Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135–136: “Li ‘Te Sele Misyon L ak Travay Li Avèk Pwòp San Pa L’”


“22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135–136: ‘Li “Te Sele Misyon L ak Travay Li Avèk Pwòp San Pa L”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135–136,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
deyò Prizon Carthage la

Prizon Carthage

22–28 Novanm

Doktrin ak Alyans 135–136

“Li ‘Te Sele Misyon L ak Travay Li Avèk Pwòp San Pa L”

Lè w li seksyon 135–36, Sentespri a kapab ba w ide ki ta kapab itil pou manm klas ou a. Ide ki nan plan leson sa a ta kapab deklanche ide ou ta kapab itilize lè w ap anseye tou.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Men yon fason pou envite manm klas la pataje panse yo sou konsènan seksyon 135–36. Envite yo imajine ke yo t ap pale avèk yon manm Legliz la ki te la an 1844, yon moun ki te boulvèse pa lamò Joseph Smith lan e ki te enkyete pa sa ta kapab vle di pou Legliz la. Kisa nou ta kapab pataje nan seksyon sa yo ki ta kapab ede moun sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 135; 136:37–39

Joseph ak Hyrum Smith te sele temwayaj yo avèk san yo.

  • Kijan sakrifis Joseph ak Hyrum Smith lan te “sele” temwayaj yo? Petèt manm klas ta kapab medite sou kesyon sa a pandan y ap revize Doktrin ak Alyans 135; 136:37–39. Lè sa a yo ta kapab pataje nenpòt ide yo genyen. Yo ta kapab pataje santiman yo konsènan volonte Joseph ak Hyrum pou yo te te bay lavi yo pou laverite a tou. Alòske yo gen dwa pa mande nou pou nou mouri pou laverite, kijan lavi nou kapab tankou yon “so” pou temwayaj nou?

Doktrin ak Alyans 135:3

Joseph Smith fè plis pou sali nou pase okenn moun esepte Jezikri.

  • Kijan w ka ede manm klas la konprann sa Joseph Smith te fè pou sali yo? Ou ta kapab ekri sou tablo a Akoz de sa Senyè a te revele pa lantremiz Joseph Smith, mwen … epi apre sa envite manm klas la pou yo panse a fason pou yo konplete fraz sa a. Yo ta kapab kòmanse fouye nan Doktrin ak Alyans 135:3 pou yo jwenn bagay ke Joseph Smith te fè pou ede nou jwenn sali ankò. Anvizaje envite manm klas la pataje santiman yo konsènan Joseph Smith ak sa Senyè te revele pa limenm.

  • Yon lòt fason pou ede manm klas la reflechi sou misyon Joseph Smith lan se envite yo ekri yon brèf anons mòtyè oswa yon diskou orevwa pou li. Ou ta gen dwa vle diskite evenman ou akonplisman enpòtan nan lavi l ke yo ta kapab enkli. Kisa yo jwenn nan Doktrin ak Alyans 135 la ke yo ta ka mansyone? Kisa yo ta kapab di nan diskou orevwa yo a pou ede lòt moun fòtifye lafwa yo nan misyon divin Joseph Smith la?

  • Anpil verite konsènan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la te revele pa lantremiz Joseph Smith—verite ki te kontribye a sali tout gason ak tout fi. Pou ede manm klas la rekonèt kontribisyon sa yo, ou ta kapab montre yon foto Jezikri epi mande kèk manm klas la pou yo pataje yon vèsè yo renmen konsènan Jezikri ki soti nan ekriti ki te revele pa lantremiz Joseph Smith yo: Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans ak Pèl Gran Pri a. Kijan ekriti sa yo ede nou konprann ak vin pi pre Sovè a? Kijan verite ki nan vèsè sa yo kontribye a sali nou?

Doktrin ak Alyans 136

Nou kapab akonpli volonte Senyè a lè nou suiv konsèy li.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a sigjere ke manm klas la chèche konsèy nan Doktrin ak Alyans 136 la ki ta kapab ede yo fè yon eprèv tounen yon eksperyans espirityèl. Apre sa ou ta gen dwa mande yo pou yo pataje nenpòt konsèy yo te jwenn. Ou ta kapab mande yo pou yo fouye nan seksyon sa a tou pou jwenn konsèy ki kapab ede nou akonplii volonte Senyè a nan tan pa nou an menm jan sa te ede Sen yo nan “vwayaj yo pou ale nan lwès” la (vèsè 1).

    Imaj
    Winter Quarters

    Winter Quarters, pa Greg Olsen

  • Li ta kapab amizan pou klas ou a kreye yon postè tankou sa nou konn wè nan revi Legliz yo sou youn nan vèsè ki nan seksyon 136la. Pandan y ap travay pa pè (gwoup 2 moun) oubyen endividyèlman, manm klas la ta kapab kòmanse fouye nan vèsè yo pou yo jwenn yon verite ki ekstrawòdinè pou yo. Yo ta kapab kreye apre sa yon postè senp ki montre kijan verite sa a, ki te anseye an 1847 la, toujou kapab ede nou jodia.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous Adisyonèl

Mizik ki anrapò

Chante kantik sa yo oswa gade videyo yo ta kapab envite Sentespri a oubyen enspire yon diskisyon sou travay Pwofèt Joseph Smith la ak sakrifis Sen ki te kontinye apre l yo.

Je rencontrais sur mon chemin” (Cantiques, no. 17). Lè li te nan prizon Carthage la, Joseph Smith te mande John Taylor pou l chante kantik sa a.

Au grand prophète” (Cantiques, no. 16; videyo, , www.thetabernaclechoir.org/videos/praise-to-the-man-mormon-tabernacle-choir). Yo te ekri tèks kantik sa a kòm yon omaj pou Joseph Smith.

Venez, venez, sans craindre le devoir” (Cantiques, no. 18; videyo, www.thetabernaclechoir.org/videos/come-come-ye-saints-mormon-tabernacle-choir).

Faith in Every Footstep” (video, www.thetabernaclechoir.org/videos/faith-in-every-footstep).

Amelyore ansèyman nou

Temwaye konsènan vrè doktrin nan. Ou kapab pataje temwayaj ou konsènan verite yo pandan tout leson an, pa sèlman nan fen an. Pandan w ap fè sa, Sentespri a ap konfime verasite doktrin nan nan kè moun w ap anseye yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,21.)