Doktrin ak Alyans 2021
29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans137–138: “Vizyon Redanmsyon Mò yo”


“29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans137–138: ‘Vizyon Redanmsyon Mò yo’” Vini, Suiv wen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 2020)

“29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
moun ki nan mond dèzespri a

Joseph wè papa l, manman l, ak frè l la nan wayòm selès la (Vizyon Joseph Smith sou Wayòm Selès la, Robert Barrett).

29 Novanm–5 Desanm

Doktrin ak Alyans 137–138

“Vizyon Redanmsyon Mò yo”

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Nou tout kapab poze tèt nou kesyon an prive sou sikonstans yo nan mond dèzespri a. … Men an nou pa anseye oswa itilize kòm doktrin ofisyèl sa ki pa ranpli kondisyon doktrin ofisyèl la” (“Konfyans nan Senyè a,” Ensign ou Lyawona, Nov. 2019, 28). Asire w ke diskisyon nan klas ou a fonde sou ekriti yo ak pawòl pwofèt yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Gen anpil verite doktrinal enspiran nou jwenn nan Dotrin ak Alyans 137–38 la. Envite manm klas la fè yon lis kèk ladan yo. Apre sa nou ta kapab pase kèk minit ap revize lis yo antanke klas epi pale de rezon kii fè verite sa yo enpòtan pou yo. Èske gen yon moun ki te aprann yon bagay nan seksyon sa yo ke l pa t konprann anvan sa?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 137; 138:32–37

Chak nanm ap gen opòtinite pou l chwazi glwa selès.

  • Anpil nan nou konnen moun ki pa t gen chans pou yo te asepte levanjil la nan vi sa a —sa enkli moun ki mouri lè yo te timoun. Envite manm klas la pataje yon verite yo jwenn nan seksyon 137 la ki ede yo konprann plan Bondye pou moun sa yo. Ki verite nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 138:32–37 la ki ogmante konpreyansyon nou sou plan Bondye a? Manm klas la ta kapab pataje kijan verite sa yo fè yo santi yo konsènan Pè Selès la, plan sali L la, ak Ekspyasyon Jezikri a. Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo ta ka ede nou nan diskisyon sa a.

Doktrin ak Alyans 138:1–11, 25–30

Li ak medite ekriti yo prepare nou pou nou resevwa revelasyon.

  • Eksperyans Joseph F. Smith te dekri nan Doktrin ak Alyans 138:1–11, 25–30 yo ede nou konprann kijan nou ka prepare nou pou nou resevwa revelasyon. Petèt manm klas la ta kapab travay ansanm pou yo idantifye sa yo aprann konsènan revelasyon nan vèsè sa yo. Ou ta kapab mande manm klas la pou yo pataje kijan li ak medite ekriti yo prepare yo pou yo resevwa revelasyon (gade tou nan Istwa—Joseph Smith 1:11–12).

  • Mesaj Prezidan M. Russell Ballard la “Vizyon Redanmsyon Mò Yo” (Ensign ou Lyawona, Nov. 2018, 71–74) dekri “lavi preparasyon pou resevwa revelasyon remakab sa a ke Joseph F. Smith te genyen [Doktrin ak Alyans 138].” Si manm klas ou a te li mesaj Prezidan Ballard la semèn sa a, ankouraje yo pou yo pataje yon bagay ki te enpresyone yo. Oubyen nou ta kapab li kèk pòsyon nan mesaj la antanke klas. Kisa ki enpresyone nou sou lavi ak karaktè Prezidan Smith? Kisa nou ka aprann nan egzanp sa a?

    Imaj
    tablo sou Joseph F. Smith

    Joseph F. Smith, pa Albert E. Salzbrenner

Doktrin ak Alyans 138:12–60

Travay sali a ap kontinye apre lamò.

  • Pou ede manm klas la dekouvri verite ki nan Doktrin ak Alyans 138:12–60 yo, ou ta kapab ba yo plizyè kesyon sou mond dèzespri a ki jwenn repons nan vèsè sa yo. Pa egzanp: Kisa Senyè te fè pandan L te nan mond dèzespri a? Kiyès ki se mesaje Senyè a, epi kisa mesaj yo a ye? Manm klas la ta kapab seleksyone youn ou plis nan kesyon sa yo epi travay an ti gwoup pou chèche repons yo. Apre sa youn ta kapab pataje verite yo te jwenn yo avèk lòt. Ki diferans verite sa yo fè nan lavi nou?

  • Kisa nou t ap di yon moun ki mande “Kisa k ap rive lè nou mouri?” Kisa ou t ap pataje nan Doktrin ak Alyans 138:12–60 la ki ta kapab ede reponn kesyon sa a? (gade tou nan Alma 40:11–15).

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Plan Bondye a bay yon fason pou tout pitit Li yo asepte levanjil la.

Prezidan Henry B. Eyring te anseye:

“Se sèlman yon ti minorite nan pitit Bondye yo ki gen yon konpreyansyon konplè konsènan plan Bondye a pandan vi sa a, ansanm avèk aksè a òdonans ak alyans prètriz ki rann pouvwa ekspyasyon Sovè a konplètman operasyonèl nan lavi nou yo. …

“Gen kèk moun ki kapab konsidere sa kòm yon bagay enjis. Yo kapab menm pran l kòm yo prèv ke pa gen plan, pa gen okenn kondisyon espesyal pou sali nou—paske yo santi ke yon Bondye ki jis e eman pa t ap kreye yon plan ki disponib sèlman pou yon ti pòsyon konsa nan pitit Li yo. Gen lòt ki ta kapab konkli ke Bondye dwe te detèmine alavans kiyès nan pitit Li yo Li t ap sove ak pou kiyès ladan yo li t ap rann levanjil la disponib, alòske li t ap senpleman pa ‘chwazi’ moun ki pa t janm tande levanjil la.’

“Men oumenm avèk mwen konnen ke akoz de bann verite sa yo ki retabli gras a Pwofèt Joseph Smith la, plan Bondye a pi eman e pi jis lontan pase sa. Papa Nou Ki Nan Syèl la vle rasanble ak beni tout fanmi L lan. Alòske Li konnen ke se pa tout moun ki ap chwazi pou yo nan rasanbleman an, plan L lan bay chak grenn nan pitit Li yo opòtinite pou yo asepte oswa rejte envitasyon L lan” (“Rasanble Fanmi Bondye a,” Ensign ou Lyawona, Me 2017, 20–21).

Amelyore ansèyman nou

Itilize pawòl Pwofèt yo “Ekriti yo ak pawòl pwofèt ak apot dènye jou yo se sous verite n ap anseye yo. Chak fwa gen yon opòtinite, egzòte moun w ap anseye yo pou yo ale nan pawòl Bondye a pou yo ka jwenn direksyon” (Ansye nan Fason Senyè a, 21).