Doktrin ak Alyans 2021
18–24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3–5: “Travay mwen an dwe avanse”


“18–24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3–5: ‘Travay mwen an dwe avanse,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“18–24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
moun k ap travay nan jaden

Tan Rekòt an Frans, by James Taylor Harwood

18–24 Janvye

Doktrin ak Alyans 3–5

“Travay mwen an dwe avanse”

Etidye Doktrin ak Alyans 3–5 anvan w repase ide ki nan plan leson sa a ap ede w resevwa direksyon nan men Sentespri a. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann istwa ki te mennen nan revelasyon ki ekri nan seksyon sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senb‼l pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèk minit pou yo revize ekriti yo te li lakay yo epi pou yo jwenn yon pasaj ke yo twouve ki siyifikatif. Apre sa, envite yo pataje sa yo aprann yo avèk yon lòt moun nan klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 3:1–15

Nou ta dwe mete konfyans nan Bondye olye ke nou pè lòm.

  • Menm jan avèk Joseph Smith, nou tout fè eksperyans kote nou santi n ap sibi presyon lòt moun pou nou fè yon bagay nou konnen ki pa bon. Ki verite nou aprann nan Doktrin ak Alyans 3:1–15 la ki kapab ede nou rete fidèl a Bondye nan sitiyasyon sa yo?

  • Joseph Smith te bezwen resevwa chatiman poutèt li te pè lòm plis pase Bondye, men li te bezwen ankourajman tou. Envite manm klas yo gade nan Seksyon 3 a pou yo ka jwenn kijan Senyè te chatye ak ankouraje Joseph. Pa egzanp, yo kapab fè yon lis sou tablo avèk mo ki soti nan vèsè 1–15 yo ki gen ladan yo repwòch Senyè a fè Joseph yo ansanm avèk lòt mo kote li ankouraje misye pou l repanti epi rete fidèl. Kisa eksperyans Joseph la anseye nou sou fason Sovè a ede nou simonte fot nou yo?

Doktrin ak Alyans 4

Senyè a mande nou pou nou sèvi l avèk tout kè nou.

  • Kalite ki dekri sèvitè Senyè a yo mansyone nan Doktrin ak Alyans 4:5–6 yo se kalite Jezikri yo ye tou. Pou ede manm klas yo aprann plis, ou ta kapab envite yo chwazi youn nan kalite yo epi jwenn definisyons oswa ekriti adisyonèl k ap ede yo pi byen konprann kalite a (gade, pa egzanp, deklarasyon Sè Elaine S. Dalton an nan “Resous Adisyonèl). Ou gen dwa envite kèlke moun pou yo pataje sa yo jwenn. Yo ta kapab di ki rezon k fè kalite yo chwazi a se yon kondisyon pou yon moun sèvi nan wayòm Bondye a tou. Kijan nou kapab devlope kalite sa yo pi byen? (gade vèsè 7).

  • Doktrin ak Alyans 4 te adrese a Joseph Smith Sr., ki te vle konnen kijan l te kapab ede nan travay Senyè a. Seksyon sa a kapab ede nenpòt nan nou ki gen dezi pou l sèvi Senyè a tou. Men yon fason pou nou etidye seksyon sa a: manm klas yo gen dwa travay an ti gwoup pou yo ekri deskripsyon yon travay pou sèvitè Bondye, pandan y ap itilize seksyon 4 la kòm gid. Kisa k fè kalifikasyon sa yo diferan de lòt deskripsyon travay? Poukisa kalifikasyon sa yo endispansab pou moun fè travay Bondye a? Deklarasyon Èldè David Bednar nan “Resous Adisyonèl” la kapab ede manm klas yo konprann kijan l enpòtan pou moun devlope kalite sa yo.

Doktrin ak Alyans 5

Yon temwayaj laverite vin jwenn moun ki enb e ki kwè yo.

  • Si yo te ekspoze plak lò yo pou mond lan te wè, èske sa t ap konvenk tout moun ke Liv Mòmon an vrè? Si w di, poukisa? Si w di non, poukisa? (gade nan Doktrin ak Alays 5: 7). Petèt, manm klas yo ta kapab chèche nan seksyon 5 la pou jwenn ide ki ta kapab ede yo reponn yon moun ki mande prèv ke Liv Mòmon an vrè. Kisa Senyè a te anseye Joseph Smith ak Martin Harris ki kapab ede nou gen pwòp temwayaj pa nou konsènan verite levanjil yo?

    Imaj
    Martin Harris

    Martin Harris, pa Lewis A. Ramsey

Imaj
senbòl resous adisyonèl yo

Resous adisyonèl

Vèti vle di fòs.

Sè Elaine S. Dalton te bay eksplikasyon konsènan vèti: “Vèti se yon mo nou pa tande souvan nan sosyete jodia, men rasin latin mo a virtus vle di fòs. Fi ak gason ki gen vèti yo posede yon diyite trankil ak yon fòs enteryè. Yo konfyan paske yo diy pou yo resevwa Sentespri a ak gidans li tou” (“Yon retou nan vèti,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2008, 79).

Vin tounen yon misyonè.

Èldè David A. Bednar te di: “Pwosesis pou vin tounen yon misyonè a pa mande yon jènjan pou l mete yon chemiz blan ak kravat [ni mande yon jènfi pou l mete yon wòb] pou l ale lekòl chak jou oswa pou l suiv règ misyonè yo pou l al nan kabann li ak pou l leve. … Men ou kapab ogmante dezi w pou sèvi Bondye [gade nan Doktrin ak Alyans 4:3], epi ou kapab kòmanse panse tankou misyonè panse, li sa misyonè li, priye jan misyonè priye, epi santi sa misyonè santi. Ou kabap evite enfliyans monden yo ki fè Sentespri a retire kò l yo, epi konfyans ou pou rekonèt ak reponn enspirasyon espirityèl yo kapab ogmante” (“Vin yon misyonè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2005, 45-46).

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki ankouraje diskisyon siyifikan. Kesyon ki gen plis pase yon repons kòrèk yo envite moun k ap aprann yo pou yo reponn baze sou panse pèsonèl yo, sa yo santi, ak eksperyans yo. Pa egzanp, ou ta kapab mande: “Kijan pou w fè konnen lè Bondye ap pale avèk ou?” (Gade Anseye nan fason Sovè a, 33.)