Doktrin ak Alyans 2021
25-31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6–9: “Sa se Espri Revelation an”


“25–31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6–9: ‘Sa a se Espri Revelation an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“25–31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Yon eskrib ki ap ekri sou papye

25–31 Janvye

Doktrin ak Alyans 6–9

“Sa a se Espri Revelasyon an”

Doktrin ak Alyans 6–9 anseye prensip valab konsènan resevwa revelasyon. Aplike prensip sa yo pandan w ap chèche revelasyon sou jan pou ede manm klas la aprann nan seksyon sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas la pataje eksperyans yo avèk etid Doktrin ak Alyans 6–9, ou ta gen dwa envite yo diskite tout enpresyon espirityèl yo te resevwa pandan etid yo a, si sa apwopriye. Ki mesaj Senyè a te genyen pou yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 6; 8–9

Pè Selès la pale avèk mwen pa lantremiz “espri verite a.”

  • Senyè a gen anpil bagay pou l anseye nou konsènan revelasyon pèsonèl nan seksyon sa yo, e ou gen dwa pa kapab kouvri tout nan yon sèl leson. Li ta kapab itil pou divize klas la an twa gwoup epi mande chak gwoup pou yo fouye nan seksyon 6, 8, ou 9, kote y ap chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kijan Sentespri a pale avèk nou? Kijan nou kapab rekonèt revelasyon pèsonèl? Kijan nou ka prepare nou pou nou resevwa revelasyon? Apre sa, yon moun nan chak gwoup ta kapab pataje briyèvman avèk klas la sa gwoup li a te dekouvri. Ou ta kapab ankouraje manm klas la pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo avèk rekonèt revelasyon pèsonèl tou. Pa egzanp, èske gen yon bagay kèlkonk nan Doktrin ak Alyans 6:22–24 ki raple nou eksperyans nou te genyen an?

  • Pale de revelasyon pèsonèl kapab dekourajan pou moun nan klas ou a ki ap priye pou yo jwenn direksyon men ki pa santi yo resevwa anyen. Sa ta kapab ede yo pou yo konnen ke Oliver Cowdery te lite avèk menm tip santiman sa yo lè l pa t kapab tradui avèk fasilite ke l te espere a. Petèt ou ta kapab envite manm klas la pou yo sonde konsèy Senyè a te bay Oliver nan seksyon 9 la. Ki mesaj nan seksyon sa a ki ta kapab ede yon moun ki santi Senyè pa reponn priyè l? Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo ta ka ede tou.

    Imaj
    Oliver Cowdery

    Oliver Cowdery, pa Lewis A. Ramsey

Doktrin ak Alyans 6–7

“Menm jan w vle l nan men m nan, se konsa w ap resevwa l.”

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou w note konbyen fwa mo tankou dezire a parèt nan seksyon 6–7 yo. Petèt manm klas la ta kapab pataje sa yo te aprann nan egzèsis sa a, oubyen nou ta kapab fè aktivite a ansanm kòm yon klas. Kisa aksyon nou fè chak jou yo anseye nou osijè dezi nou yo? Kijan Senyè a ka ede nou chanje dezi nou yo?

Doktrin ak Alyans 6:29–37

Si nou gade Senyè a, li kapab ede nou simonte dout ak laperèz.

  • Poukisa pafwa nou “pè … fè byen”? (vèsè 33). Petèt manm klas la ta kapab sigjere kèk rezon posib, ansanm avèk panse ki soti nan Doktrin ak Alyans 6:29-37 ki ba yo kouraj pou yo fè byen.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou jan Jezikri ede nou “pa doute, pa pè” (vèsè 36), ou ta kapab mande manm klas la pou yo ekri sou moso papye kèk bagay moun ta kapab pè. (Eldè Ronald A. Rasband te bay kèk egzanp nan mesaj li a “Pa enkyete” [Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 18].) Apre sa, ou ta kapab li kèk nan papye sa yo awotvwa epi diskite kijan Sovè a ak pouvwa ekspyasyon l lan kapab ede nou lè nou pè.. Doktrin ak Alyans 6:29–37 gen kèk ide (gade nan 1 Jan 4:18) tou. Kisa “fikse je sou [Kris] la nan tout panse” vle di? (vèsè 36). Kijan konsantrasyon sa a sou Sovè a ede nou lè nou anfas dout ak laperèz?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Konprann kijan Pè Selès la reponn priyè yo.

“Nan lavi m, mwen te aprann ke pafwa m pa resevwa yon repons pou yon priyè paske Senyè a konnen m pa pare. Lè l reponn, souvan se ‘yon tikras isit ak yon tikras lòtbò’ [2 Nefi 28:30] paske se tout sa m ka sipòte oubyen tout sa m dispoze pou m fè” (Robert D. Hales, “Tann Senyè a: Se pou volonte w fèt,” Ensign ou Lyawona, Nov. 2011, 73).

“Kisa w fè lè w te prepare w avèk atansyon, ou te priyè avèk fèvè, ou te tann yon repons pandan yon tan rezonab, epi ou toujou pa santi ou jwenn yon repons? Ou gen dwa vle di mèsi lè sa rive, paske se yon prèv ke w fè Bondye konfyans. Lè w ap mennen yon vi ki diy e chwa w respekte sa Sovè a anseye yo epi ou bezwen aji, ou dwe fè sa avèk konfyans. … Lè w ap mennen yon vi ki jis epi w ap aji avèk konfyans, Bondye p ap kite w ale twò lwen san yon enpresyon ki ba w avètisman si w pran yon move dezisyon” (Richard G. Scott, “Itilize kado selès lapriyè a,” Ensign ou Lyawona, Me 2007, 10).

Amelyore ansèyman nou

Eksprime konfyans nan kapasite manm klas ou yo. Kèk moun nan klas ou a gen dwa pa gen konfyans nan kapasite yo pou yo aprann levanjil la. Gade kijan w kapab ba yo asirans ke lè yo fè efò pou yo aprann poukont pa yo, Sentespri a ap anseye yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 29.)