Doktrin ak Alyans 2021
4–10 Oktòb. Doktrin ak Doktrin 111–114: “M Ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”


“4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114: “M Ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Joseph Smith ap preche

4–10 Oktòb

Doktrin ak Alyans 111–114

“M Ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 111–14 la, konsidere verite espirityèl ke Senyè a vle pou manm klas ou a konprann. Sentespri a ap gide w pou w konn sou ki prensip pou w konsantre.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anvizaje desine yon kòf trezò sou tablo a. Manm klas la ta kapab ekri sou tablo a vèsè ki soti nan seksyon 111–14 la kote yo te jwenn yon bagay yo konsidere tankou “anpil trezò” (Doktrin ak Alyans 111:2). Mande plizyè manm pou yo pataje sa yo te twouve ki valab nan vèsè sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 111

Senyè a kapab òdone tout bagay pou byen [nou].”

  • Konsèy Senyè a nan Doktrin ak Alyans 111 la kapab ede manm klas ou yo lè yo enkyete akoz preyokipasyon tanporèl ou espirityèl, menm jan li te ede Joseph Smith nan preyokipasyon pa l yo konsènan Siyon an. Ou ta kapab kòmanse yon diskisyon sou seksyon sa a pandan w ap envite manm klas la pou yo mete sou tablo a yon lis bagay ki enkyete yomenm oswa moun yo konnen. Apre sa, avèk preyokipasyon sa yo nan lespri yo, yo ta kapab chèche nan seksyon 111 la pou yo ka jwenn konsèy ak rekonfò Senyè a bay pou ede nou. Manm klas la ta kapab pataje kijan Sovè a te ede yo lè yo te met lafwa yo nan Li.

  • Manm klas ou a kapab te gen eksperyans tankou pa Joseph yo—kote yo te santi Senyè a te asepte yo malgre “foli” yo (Doktrin ak Alyans 111:1). Kijan eksperyans yo se egzanp sou verite yo anseye nan Doktrin ak Alyans 111 yo? Pa egzanp, lè yo te santi Senyè a “[te] òdone tout bagay pou byen [yo]”? (vèsè 11). Kisa eksperyans sa yo anseye yo konsènan Sovè a ak konsènan yomenm?

Doktrin ak Alyans 112:3–15, 22

Senyè a dirije moun ki ap chèche volonte L enbleman.

  • Pou ede manm klas la diskite sa seksyon 112 la ansyeye konsènan imilite, anvizaje divize klas la an two gwoup. Bay chak gwoup youn nan kesyon sa yo pou yo medite pandan y ap revize vèsè 3–15 ak 22: Kisa imilite ye? Kijan nou ka vin pi enb? Ki benediksyon yo pwomèt moun ki enb yo? Bay klas la tan pou yo pataje repons yo. Gwoup yo ta kapab gen ide adisonèl lè yo li deklarasyon Èldè Quentin L. Cook la nan “Resous Adisyonèl” oswa seksyon ki pote tit “Imilte” a nan Preche Levanjil Mwen an (paj 126–27). Poukisa imilite endispansab pou moun fè travay Senyè a?

    Imaj
    de moun ki ap priye

    Si nou enb, Senyè a ap gide nou epi l ap reponn priyè nou yo.

Doktrin ak Alyans 112:12–26

Moun ki vrèman konvèti yo rive konnen Jezikri.

  • Kèk nan Apot yo ki te tounen kont Pwofèt la an 1837 la se yon bon rapèl ki montre ke kèlkeswa apèl nou genyen oswa nivo konesans nou sou levanjil la, nou dwe asire nou endividyèlman ke nou vrèman konvèti. Li konsèy Senyè a te bay Thomas B. Marsh pou te ede l ini Kolèj Douz Apot yo kapab bay manm klas ou a ide sou kisa konvèsyon vle di. Petèt manm klas la ta kapab li Doktrin ak Alyans 112:12–26 avèk yon manm fanmi yo oswa yon zanmi nan lespri yo—yon moun ki petèt ap lite avèk lafwa li. Ki verite nan vèsè sa yo manm klas la t ap aksantye pou ede moun sa a vin konvèti pi konplètman? Bay manm klas la tan pou yo medite sou sa yo kapab fè pou fòtifye pwòp konvèsyon pa yo nan Senyè a.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Kalite kretyèn yo rele imilite a.

Èldè Quentin L. Cook te anseye:

“Malerezman, nan epòk pa nou an nan prèske tout segman sosyete a, nou wè y ap fè lwanj pou twòp konfyans nan tèt nou ak awogans alòske y ap denigre imilite ak responsablite devan Bondye. Anpil moun nan sosyete a aladeriv e yo pa konprann poukisa nou sou tè sa a. Vrè imilite, ki endispansab pou akonplisman bi Senyè a pou nou, pa toujou evidan.

“Li enpòtan pou nou konprann grandè imilite, jistis, karaktè ak entèlijans Kris la jan egzanp yo montre sa nan ekriti yo. Se yon foli sa ye lè moun souzestime nesesite pou yo toujou ap fè efò pou yo gen kalite ak atribi kretyen sa yo, patikilyèman imilite chak jou san mank. …

“Le 23 jiyè 1837, Pwofèt Joseph te reyini avèk Èldè Thomas B. Marsh, Prezidan Kolèj Douz yo. Èldè Marsh te parèt fristre dèske Pwofèt la te aple de manm nan kowòm li an pou ale an Angletè san li pa t konsilte misye. Lè Joseph te rankontre avèk Èldè Marsch, okenn nan santiman ki te fwase yo p at efase, e pwofèt la te resevwa yon revelasyon remakab. Kounyeya li se 112èm seksyon Doktrin ak Alyans la. Li bay direksyon enkwayab ki soti nan syèl konsènan imilite ak travay misyonè. Vèsè 10 la di, ‘Rete enb; epi Senyè Bondye w la ap pran men ou pou dirije ou, epi l ap ba ou repons pou priyè ou yo.’ [Doktrin ak Alyans 112:10; Italik ajoute]” (“Kotidyen Etènèl la,” Ensign ou Liahona, Nov. 2017, 51–52).

Amelyore Ansèyman Nou

Konsantre sou moun yo. “Fason ou trete moun yo osi enpòtan ke jan w ap anseye yo a. Pafwa nou sitèlman sousye pou nou byen prezante leson an ke sa anpeche nou eksprime lanmou nou pou moun n ap anseye yo. … Reflechi sou fason ou ta ka konsantre w sou sa k pi enpòtan yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 6).