Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128: “Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”


“1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128: ‘Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
fanmi avèk zansèt nan mond dèzespri a

Noumenm avèk Yo e Yomenm avèk Nou, pa Caitlin Connolly

1–7 Novanm

Doktrin ak Alyans 125–128

“Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”

Medite sou pawòl sa yo ke Èldè Ulisses Soares te di: “Pi bon enstriktè a se yon bon modèl. Anseye yon bagay n ap viv vrèman ka fè yon diferans nan kè moun n ap anseye yo.” (“Kijan Pou M Fè Konprann?Ensign ou Lyawona, Me 2019, 7).

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas la ta kapab ekri sou tablo a fraz ki nan Doktrin ak Alyans 125–128 la ki enpresyone yo. Kite yo pataje panse yo sou fraz sa yo. Kijan etidye verite sa yo enfliyanse lavi yo semèn sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 126

“Bay fanmi ou swen espesyal”

  • Apèl Brigham Young te resevwa pou l te sèvi nan Legliz la te mande pou limenm ak fanmi l fè gwo sakrifis; pawòl Senyè a te di Brigham nan seksyon 126 la ta kapab enspire yon diskisyon nan klas la sou rezon ki fè Senyè a mande sakrifis nan sèvis nou pafwa. Kijan Senyè te ede nou ranpli responsablite nou lakay nou, nan apèl nou nan Legliz la, ak nan lòt aspè lavi a?

Doktrin ak Alyans 127:2–4

Nou kapab konte sou Senyè a diran moman difikilte yo.

  • Kijan Doktrin ak Alyans 127:2–4 ede manm klas la ki santi ke, menm jan avèk Joseph Smith, y ap naje nan “dlo pwofon”? Ou ta kapab envite manm klas la li vèsè sa yo epi pataje kijan yo t ap rezime atitid Joseph Smith devan pwoblèm li yo. Ki fraz nan vèsè sa yo ki t ap ede yon moun ki ap lite? Kijan Joseph te konte sou Senyè a pandan eprèv li yo? Kijan nou ka suiv egzanp li?

Doktrin ak Alyans 128

Sali zansèt nou yo endispansab pou sali nou.

  • Konsidere kijan ou ta kapab enspire manm klas la pou yo patisipe nan travay tanp ak istwa familyal. Doktrin ak Alyans 128:15–18 la ta kapab ede yo santi ijans travay sa a; ou ta kapab envite yo pou fouye nan vèsè sa yo pou yo jwenn yon bagay ki ogmante dezi yo pou yo fè batèm pou zansèt desede yo. Jan de kesyon sa yo ta kapab ede yo medite sou vèsè sa yo: Poukisa nou pa kapab vin pafè san yo menm;”? (vèsè 15). Poukisa Joseph Smith rele batèm pou mò yo “sijè ki pi enpòtan sa a se pou levanjil etènèl la”? (vèsè 17; gade tou sitasyon ki nan “Resous Adisyonèl”). Nan ki sans tè a ta kapab modi si pa t “gen yon kalite koneksyon ki fèt pou lye zansèt yo ak pitit yo”? (vèsè 18). Si manm klas la bezwen èd pou yo kòmanse avèk travay istwa familyal, ou ta kapab envite dirijan tanp ak istwa familyal pawas la pou l entwodui yo nan FamilySearch.org.

    Ou ta kapab enspire yo avèk vèsè ki eksprime lajwa ki genyen nan travay tanp ak istwa familyal, tankou Doktrin ak Alyans 128:19–23. Manm klas la ta kapab li vèsè sa yo epi jwenn fraz ki montre kijan Joseph Smith te santi l konsènan sali mò yo. Apre sa ou ta kapab mande yo pou yo pataje eksperyans lè yo te gen menm santiman sa yo konsènan travay sa a. Pase youn nan videyo ki nan “Resous Adisyonèl” yo ta kapab ba yo ankourajman.

  • Paske sali mò yo se yon bagay espesyal pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou ta kapab gen opòtinite pou nou eksplike doktrin sa a a moun ki pa t jan m tande l anvan. Manm klas la ta kapab fouye nan Doktrin ak Alyans 128 pou yo ka jwenn yon bagay yo ta kapab pataje nan yon konvèsasyon avèk yon moun ki poze yon kesyon sou batèm pou mò yo. Kisa doktrin sa a anseye nou konsènan Pè Selès la ak Jezikri? Kite manm klas la pratike sa yo t ap di.

    Imaj
    jènjan ki avèk kat non fanmi li

    Fè sèvis nan tanp pou zansèt nou yo mare kè nou avèk yo.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Videyo sou travay istwa familyal (ChurchofJesusChrist.org).

“M Pa T Kapab Eksplike Santiman an”

“Si Nou Mete Bondye An Premye”

“Rachte Mò yo te Rachte Mwen”

“Vizit yon Papa”

“Konekte a Fanmi Etènèl”

“Rasanblè nan Wayòm nan”

“Enkli Mwenmenm”

“Èske gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?”

“Yon Pwovizyon Gloriye ak Mèveye.”

Prezidan Gordon B. Hinckley te di:

“Ekspyasyon Jezi te fè nan non tout moun nan reprezante yon gwo sakrifis pa pwokirasyon. Li tabli modèl ki fè Li vin tounen yon mandatè pou tout limanite. Modèl sa a ki fè yon nonm kapab aji nan non yon lòt la transmèt nan òdonans yo nan kay Senyè a. Isit la nou sèvi nan non sa ki te mouri san yo pat konnen levanjil la. Se yomenm ki gen responsablite pou asepte oswa rejte òdonans ki fèt la. Yo plase sou yon pyedegalite avèk moun ki ap mache sou tè a. Mò yo resevwa menm opòtinite ak vivan yo. Yon fwa ankò, ala yon bagay gloriye ak mèveye se pwovizyon Toupuisan an te fè atravè revelasyon L te bay Pwofèt Li a” (“Les Grandes Choses que Dieu a Révélées,” Ensign ou Liahona, Me 2005, 82–83).

Amelyore Ansèyman Nou

Priye pou manm klas ou yo. Site non moun w ap anseye yo pandan w ap priye pou yo, epi chèche konprann bezwen espesyal yo genyen. Lè w fè sa, Pè Selès la kapab ede w konnen kisa pou anseye pou w ede satisfè bezwen yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a 6.)