Doktrin ak Alyans 2021
18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123: “O Bondye, Ki Kote W Ye?”


“18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123: ‘O Bondye, Ki Kote W Ye?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Prizon Liberty

Liberty Jail Spring, pa Al Rounds

18–24 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 121–123

“O Bondye, Ki Kote W Ye?”

Meyè fason pou prepare w pou anseye se li ekiriti yo, panse a moun w ap anseye yo, epi suiv Lespri a. Aktivite ki nan plan leson sa a ka konplete enspirasyon w ap resevwa a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas la chwazi yon mesaj nan Doktrin ak Alyans 121–23 a ke yo ta vle pataje avèk yon moun ki ap soufri. Kite yo eksplike chwa yo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 121:1–33122

Si nou sipòte eprèv nou yo byen, Bondye ap egzalte nou anwo.

  • Ou gen dwa gen manm nan klas la ki, akoz de eprèv difisil, gen menm santiman avèk sa Joseph Smith te eksprime nan Doktrin ak Alyans 121:1–6 la. Apre nou fin li vèsè sa yo ansanm, ou ta kapab envite manm klas la pou yo idantifye epi pataje mesaj ki nan vèsè 7–33 yo ki ba yo espwa ak konsolasyon diran eprèv yo. Kisa sa vle di “sipòte … byen”? (vèsè 8). Kijan Sovè a ede nou sipòte byen? Kijan nou youn ka ede lòt sipòte byen?

  • Pou ede manm klas la konsidere kijan eprèv yo kapab “ban nou eksperyans” (Doktrin ak Alyans 122:7), ou ta kapab ba yo yon moso papye epi mande yo pou yo ekri yon eprèv yo te afwonte. Sou lòt bò papye a, manm klas la ta kapab ekri mo “eksperyans” ak “bon.” Pandan nou ap diskite ansanm sou Doktrin ak Alyans 122 a, ankouraje manm klas la ekri nenpòt panse yo genyen konsènan “lòt fasad” eprèv yo: “eksperyans” oswa “byen” yo te jwenn. Kèk manm klas la gen dwa alèz pou yo pataje kijan finalman eprèv yo a te vin pou byen yo. Ou ankò yo ta kapab li eksperyans Èldè Koichi Aoyagi a nan “Kenbe Wout ou” (Ensign ou Liahona, Nov. 2015, 126–28).

Doktrin ak Alyans 121:34–46

Nou dwe jis pou nou gen aksè a “pouvwa syèl” yo.

  • Li ta kapab enteresan pou nou wè kontras ant fason yo mentni “pouvwa oswa enfliyans” nan mond lan avèk jan Senyè a di pouvwa enfliyans ta dwe mentni (gade nan seksyon 121 an). Pou ede nan diskisyon sa a, ou ta kapab fè yon desine 2 kolòn sou tablo a ki gen tit Pouvwa Mond la ak Pouvwa Syèl la. Manm klas yo ta kapab ranpli kolòn yo avèk mo ak fraz ki soti nan Doktrin ak Alyans 121:34–46 la. Kijan vèsè sa yo ta kapab chanje jan nou wè responsablite nou nan fanmi nou, kòm frè ak sè sèvis pastoral, oubyen nan lòt sitiyasyon kote nou espere enfliyanse lòt moun pou byen?

  • Yon fason pou diskite konsèy ak benediksyon mèveye ki nan Doktrin ak Alyans 121:45–46 yo se divize klas la an gwoup epi mande chak gwoup pou yo etidye ak diskite yon fraz nan vèsè sa yo, tankou “se pou vèti gani panse w san rete;” oubyen “tankou lawouze ki soti nan syèl la.” Yo ta kapab gade definisyon mo, li ekriti ki gen rapò avèk yo nan nòt ki anba paj la, epi diskite kisa fraz sa yo vle di pou yo. Gen kèk gwoup ki gen dwa vle desine foto pou ilistre fraz yo a. Envite chak gwoup pou yo pataje sa yo te aprann avèk klas la.

Doktrin ak Alyans 122:8–9

Jezikri te desann pi ba pase tout bagay e li fòtifye nou nan eprèv nou yo.

  • Konprann ke Jezikri “te desann pi ba,… tout [bagay]” kapab bay manm klas la konfyans pou yo tounen vè Limenm. Ekriti adisyonèl sa yo kapab ede eksplike kisa fraz sa a vle di: Ezyi 53:3–4; Ebre 2:17–18; 1 Nefi 11:16–33; Alma 7:11–13. Manm klas la ta kapab li vèsè sa yo, ansanm avèk Doktrin ak Alyans 122:8, pandan y ap chèche yon bagay ki bati lafwa yo ke Jezi kapab ede yo nan eprèv yo. Yo ta kapab jwenn enspirasyon tou nan kantik sou Sovè a, tankou “Où pourrais-je chercher la paix?” (Cantiques, no. 68).

  • Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo bay plis ide sou jan Sovè a te desann anba tout bagay. Ou ta kapab panse a yon fason ou ta kapab demontre kijan lè nou “anba” yon objè ki lou, sa fè nou “pozisyione pafètman pou leve [li].” Kijan konnen ke Sovè te desann pi ba pase tout bagay la ede nou nan eprèv nou yo?

    Imaj
    Jezi atè a nan Jetsemani

    Jezi konprann soufrans nou yo. Non pa volonte pa m, men volonte pa w, pa Walter Rane

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Kris la te desann pi ba pase tout bagay.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Gen dè milyon moun ki gen krent pou Bondye k ap priye Bondye pou L soulaje yo anba afliksyon yo. Sovè nou an te revele ke Li te ‘desann pi ba pase tout bagay’ (D&A 88:6). Jan Èldè Neal A. Maxwell te anseye a: “Paske li te ‘desann pi ba pase tout bagay la,’ li pafètman e pèsonèlman konprann tout soufrans lòm’ [[Ensign, Nov. 1997, 23]. Nou ta gen dwa menm di ke poutèt li te desann pi ba tout bagay, Li pafètman nan pozisyon pou L soulaje nou epi ban nou fòs nou bezwen pou nou sipòte afliksyon nou yo” (“Fòtifye pa Ekspyasyon Jezikri a,” Ensign ou Liahona, Nov. 2015, 64).

Amelyore ansèyman nou

Apèl ou a enspire. Se Senyè a ki aple w kòm enstriktè, pou beni pitit li yo. Li vle pou ou gen siksè, konsa lè w viv diy pou èd Li, L ap ba w revelasyon ou bezwen an (gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 5).