Doktrin ak Alyans 2021
13–19 Desanm. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan: “Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”


“13–19 Desanm. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan: ‘Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòdidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

13–19 Desanm. Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
yon fanmi

13–19 Desanm

Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan

“Fanmi se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”

Pandan w ap etidye “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” semèn sa a, konsidere verite w pral sipòte yo avèk manm klas yo nan efò yo pou yo fòtifye fwaye yo ak fanmi yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas yo pataje sa yo te aprann semèn sa a nan etid yo sou pwoklamasyon sou fanmi an, ou ta gen dwa mande yo pou yo chwazi nenpòt paragraf epi fè rezime sa paragraf sa a anseye nan yon sèl fraz.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

“Fanmi se pwen santral nan plan Kreyatè a.”

  • Legliz la rekonèt pou aksan li mete sou fanmi, epi pwoklamasyon sou fanmi an revele rezon doktrinal ki fè yo mete aksan sa a. Pou ankouraje yon diskisyon sou sa, ou ta gen dwa envite manm klas yo pou yo imajine ke yon moun te mande yo poukisa Legliz la mete aksan sou fanmi konsa. Ki verite nan pwoklamasyon an nou ta ka pataje pou reponn kesyon moun sa a?

  • Yon rezon k fè pwoklamasyon sou fanmi an si enpòtan konsa sèke li reyafime verite ki anba atak yo nan epòk nou an. Ki verite nan pwoklamasyon an ki ede nou pou nou pa twonpe pa fo ide sou fanmi yo ki nan mond lan jodia? Kijan verite sa yo ka enfliyanse chwa n ap fè? Deklarasyon Èldè Dallin H. Oaks la nan seksyon “Resous adisyonèl” la kapab ede pou reponn kesyon sa a.

    Imaj
    Yon fanmi ki ap kuit manje

    Paran dwe elve pitit yo nan lanmou ak jistis.

Bonè nan lavi familyal kapab akonpli pi souvan lè l fonde sou ansèyman Senyè Jezikri yo.”

  • Diskite sou prensip ki nan paragraf sis ak sèt nan pwoklamasyon sou fanmi an ta ka ede manm klas ou yo jwenn pi plis bonè nan relasyon familyal yo. Panse pou w fè lis prensip yo sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo chwazi yon prensip pou yo diskite ade. Yo ta gen dwa itilize kesyon tankou sa yo pou gide diskisyon yo: Ki egzanp nan prensip sa a nou wè nan lavi familyal nou? Nan ki fason viv prensip sa a ap mennen nan bonè nan fanmi nou? Ki fason viv prensip sa a ede pou fè Sovè a vin fondasyon lavi familyal nou? Ki ekriti ki ta ka ede fanmi nou konprann prensip sa a pi byen? (Manm klas yo ta ka jwenn ekriti nan itilize Gid pa Sijè a oswa Gid Ekriti yo [scriptures.ChurchofJesusChrist.org].) Manm chak gwoup yo gen dwa pataje avèk klas la sa yo jwenn yo nan apre.

    Mete aksan sou sa, kèlkeswa sikonstans familyal nou kounyeya, nou kapab fè efò pou nou bati yon fanmi etènèl sou fondasyon Sovè a ak levanjil Li a.

“Nou mande sitwayen responsab yo … pou yo sipòte mezi sa yo ki pran pou mentni ak fòtifye fanmi an.”

  • Kijan w ka ede manm klas ou yo konprann responsablite yo pou yo sipòte verite yo ki nan pwoklamasyon sou fanmi an? Pou kòmanse diskisyon an, ou ta gen dwa diskite sou kisa klas la aprann nan tit pwoklamasyon an. Kisa yon pwoklamasyon ye? Kisa k te kalifye Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo pou yo te pibliye yon pwoklamasyon pou mond lan konsènan fanmi? Manm klas yo gen dwa fè lis sa yo konsidere ki mesaj prensipal nan pwoklamasyon an (ankouraje yo pou yo site kèk pasaj spesifik). Apresa yo ta gen dwa diskite sou fason pou yo sipòte mesaj sa yo nan kominote yo oubyen nasyon yo. Mesaj Sè Bonnie L. Oscarson nan “Defansè Pwoklamasyon sou Fanmi an” gen egzanp nou ka repase ansanm antanke klas (Ensign ou Liahona, Me 2015, 14–17). Ou gen dwa gade video “Defansè Lafwa” a tou nan (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Fanmi yo nan plan Bondye a.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Sen Dènye Jou ki konprann plan sali Bondye yo gen yon apèsi unique sou mond lan ki ede yo wè rezon pou kòmandman Bondye yo, nati enchanjab òdonans li egzije yo, ak wòl fondamantal Sovè nou an, Jezikri. Ekspyasyon Sovè nou an reklame nou nan men lanmò epi, sou kondisyon repantans nou, li sove nou anba peche. Avèk apèsi sa a sou mond lan, Sen Dènye Jou yo gen priyorite ak pratik distenktif epi yo beni avèk fòs pou yo andire fristrasyon ak doulè lavi nan mòtalite a. …

“Plan levanjil chak fanmi dwe suiv pou prepare pou lavi etènèl ak egzaltasyon an souliyen nan pwoklamasyon Legliz la te bay an 1995 la, ‘Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.’ Natirèlman, deklarasyon l yo vizibleman diferan de kèk lwa, pratik, ak deklarasyon mond lan kote n ap viv la. Nan epòk pa nou an, diferans ki pi evidan yo se moun ki abite ansanm san yo pa marye, se maryaj ant moun menm sèks, ak elve timoun nan kalite relasyon sa yo. Moun ki pa kwè nan egzaltasyon oubyen ki pa aspire a egzaltasyon epi ki pi pèsyade pa fason mond lan, yo konsidere pwoklamasyon sou fanmi an kòm jis yon deklarasyon sou politik legliz la ki ta dwe chanje. An kontras, Sen Dènye Jou yo afime ke pwoklamasyon sou fanmi an defini kalite relasyon familyal kote pati ki pi enpòtan nan devlopman etènèl nou an ka rive” (“Plan an ak Pwoklamasyon an,” Ensign ou Liahona, Nov. 2017, 29).

Amelyore ansèyman nou

Viv levanjil la avèk tout kè w. Prezidan Boyd K. Packer te anseye, “Yon enstriktè resevwa pouvwa lè l fè tout sa l kapab pou prepare, pa sèlman leson an, men nan kenbe lavi li an amoni avèk Lespri a tou” (Boyd K. Packer, Teach Ye Diligently [1975], 306).