Doktrin ak Alyans 2021
25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans124–125: “Yon Kay pou Non Mwen”


“25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans 124: ‘Yon Kay pou Non Mwen,’” Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekoldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans 124,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Novou

Nouvou, La Bèl , pa Larry Winborg

25–31 Oktòb

Doktrin ak Alyans 124

“Yon Kay pou Non Mwen”

Pou Lespri a ka fè nou sonje prensip yo lè n ap anseye (gade nan Jan 14:26), nou dwe toudabò etidye ak medite sou prensip sa yo avèk dilijans.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anvizaje envite manm klas la pou yo pataje yon bagay yo te jwenn nan Doktrin ak Alyans 124 la ki te fè yo konsidere yon prensip levanjil nan yon fason nouvo. Kisa yo te li—endividyèlman ou antanke fanmi—ki te chanje jan yo santi yo, jan yo panse ak jan yo viv?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 124:15, 20

Senyè a pran plezi nan entegrite.

  • Nan seksyon 124 la, Senyè a te fè lwanj pou Hyrum Smith ak George Miller poutèt entegrite yo. Pou ede manm klas la etidye kalite sa a pi pwofondeman, ou ta kapab envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 124:15, 20 epi pou yo medite sou sa yo aprann konsènan entegrite nan vèsè sa yo. Ki lòt bagay nou aprann nan ekriti ki mansyone anba “Entegrite” a nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) oswa nan mesaj Èldè Richard J. Maynes lan “Merite konfyans Senyè a ak konfyans fanmi ou”? (Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2017, 75–77). Petèt manm klas la ta kapab pataje egzanp moun yo konnen ki gen entegrite. Poukisa entegrite se yon kalite ki gen tout valè sa a?

Doktrin ak Alyans 124:22–24, 60–61

Senyè a vle pou nou akeyi ak asepte lòt moun.

  • Manm klas ou a kapab aprann yon bagay nan deskripsyon Senyè a sou Kay Novou a ki kapab ede yo nan entèraksyon yo avèk moun ki pa Sen Dènye Jou oswa ki kite wout Legliz la. Ou ta kapab desine yon kay sou tablo a epi envite manm klas la pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 124:22–24, 60–61 mo ke Senyè a te itilize pou dekri bi Kay Novou a. Apre sa yo ta kapab ekri mo yo toutotou kay la. Kijan tèm sa yo ta kapab aplike a Legliz Jezikri a jodia tou? Kisa nou kapab fè pou nou kreye menm kilti akèy sa a nan pawas nou ak nan fwaye nou?

Doktrin ak Alyans 124:25–45, 55

Senyè a kòmande nou pou nou bati tanp pou nou ka resevwa òdonans sakre.

  • Petèt manm klas la ta kapab imajine ke y ap viv nan Novou an 1841 epi y ap travay nan Tanp Novou a lè yon zanmi mande: “Poukisa nou kontinye ap bati tanp sa yo?” Kisa nou t ap di zanmi sa a? Manm klas la ta kapab gade ide ki nan Doktrin ak Alyans 124:28–30, 37–42, 55 yo. Si manm klas la pa familye avèk òdonans ki mansyone nan vèsè sa yo, anvizaje dekri bi ak benediksyon òdonans sa yo. Gade nan temples.ChurchofJesusChrist.org pou w ka jwenn enstriksyon sou sa ki kapab diskite nan yon fason ki apwopriye deyò tanp lan epi tou pou w ka jwenn foto tanp ke ou ta kapab montre nan klas la.

    Imaj
    Joseph Smith avèk kèk mesye ki ap bati Tanp Novou a

    Joseph Smith nan Tanp Novou a, pa Gary E. Smith

Doktrin ak Alyans 124:45–55

Senyè a beni moun ki fè efò pou yo obeyi kòmandman L yo.

  • Sen yo te resevwa kòmandman pou yo bati yon tanp nan Jackson County men “ènmi yo te anpeche” sa fèt (Doktrin ak Alyans 124:51). Nan vèsè 49–55, kote Senyè a te pale de sitiyasyon sa a, kapab gen yon mesaj rasiran pou moun ki vle obeyi kòmandman Bondye yo men ki jwenn anpèchman pou yo fè sa akozde fanmi yo oubyen lòt sikonstans. Ou ta kapab li vèsè sa yo avèk manm klas la epi mande yo pou yo panse a sitiyasyon kote moun ta kapab pa an mezi pou yo ranpli dezi jis yo akozde sikonstans yo pa ka kontwole. Ki konsèy nou jwenn nan vèsè sa yo ki ta kapab ede yon moun ki nan yon sitiyasyon konsa? Kisa vèsè sa yo anseye nou sou obeyisans?

Doktrin ak Alyans 124:91–92

Senyè a kapab gide nou atravè benediksyon patriyakal nou.

  • Èske manm klas ou a ta kapab tire pwofi de yon diskisyon sou patriyach ak benediksyon patriyakal? Ou ta kapab kòmanse pa envite manm klas la pou yo li Doktrin ak Alyans 124:91–92, pandan y ap chèche kisa Hyrum Smith te resevwa apèl pou l te fè. Apre sa ou ta kapab ekri sou tablo a Kisa ak Poukisa epi envite manm klas la li “Benediksyon Patriyakal” (Ankre nan Lafwa, 111–13) pou yo ka wè kisa benediksyon patriyakal ye ak poukisa yo gen valè konsa. Kijan yon moun ka prepare l pou l resevwa yon benediksyon patriyakal? Anvizaje envite kèk moun ki te resevwa benediksyon patriyakal yo pou yo vin eksplike poukisa yo rekonesan pou yo. (Raple yo pou yo pa pataje okenn bagay ki twò pèsonèl ou twò sakre nan benediksyon yo a.) Kijan nou ka montre ke benediksyon patriyakal nou gen anpil valè pou nou?

Amelyore Ansèyman Nou

Priye pou manm klas ou yo. Site non moun w ap anseye yo pandan w ap priye pou yo. Ou ta kapab priye pou w konprann bezwen yo epi tou pou w ka konn kisa pou w anseye yo pou satisfè bezwen yo. Ou gen dwa mande Pè Selès la tou pou L “prepare kè yo” (Alma 16:16) pou yo resevwa verite ou pral anseye yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 6.)