Doktrin ak Alyans 2021
14-10 Janvye. Istwa—Joseph Smith 1:1-26: “Mwen Te Wè Yon Kolòn Limyè”


“Janvye 14–20. Istwa—Joseph Smith 1:1-26: ‘Mwen Te Wè Yon Kolòn Limyè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Janvye 4–10. Istwa—Joseph Smith 1:1-26:” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Boskè Sakre a

BosKè Sakre a, pa Greg K. Olsen

4-10 Janvye

Istwa—Joseph Smith 1:1–26

“Mwen Te Wè Yon Kolòn Limyè”

Sonje ke preparasyon ki pi enpòtan an se pral etidye ekriti yo epi viv dapre so ou aprann yo. Espri a kapab ede w konnen sou kisa pou met aksan nan klas la.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ki ide manm klas yo te resevwa pandan yo tap etidye Istwa—Joseph Smith 1:1-26 semèn sa a? Petèt ou ta kapab montre yon foto Joseph Smith oswa Premye Vizyon an epi envite yo pou yo ekri sou tablo a kèk ide ki soti nan etid yo ansanm avèk vèsè kote yo te jwenn yo a. Yo ta kapab pataje tou kijan temwayaj yo konsènan Joseph Smith ak misyon l lan te grandi pandan yo tap aprann bagay konsènan limenm semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Istwa—Joseph Smith 1:5–18

Si nou mande avèk lafwa, Bondye ap reponn nou.

  • Manm klas ou yo gen dwa kapab refere yo a dezi Joseph Smith pou l te chèche laverite a nan yon mond kote moun ap anseye anpil ide ki an konfli. Ki resanblans ki egziste ant konfizyon ki genyen nan epòk nou an ak sa li te afwonte a? Pou ede manm klas la wè kijan nou kapab jwenn repons pou kesyon nou yo, ou ta kapab envite yo pou yo mete sou yon lis sou tablo a divès fason moun chèche laverite. Lè sa a, yo ta kapab pase an revi Istwa—Joseph Smith 1:5-18 epi ajoute sou lis la sa Joseph Smith te fè pou l te jwenn repons pou kesyon l yo.

  • Manm klas la ta kapab pataje kijan yo te suiv egzanp Joseph Smith lan pandan yo tap chèche laverite ak kijan Bondye te reponn yo. Deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson nan “Resous Adisyonèl yo” sigjere kèk fason nou ta kapab chèche laverite nan men Bondye.

    Imaj
    yon jènfi k ap priye

    Lapriyè pèmèt nou kominike avèk Bondye.

Istwa—Joseph Smith 1:15–20

Joseph Smith te wè Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri.

  • Premye Vizyon an te revele plizyè verite konsènan Bondye ki te kontredi sa anpil moun nan epòk Joseph la te kwè. Manm klas la ta kapab li Joseph Istwa—Joseph Smith 1:15–20 epi idantifye yon bagay yo te aprann konsènan Bondye. Poukisa li enpòtan pou nou konnen verite sa yo konsènan Bondye?

  • Si Joseph Smith te gen pou l vizite klas nou an , kisa nou tap mande l konsènan eksperyans li an? Videyo “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith lan” (ChurchofJesusChrist.org) ta kapab bay manm klas la ide anplis konsènan Premye Vizyon Joseph Smith lan (gade tou nan “Resous Adisyonèl yo”). Petèt yo ta kapab medite sou kijan yo tap konplete yon fraz tankou sa a: “Paske Premye Vizyon an te rive, mwen konnen ke …” Ki benediksyon ki vini nan lavi nou akoz de Premye Vizyon an?

  • Pou ogmante lespri diskisyon w lan, manm klas la ta kapab li oswa chante “La première prière de Joseph Smith” (Cantiques, nimewo 14). Kisa kantik sa a ede nou konprann ak santi konsènan Premye Vizyon an? Petèt kèk manm nan klas la ta kapab pataje jan yo te rive konnen pou yomenm ke Joseph Smith te vrèman wè Bondye Papa a ak Jezikri nan Boskè Sakre a. Oubyen ou ta kapab envite misyonè aplentan yo pou yo (oubyen yon misyonè ki te retounen resamman pou l) vizite klas la epi pale de kijan Premye Vizyon an te enfliyanse lavi moun yo anseye yo.

Istwa—Joseph Smith 1:21–26

Nou kapab rete fidèl a sa nou konnen, menm si lòt moun rejte nou.

  • Manm klas la gen dwa kapab idantifye yo a kèk nan eksperyans Joseph Smith te fè lè li te kòmanse pale lòt moun de vizyon l lan (gade nan Istwa—Joseph Smith 1:21-26). Petèt yo kapab pataje pasaj ki enspire yo lè lòt moun ap konteste kwayans yo.

  • Si w konnen manm nan pawas la ki te fè eksperyans opoziyon poutèt yo se manm Legliz la, anvizaje mande yo pou yo vini nan klas la prepare pou yo pataje kijan yo mentni lafwa yo djanm. Kisa nou aprann de egzanp Joseph Smith lan nan Istwa—Joseph Smith 1:21-26?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Suiv egzanp Joseph.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Pwofèt Joseph Smith tabli yon modèl pou nou suiv lè nou ap chèche repons pou kesyon nou yo. Daprè pwomès ki nan Jak la ki di si nou manke sajès se pou nou mande Bondye [gade nan Jak 1:5, tigason ki te rele Joseph la te pote kesyon l lan dirèkteman devan Pè Selès la. Li te chèche revelasyon pèsonèl, epi rechèch li yo te ouvri dènye dispansasyon sa a.

“Nan menm sans lan, kisa rechèch ou yo ouvri pou ou? Ki sajès ou manke? Kisa w santi w bezwen konnen oubyen konprann an ijans? Suiv egzanp Pwofèt Joseph la. Chèche yon kote trankil kote w ka ale regilyèman. Imilye w devan Bondye. Devèse kè w bay Pè Selès ou a. Ale kote l pou repons ak rekonfò” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Ensign ou Lyawona, Me 2018, 95).

Premye Vizyon Joseph Smith lan.

Pou li yon deskripsyon Premye Vizyon an ki bay enfòmasyon sou plizyè nan istwa Joseph Smith yo, gade nan Sen yo, 1:14-16.

Amelyore Ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon pa w. Pa konsidere plan sa yo kòm enstriksyon ke w dwe suiv lè w ap anseye. Itilize yo pito pou pwovoke ide ak fasilite enspirasyon pandan w ap medite sou doktrin ki nan ekriti yo ak bezwen moun w ap anseye yo.