Doktrin ak Alyans 2021
6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2: “Nou Kwè”


“6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2: “Nou Kwè” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2: “ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Dra ki fèt avèk plizyè moso twal ki montre men anpil koulè po

Pou Tout Manm Gason Ki Diy, pa Emma Allebes

6–12 Desanm

Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2

“Nou Kwè”

Nan yon espri lapriyè, li Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo, epi chèche enspirasyon Sentespri a pandan w ap planifye yon eksperyans aprantisaj siyifikatif pou manm klas la le dimanch.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou ta kapab envite yon manm klas la konplete deklarasyon sa a: “Mwen kontan li ekriti yo semèn sa a paske …”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Atik Lafwa yo

Atik Lafwa yo genyen ladan yo verite fondamantal levanjil retabli a.

  • Men yon fason pou ede manm klas la pataje sa yo te twouve ki trè siyifikatif nan Atik Lafwa yo: Ou ta kapab ekri nimewo soti nan 1 pou rive nan 13 sou tablo a epi mande manm klas la pou yo ekri bò kote nimewo yo yon bagay yo te aprann nan atik lafwa ki koresponn avèk avèk nimewo yo. Ki diferans verite sa yo fè nan relasyon nou avèk Paran Selès nou yo ak Jezikri? Petèt manm klas la kapab pataje kijan Atik Lafwa yo te amelyore jan yo etidye levanjil la oubyen te ede yo pataje levanjil la avèk lòt moun.

Atik Lafwa 1:9; Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2

Legliz Jezikri a gide pa revelasyon.

  • Poukisa revelasyon ki ap kontinye enpòtan pou nou? Envite manm klas la pataje santiman yo sou kesyon sa a. Manm klas la ta kapab diskite tou sou kijan prensip revelasyon kontinyèl relye a Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo. (Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere resous itil ki lye a revelasyon sa yo.) Kisa nou aprann nan Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo konsènan wòl revelasyon nan gide Legliz la? (gade tou nan Atik Lafwa 1:9 ak deklarasyon Prezidan Gordon B. Hinckley a nan seksyon “Resous Adisyonèl”) la. A ki lòt egzanp revelasyon kontinyèl manm klas la ka panse? Kijan revelasyon sa yo enfliyanse lavi nou epi ede nou bati wayòm Pè Selès la?

  • Anvizaje envite manm klas la revize Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 a epi pataje yon bagay nan revelasyon sa yo ki ta kapab ede yon moun ki ap lite pou l asepte yon chanjman nan règleman, revelasyon, oswa doktrin resan nan Legliz la. Kijan manm klas la aprann kwè nan Bondye lè y ap lite avèk yon bagay nan Legliz la? Kijan etid yo semèn sa a te ranfòse lafwa yo ke Senyè a ap dirije Legliz Li a? Deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdorf ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ta ka ede tou.

    Imaj
    Tablo Wilford Woodruff.

    Wilford Woodruff, pa H. E. Peterson.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Lespri Bondy te la.”

Prezidan Gordon B. Hinckley t ap sèvi kòm manm Kolèj Douz Apot yo lè revelasyon ki dekri nan Deklarasyon Ofisyèl 2 a te resevwa. Anpil ane apre sa, li te dekri eksperyans li an.

“Te gen yon atmosfè sakre ak sanktifye nan sal la. Pou mwenmenm, mwen te santi m kòm si te gen yon kanal ki te ouvri ant twòn selès la ak pwofèt Bondye a ki te ajenou, ki t ap sipliye a e ke frè l yo te vin ini avèk li a. Lespri Bondye te la. Epi pa pouvwa Sentespri a pwofèt sa a te vin gen yon asirans ke bagay li t ap mande nan priyè l la te jis, ke lè a te rive, e ke kounyeya pou yo te etann benediksyon mèveye prètriz la a manm diy toupatou kèlkeswa lineyaj yo.

“Chak frè nan sèk priyè sa a, pa pouvwa Sentespri a, te konnen menm bagay la.

“Se te yon okazyon trankil ak siblim. … Nou pa t tande okenn vwa ke zòrèy fizik nou te ka tande. Men vwa Lespri a te chichote avèk sètitid nan lespri nou ak nan nanm nou” (“Priesthood Restoration,” Ensign, Okt. 1988, 70).

“Se tou nòmal pou nou gen kesyon.”

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te di moun ki gen dout konsènan istwa oubyen doktrin Legliz la bagay sa yo:

“Se tou nòmal pou nou gen kesyon—ti grenn demann onèt la jèmen souvan epi devlope pou vin tounen yon gwo pyebwa konpreyansyon. Pa gen anpil manm nan Legliz la ki pa lite anba kesyon serye oubyen delika, yon moman oubyen yon lòt. Youn nan bi Legliz la se nouri ak kiltive semans lafwa a—menm nan sòl ki gen sab dout ak ensètitid pafwa. Lafwa se espere bagay ou pa wè, men ki vre.

Se poutèt sa, chè frè m ak sè m yo—chè zanmi m yo—silvouplè, doute dout nou yo dabò anvan nou doute lafwa nou. Nou pa dwe janm pèmèt dout kenbe nou prizonye e kenbe nou lwen amou diven, lapè, ak don ki vini atravè lafwa nan Senyè a, Jezikri”(“Vini, Ini Avèk Nou,” Ensign ou Liahona, Nov. 2013, 23; gade tou Lawrence E. Corbridge, “Stand Forever” [Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, Jan. 22, 2019], speeches.byu.edu).

Amelyore ansèyman nou

Sa OKE pou w di “M pa konnen.” Pandan ke ou dwe eseye fè sa w kapab pou ede manm klas la reponn nenpòt kesyon yo sou levanjil la, Senyè a pa atann ke w konn tout bagay. Lè w pa konn kijan pou reponn yon bagay, admèt sa. Apre sa, dirije etidyan w yo sou doktrin revele a, epi rann temwayaj sensè sou sa ou konnen. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a,24.)