Doktrin ak Alyans 2021
15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134: “Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a”


“15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134: ‘Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a,’” Vini, Suiv wen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 2020)

“15–21 Novanm. Doktrin ak Alyans 133–134,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Senk jènfi tèt chaje yo

Vini Mesye Marye a, pa Elizabeth Gibbons

15–21 Novanm

Doktrin ak Alyans133–134

“Prepare Nou pou Vini Mesye Marye a”

Ki verite nan Doktrin ak Alyans 133–34 la ou santi ki ap ede klas ou a pi plis? Reflechi sou bezwen yo nan yon espri lapriyè pandan w ap etidye semèn sa a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou ta kapab ekri mo koute a sou tablo e epi envite manm klas la pou yo ekri bò kote l vèsè ki soti nan Doktrin ak Alyans 133–34 la ke yo kwè nou bezwen koute nan epòk nou an. Mande yo pou yo pataje panse yo sou vèsè sa yo. (Ede manm klas la konsantre yo sou prensip doktrinal olye de opinyon politik.)

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 133:1–19; 37–39

Senyè a vle pou nou prepare nou pou Dezyèm Vini L lan.

  • Kijan w ap ede manm klas ou a konprann poukisa li enpòtan pou nou sanktifye nou pou nou ede lòt yo prepare yo pou Dezyèm Vini Sovè a? Ou ta kapab envite manm klas la revize Doktrin ak Alyans 133:1–19, 37–39 epi fè de lis: yon lis konsèy Senyè a sou jan pou nou sanktifye nou ak yon lòt konsèy sou jan pou nou prepare mond lan pou retou Sovè a. Kisa sa vle di, nan yon sans espirityèl, pou nou “… wete kò nou nan Babilòn” (vèsè 5) epi pou nou “kouri ale nan Siyon”? (vèsè 12). Pou plis detay sou sa sanktifikasyon vle di, gade “Sanktifikasyon” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Doktrin ak Alyans 133:19–53

Dezyèm Vini an ap pote lajwa pou moun ki jis yo.

  • Nan etid ekiriti yo lakay yo, manm klas ou a kapab te jwenn pasaj enpòtan nan seksyon sa a ki fè y ap tann Dezyèm Vini Sovè a. Envite yo pou yo pataje pasaj sa yo. Ou ta kapab envite klas la tou pou yo chèche nan vèsè 19–53 a an gwoup 2 moun, pou yo ka jwenn rezon pou yo espere Dezyèm Vini Jezikri a. Pandan manm klas la ap pataje sa yo jwenn, ankouraje yo pou yo pale de jan Sovè a “rachte yo, epi [sipòte] yo, epi pote yo” (vèsè 53). Sa ta kapab yon bon opòtinite pou yo chante ansanm yon kantik sou pouvwa redanmsyon Senyè a, tankou “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur” (Cantiques, no. 73). Ki lòt “kantik lajwa etènèl” (vèsè 33) ki ede nou santi “bon jantiyès Senyè [nou] an”? (vèsè 52).

Doktrin ak Alyans 134

“Se Bondye ki te tabli gouvènman yo pou benefis lòm.”

  • Pou ede manm klas la aprann nan Doktrin ak Alyans 134 la, ou ta kapab mete kesyon tankou sa yo nan yon veso oswa sou tablo a: Kijan Bondye vle pou gouvènman yo ede pitit Li yo? Kisa nou ta dwe fè si lwa terès yo an kontradiksyon avèk lwa selès yo? Ki devwa nou ak responsablite nou kòm sitwayen? Envite manm klas la chwazi yon kesyon epi itilize seksyon 134 la pou kreye yon repons. Ankouraje manm klas la pou yo evite pale de kesyon ou opinyon politik espesifik.

  • Libète pou “adore nan fason, nan kote, oubyen sa yo kapab” (Atik Lafwa 1:11) la se yon privilèj ke Senyè a vle pou chak moun genyen. Si w santi sa t ap itil pou klas ou a pale de prensip libète relijye a, anvizaje li ansanm Doktrin ak Alyans 134:4, 7, 9. Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan wòl yon gouvènman nan pwoteje libète relijye? Kijan nou kapab fè pwomosyon libète relijye pou lòt yo ak noumenm? Manm klas la gen dwa chèche ide pou ede yo reponn kesyon sa a nan seksyon “Resous Adisyonèl” la.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous Adisyonèl

Poto mitan libète relijye.

Èldè Robert D. Hales te anseye:

“Gen kat poto mitan libète relijye ke noumenm Sen Dènye Jou yo, nou dwe fè konfyans ak pwoteje.

“Premye a se libète pou kwè. Moun yo ni gouvènman pa dwe kritike, pèsekite, ou atake okenn moun pou sa l kwè konsènan Bondye. …

“Dezyèm poto mitan libète relijye a se libète pou nou pataje lafwa nou ak kwayans nou avèk lòt moun. … Antanke paran, misyonè aplentan, ak manm misyonè, nou konte sou libète relijye a pou nou ansenye doktrin Senyè a nan fanmi nou e toupatou nan mond lan.

“Twazyèm poto mitan libète relijye a se libète pou fòme yon òganizasyon relijye, yon legliz, pou adore nan lapè avèk lòt moun. Onzyèm atik lafwa a adeklare: “Nou reklame privilèj pou nou adore Bondye Toupisan an dapre lide pwòp konsyans pa nou, epi nou akòde tout moun menm privilèj sa a, se pou yo adore nan fason, nan kote, oubyen sa yo kapab.’ …

“Katriyèm poto mitan libète relijye a se libète pou nou viv lafwa nou—pou nou lib pou egzèse lafwa nou pa sèlman lakay nou ak nan chapèl la men nan lye piblik yo tou” (“Prezève Libabit, Pwoteje Libète Relijye,” Ensign ou Liahona, Me 2015, 112).

Amelyore ansèyman nou

Anseye “rezon” ki fè sa. “Si [manm klas yo] konprann plan etènèl Pè Selès la pou bonè pitit Li yo, rezondèt prensip levanjil yo ak kòmandman yo ap vin pi klè pou yo epi motivasyon pou obeyi a ap ogmante” (Anseye nan Fason Sovè a, 20).