèt epi l te remèt kle rasanbleman Izrayèl la depi nan kat pati tè a, ki se travay misyonè.

Dezyèmman, Elyas te parèt epi l te remèt kle dispansasyon levanjil Abraham nan, ki gen ladan retablisman alyans Abraramik la. [gade nan Abraram 2:8–11]. Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke bi kle alyans yo se pou prepare manm yo pou wayòm Bondye a [gade nan “Alyans,” Ensign ou Lyawona, Nov. 2011, 88]. …

Twazyèmman, Eli te parèt epi li te remèt kle pouvwa sèlman an nan dispansasyon sa a, ki se travay istwa familyal ak òdonans pa pwokirasyon ki ap pèmèt sali pou vivan yo ak pou mò yo” (“Prepare pou n Rankontre Bondye,” Ensign ou Lyawona, Me 2018, 114–15).

Amelyore Ansèyman Nou

Envite Lespri a nan Ansèyman ou. “Objektif final tout sa yon enstriktè levanjil ap fè—chak kesyon, chak ekriti, chak aktivite—se pou envite Lespri a pou bati lafwa ak envite tout moun vin jwenn Kris la. … Mizik sakre, ekriti yo, pawòl pwofèt yo, ekspresyon lanmou ak temwayaj, ak moman refleksyon silansye yo kapab envite prezans Lespri a” (Anseye nan fason Sovè a,10