Doktrin ak Alyans 2021
11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120: “Sakrifis Li a ap Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon L Lan”


“11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115-120: ‘Doktrin ak Alyans 115–120: Sakrifis Li a ap Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon L Lan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Far West

Far West, pa Al Rounds

11–17 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 115–120

“Sakrifis Li a ap Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon L Lan”

Lè w ap prepare w pou w anseye, sonje ke objektif prensipal ou se ede lòt yo bati lafwa nan Jezikri.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anvan w pale de prensip ki nan seksyon 115–20 an ki te siyifikan pou ou, mande manm klas la pou yo pataje sa ki te siyifikan pou yo. Pa egzanp, ou ta kapab envite manm klas la konplete fraz sa a: “Mwen rekonesan dèske m te li seksyon 115–20 la paske …”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 115:4–6

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon defans ak yon refij.

  • Manm klas la ta kapab chèche mesaj Prezidan Russell M. Nelson “Non Kòrèk Legliz la” (Ensign ou Lyawona, Nov. 2018, 87–90) pou ide ki ka ede yo konprann vèsè 4–6yo. Poukisa li enpòtan pou nou itilize non kòrèk Legliz la?

  • Apre yo fin li Doktrin ak Alyans 115:4–6 la ansanm, yo ta kapab diskite sou kijan Legliz ak manm li yo se tankou yon limyè oswa yon modèl. Ou ta kapab montre foto yon fa nan yon tanpèt epi mande manm klas la ki rapò ki genyen ant limenm ak mesaj ki nan vèsè 5–6 la. Kijan rasanble nan “Siyon, ak … pieu l yo” ba w “refij kont siklòn”? (vèsè 6).

    Imaj
    fa

    Nou kapab klere tankou limyè pou ede lòt moun jwenn refij nan Legliz la.

Doktrin ak Alyans 117

Sakrifis nou yo sakre pou Senyè a.

  • Envite manm klas la imajine ke yo se Newel K. Whitney oswa madanm li, Elizabeth ki te posede yon magazen ki te gen anpil siksè nan Kirtland men Senyè a te mande yo pou yo kite pwopriyete yo a epi pou yo te al tabli nan Missouri. Yo ta kapab li vèsè 1–11 apresa epi pataje yon bagay Senyè a te di ki t ap ede yo fè sakrifis sa a.

  • Èd vizyèl ta kapab ede manm klas la konsidere “bagay ki piti piti” nou konvwate pafwa yo olye de “bagay ki gen plis enpòtans yo?” (vèsè 8). Anvizaje montre kèk objè tankou yon gout dlo ak yon boutèy dlo oswa yon ti moso chokola ak yon ba chokola. Petèt manm klas la ta kapab panse a lòt egzanp. Ou ta kapab ekri tou gout ak bagay ki enpòtan sou tablo a epi mande manm klas la pou yo fè yon lis egzanp bagay nou kapab bezwen “kite … ale” (vèsè 5) pou nou ka resevwa “abondans” Bondye (vèsè 7).

  • Si manm klas te gen nenpòt enpresyon pandan yo t ap li pawòl Senyè a te di Oliver Granger nan vèsè 12–15 yo, envite yo pou yo pataje. Poukisa sakrifis nou yo ta kapab pi sakre pou Senyè a pase revni nou?

Doktrin ak Alyans 119–20

Lè nou peye dim, nou ede bati ak “sanktifye tè Siyon an.”

  • Imajine fòs espirityèl ki ta kapab soti nan soti nan manm klas la lè youn ap pataje avèk lòt benediksyon yo resevwa paske yo obeyi lwa dim nan. Yo ta kapab li tou Doktrin ak Alyans 119:6 epi diskite kijan lwa sa a kapab “sanktifye tè Siyon an” epi fè pawas oswa branch nou tounen “yon peyi Siyon pou [nou].” Yo ta kapab li tou Malachi 3:8–12 pou idantifye benediksyon Senyè a pwomèt moun ki peye dim.

  • Si manm klas la gen kesyon sou jan yo itilize ladim, ou ta gen dwa envite yo li seksyon 120 an ak eksplikasyon ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. (Èdè David A. Bednar bay yon deskripsyon itil tou nan “Fenèt syèl yo” [Ensign ou Lyawona, Nov. 2013, 19–20].) Kijan nou ka ede lòt yo ogmante lafwa yo nan lwa dim Senyè a?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Konsèy sou Dispozisyon Dim yo.

Èldè Robert D. Hales te anseye:

“Jan Senyè a te revele sa a, se yon konsèy ki fòme avèk Premye Prezidans lan, Kowòm Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an ki detèmine kijan pou yo sèvi avèk dim nan. Senyè a deklare espesifikman ke travay konsèy la dirije ‘avèk vwa pa mwen m ap ba yo’ [Doktrin ak Alyans 120:1]. Konsèy sa a rele Konsèy pou Dispozisyon Dim yo.

“Sa remakab pou nou temwaye ke konsèy sa a koute vwa Senyè a. Chak manm okouran epi patisipe nan tout desizyon konsèy la. Okenn desizyon pa pran toutotan konsèy la pa vote alinanimite. Tout fon dim yo depanse pou bi Legliz la, ki enkli antrèd—pran swen pòv yo ak moun ki nan nesesite yo—tanp yo, batiman yo epi fè antretyen chapèl yo, edikasyon, pwogram—anbrèf, travay Senyè a. …

“… Mwen rann temwayaj mwen konsènan Konsèy pou Dispozisyon Dim nan. Mwen chita nan Konsèy sa a pandan 17 an, kòm Evèk Prezidan Legliz la epi kounyeya kòm yon manm Kolèj Douz Apot yo. San esepsyon, fon dim yo nan Legliz sa a itilize pou bi Li” (“Ladim: Yon Tès Lafwa avèk Benediksyon Etènèl,” Ensign ou Liahona, Nov. 2002, 28).

Amelyore ansèyman nou

Envite manm klas yo pou youn anseye lòt. “Li ka apwopriye pou w envite manm klas yo pou youn ede lòt jwenn repons pou kesyon yo. Lè w santi Lespri a enspire w, ou gen dwa deside pou fè sa menm si w santi ke w konn repons lan” (Anseye nan Fason Sovè a, 24).