Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132: “Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans.”


“8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132: ‘Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans.’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Joseph Smith ap anseye nan Novou

Joseph Smith nan Novou, 1840, pa Theodore Gorka

8–14 Novanm

Doktrin ak Alyans 129–132

““Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans.”

Pandan ke li enpòtan pou w gen yon plan ansèyman, li enpòtan tou pou w reponn a Lespri a ak bezwen manm klas la. Pran ransèyman nan men manm klas yo pou konnen ki prensip nan seksyon 129–32 yo ki te siyifikatif pou yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas la gen dwa te aprann kèk bagay nan etid yo te fè sou seksyon 129–32 yo ki konsène yon kantite sijè levanjil. Pou ba yo yon chans pou yo pataje sa yo te aprann yo, ou ta kapab ekri sou tablo a kèk nan sijè sa yo, tankou anj, egzaltasyon, obeyisans, nati Bondye, ak maryaj etènèl (ou ta gen dwa ekri lòt tou sou tablo a pou pale de sijè adisyonèl). Manm klas la ta kapab pran kèk minit pou yo jwenn yon vèsè nan seksyon sa yo ki konsène youn nan sijè yo epi ekri referans lan sou tablo a. Ou ta kapab li vèsè yo apresa kòm yon klas epi pale de sa yo chak anseye konsènan sijè sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 130:2, 18–23; 131:1–4; 132:20–25

Lavi sa a sipoze prepare nou pou egzaltasyon.

  • Gen anpil bagay nou pa konnen konsènan egzaltasyon oubyen lavi nan wayòm selès la—anpil ladan yo kapab depase kapasite aktyèl nou pou nou konprann. Men Bondye te revele kèk endis presye e nou jwenn anpil ladan yo nan Doktrin ak Alyans 130–32a. Manm klas la ta kapab etidye youn oubyen plis nan referans ki nan lis ki pi wo la a epi pataje nenpòt refleksyon yo jwenn sou egzaltasyon oubyen wayòm selès la. Kijan konnen enfòmasyon sa a konsènan lavi etènèl beni lavi nou kounyeya?

Doktrin ak Alyans 130:20–21; 132:5

Benediksyon soti nan obeyi Bondye.

  • Doktrin ak Alyans 130:20–21 ak 132:5 anseye menm prensip la. Ankouraje manm klas la li toulède pasaj yo epi deklare, nan pwòp mo pa yo, kisa prensip sa a ye. Kijan prensip sa a te demontre nan lavi nou? Kijan nou ka jwenn espwa ak asirans nan Kris la lè nou obeyisan men benediksyon nou ap tann yo pa vini imedyatman? Pou plis enfòmasyon sou sijè sa a, nou ta kapab revize ansanm refleksyon ki soti nan mesaj Èldè Dale G. Renlund lan “Konble Avèk Benediksyon” (Ensign ou Lyawona, Me 2019, 70–73).

Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:3–25

Pè Selès la te rann posib pou fanmi yo etènèl.

  • Kisa nou taka dwa di yon zanmi ki mande “Poukisa maryaj ak fanmi enpòtan konsa nan legliz ou a?” Manm klas la ta kapab reflechi sou kijan yo t ap reponn kesyon sa a lè yo li Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:3–25; oubyen nan pawòl Èldè Dieter F. Uchtdorf yo ki nan “Resous Adisyonèl” la.” Kijan verite sa yo afekte fason nou viv?

    Imaj
    Yon gason ak yon fi deyò Tanp Akkra a nan Ghana

    Nou kapab rann relasyon fanmi yo etènèl gras a òdonans tanp yo.

Doktrin ak Alyans 132:1–2, 29–40

Maryaj pliral aseptab pou Bondye sèlman lè se Li ki kòmande sa.

  • Si manm klas la gen kesyon konsènan maryaj pliral, ede yo wè ke Joseph Smith ak lòt Sen ki te la nan kòmansman yo te gen kesyon tou. Ankouraje yo jwenn kesyon Joseph Smith te poze Senyè a nan Doktrin ak Alyans 132:1 an ak repons li te resevwa nan vèsè 29–40 la (gade tou nan Jakòb 2:27, 30). Pou ede manm klas la aprann fason yo kapab jwenn repons pou kesyon yo genyen sou levanjil la, li ta kapab itil pou nou revize ansanm “Reponn Kesyon Levanjil yo” nan topics.ChurchofJesusChrist.org Petèt manm klas la ta kapab pataje kijan yo te chèche repons pou kesyon levanjil yo ak kijan yo rete fidèl menm lè kèk nan kesyon yo rete san repons.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous Adisyonèl

Fanmi se “lòd syèl la.”

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

“M rekonesan dèske m fè pati yon legliz ki bay maryaj ak fanmi valè. Yo rekonèt manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo toupatou nan mond lan kòm moun ki gen pi bon maryaj ak pi bon fanmi nou ka jwenn. M kwè ke, an pati, se gras a verite presye Joseph Smith te retabli yo ki di maryaj yo ak fanmi yo sipoze etènèl. Fanmi pa la sèlman pou fè bagay yo mache pi byen isit sou tè a epi apre sa pou nou voye yo jete lè nou rive nan syèl la. Okontrè, fanmi se lòd syèl la. Yo se yon reflè modèl selès la ak imitasyon fanmi etènèl Bondye a.

“Men maryaj ak relasyon familyal solid yo pa rive tou senpleman paske nou se manm Legliz la. Yo mande travay konstan ak volonte. Doktrin fanmi etènèl la dwe enspire nou pou nou konsakre pi bon efò nou pou nou sove ak anrichi maryaj nou ak fanmi nou” (“In Praise of Those Who Save,” Ensign ou Lyawona, Me 2016, 77).

Amelyore ansèyman nou

Kreye yon anviwonman ki gen sekirite. “Ankouraje [manm klas la] pou yo ede w etabli yon anviwonman ki ouvè, ki ranpli ak lanmou ak respè pou chak moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans yo, pou yo poze kesyon, ak rann temwayaj yo.” (Anseye nan Fason Sovè a,15).