Doktrin ak Alyans 2021
20–26 Desanm. Nwèl: Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a


“20–26 Desanm. Nwèl: Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“20–26 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldiddimanch: 2021

Imaj
tablo Mari ak tibebe Jezi

Nativite an Kuiv ak Bwa, pa J. Kirk Richards

20–26 Desanm.

Nwèl

Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a

Sonje ke aprantisaj levanjil ki pi enpòtan ak pi efikas pou manm klas yo fèt nan fwaye yo. Pandan w ap prepare pou w anseye a, konsidere kijan klas Lekòldidimanch ou a ka ranfòse etid pèsonèl ak familyal yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Nan ki fason etidye “Kris Vivan an” (ChurchofJesusChrist.org) semèn sa a te beni manm klas ou yo? Ou gen dwa pataje pawòl sa yo Prezidant Jean B. Bingham, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a te di yo, epi apresa envite manm klas yo pou yo pale de nenpòt eksperyans similè yo te fè: “Pandan m t ap etidye lavi ak ansèyman Jezikri yo avèk plis konsantrasyon ak plis angajman nan aprann ‘Kris Vivan an’ gratitid mwen ak lanmou m pou Sovè nou an te ogmante. Chak fraz dokiman enspire sa a gen yon diskou epi apwofondi konpreyansyon m sou wòl divin ni ak misyon terès li a. Sa m aprann ak sa m santi pandan peryòd etid ak refleksyon sa a konfime m ke Jezi se vrèman ‘limyè, lavi, ak lespwa mond lan’” (“Pou lajwa w ka total,” Ensign ou Liahona, Nov. 2017, 85).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

“Okenn lòt moun pa gen yon enfliyans si pwofon konsa.”

  • Manm klas yo ka li premye paragraf “Kris Vivan an” epi pataje sa yo panse de rezon k fè enfliyans Jezikri pi pwofon pase enfliyans tout lòt moun konsa. Ki lòt deklarasyon nan “Kris Vivan an” ki sipòte asirans sa a? Envite manm klas yo pou yo pataje kijan li enfliyans yo pèsonèlman. Video “Poukisa nou bezwen yon Sovè” a nan (ChurchofJesusChrist.org) ka pote sipleman sou diskisyon w lan.

  • Eske manm klas yo konn oblije eksplike yon moun yon lòt kilti poukisa yo selebre Nwèl? Petèt yo ta ka pataje eksperyans yo. Oubyen ou gen dwa envite yo pou yo imajine ke yon moun ki pa familye avèk Krisyanis la ta poze yo kesyon sa a. Kijan nou ta ka reponn kesyon sa a? Ankouraje yo pou yo repase “Kris Vivan an” avèk kesyon sa a nan lespri yo, epi envite kèk nan yo pou pataje sa yo panse. Kòm klas, nou gen dwa li Lik 2:10–14 tou oubyen chante yon kantik ki eksprime lajwa Nwèl la (tankou “Joy to the World,” Hymns, no. 201) epi di poukisa nesans Kris la pote “gwo lajwa.” Kisa nou ka fè pou ranfòse konvèsyon nou?

    Imaj
    Jezikri

    Limyè mond lan, pa Howard Lyon

“Nou remèsye Bondye pou kado san parèy [Li] a.”

  • Nan “Kris Vivan an,” Apot yo fè referans ak Sovè a kòm “kado” Pè Selès la ba nou. Pou ede manm klas yo aprann osijè kado sa a, ou gen dwa ekri sou tablo Atravè Jezikri, Bondye ba nou kado … epi envite yo pou yo sigjere fason pou konplete fraz sa a, baze sou sa yo li nan “Kris Vivan an” ak deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson an nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Kijan nou resevwa kado sa yo? Ou ta kapab envite manm klas la pou yo chwazi kado sa yo epi travay pou yo resevwa kado pi konplètman.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Kado Sovè a ofri.

Pandan l t ap pale pou sezon Nwèl la, Prezidan Russell M. Nelson te bay lis kat kado Sovè a bay tout moun ki dispoze pou resevwa yo:

“Premyèman, Li te bay oumenm avèk mwen yon kapasite ilimite pou nou renmen. Sa enkli kapasite pou nou renmen moun ki pa merite lanmou nou ak moun ki non sèlman pa renmen nou men ki aktyèlman ap pèsekite nou e fè nou ditò.

“Avèk èd Sovè a, nou kapab aprann renmen jan l te renmen an. …

“Yon dezyèm kado Sovè a ofri w se kapasite pou w padone. Gras ak Ekspyasyon Enfini l lan, ou ka padone moun ki blese ou e ki gen dwa pa janm aksepte responsablite yo pou kriyote yo te fè w yo. …

“Yon twazyèm kado Sovè a bay se repentans. Moun pa toujou byen konprann kado sa a. … Repantans se yon kado resplandisan. Se yon pwosesis pou nou pa janm pè. Se yon kado pou nou resevwa ak lajwa epi pou nou itilize—menm anbrase—jou apre jou pandan n ap chèche vin plis tankou Sovè nou an. …

“Yon katriyèm kado Senyè a bay se aktyèlman yon pwomès—yon pwomès lavi etènèl. … Lavi etènèl se yon tip ak kalite vi ke Pè Selès la ak Pitit Gason Byeneme L la ap viv. Lè Papa ofri nou lavi etènèl la, anfèt men sa la ap di: ‘Si w chwazi pou w suiv Pitit Gason m nan—si dezi w se pou w vrèman vin menm jan avèk li—enben, lè moman an rive, w ap gen dwa viv jan n ap viv la epi prezide sou mond ak wayòm jan n ap fè a.’

“Kat kado san parèy sa yo ap pote plis anplis lajwa pou nou lè nou asepte yo. Yo te rann posib paske Sovè a te konsanti pou l te vini sou tè a antanke tibebe Jezi” (“Kat Kado Jezikri Ofri Ou” [Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, 2 Des. 2018], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Amelyore ansèyman nou

Prepare tèt ou espirityèlman. ”Yon ansèyman levanjil puisan pa vledi senpleman prepare yon leson men li soti nan prepare tèt nou. … Enstriktè levanjil efikas yo—anvan yo panse a ranpli tan klas la—konsantre plis sou ranpli kè yo avèk Sentespri a” (Anseye nan Fason Sovè a, 12).