Doktrin ak Alyans 2021
11-17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27-65: “Kè Pitit yo Pral Retounen sou Papa Yo”


“11-17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27-65: ‘Kè Pitit yo Pral Retounen sou Papa Yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“11-17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1: 27-65,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Mowoni ki parèt devan Joseph Smith

Li Te Rele m nan Non m pa Michael Malm

11-17 Janvye

Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1: 27-65

“Kè Pitit yo Pral Retounen sou Papa Yo”

Anvan w li ide ki nan plan leson sa a, etidye Doktrin ak Alyans 2 ak Istwa—Joseph Smith 1:27-65, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas la pataje ide ak eksperyans yo te genyen lè yo tap etidye ekriti sa yo, ou ta kapab mande yo pou yo pataje yon vèsè ki te fè yo medite pi pwofondeman ke jan yo abitye fè. Kisa ki te enpresyone yo konsènan vèsè sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Istwa—Joseph Smith 1:27-65

Bondye ki te aple Joseph Smith pou l fè travay Li a.

  • Èske klas ou a tap benefisye de yon revizyon istwa nan Istwa—Joseph Smith 1:27-65 la? Ou ta kapab envite yon manm klas la pou l rezime l, oubyen manm klas la ta kapab rakonte istwa a antre yo 2 pa 2 oubyen pa ti gwoup. Ankouraje yo enkli tout detay yo kapab sonje. Kijan istwa sa a fòtifye temwayaj nou konsènan apèl Joseph Smith la? Ki leson nou aprann de istwa sa a sou jan Bondye fè travay Li?

  • Anvizaje montre objè oswa foto ki gen rapò avèk travay Joseph Smith te resevwa apèl pou l fè a tankou yon Liv Mòmon oswa foto yon tanp. Manm klas la ta kapab twouve vèsè nan Istwa—Joseph Smith ki anseye sou aspè sa yo nan misyon Pwofèt la. Ki relasyon ki genyen ant travay Bondye pou Joseph Smith la ak travay Bondye genyen pou nou an? Kisa pwofèt vivan nou yo anseye nou konsènan travay sa a?

Doktrin ak Alyans 2

Eli te vini pou l te tounen kè nou sou zansèt nou yo.

  • Èske klas ou a tap benefisye de yon diskisyon sou kimoun Eli te ye ak sou pouvwa sèlman li te retabli a? Manm klas la ta kapab li sou Eli nan Diksyonè Bib la oswa nan Gid Ekriti yo oubyen revize yon istwa sou lavi l (gade nan 1 Wa 17-18). Kisa enfòmasyon sa a ajoute sou konpreyansyon nou konsènan Doktrin ak Alyans 2? Ou ta kapab pale tou de kisa sele yon bagay vle di. Petèt kèk objè tankou yon bwat manje, yon sak estokaj plastik ki gen zip, oswa yon so ki ratifye yon dokiman kapab ede. Kijan objè sa yo ta kapab ede nou konprann kisa sele fanmi ansanm vle di? Kijan pouvwa sa a ede ranpli bi kreyasyon tè a? (gade nan Doktrin ak Alyans 138:47-48 ak deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson an nan “Resous Adisyonèl”). Pou ede manm klas la wè kijan pwofesi ki nan Doktrin ak Alyans 2 a te akonpli, ou ta kapab diskite Doktrin ak Alyans 110:13-16.

  • Petèt aprann bagay konsènan “pwomès papa yo te resevwa yo” (Doktrin ak Alyans 2:2) tap ede moun w ap anseye yo konprann pi byen pouvwa prètriz ke Eli te gen misyon pou l retabli a. Kimoun “papa yo” ye? (gade nan Doktrin ak Alyans 27:9-10). Ki pwomès Senyè a te fè Abraram, Izaak, ak Jakòb? (gade nan Jenèz 17:1-8; 22:16-18; 26:1-5, 24; 28:11-15; Abraram 2:8-11). Kisa “plante” pwomès sa yo nan kè nou vle di? Kijan fè sa kapab ede nou tounen kè nou sou zansèt nou yo?

Imaj
Tanp Palmyra Nouyòk

Tanp Palmyra Nouyòk

  • Pou enspire manm klas la pou yo tounen kè yo sou zansèt yo, ou ta kapab envite kèk manm pou yo dirije yon diskisyon sou sijè a. Anvizaje enkli konsiltan pou tanp ak istwa familyal pawas la. Ou ta kapab kòmanse li Doktrin ak Alyans 2:2-3 epi envite dirijan diskisyon yo pou yo pataje eksperyans kote kè yo te vire nan direksyon zansèt yo. Kisa ki pase nan lavi yo ki te ede yo vle aprann konsènan istwa fanmi yo? Ki sigjesyon yo kapab bay pou ede löt manm klas la enplike nan istwa familyal ak sèvis nan tanp? Deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks nan “Resous Adisyonèl” ak videyo “Benediksyon ki Pwomèt pou Istwa Familyal” ak “Si Nou Te Mete Bondye An Premye” (ChurchofJesusChrist.org) yo kapab ede w enspire manm klas la tou. Ou gen dwa refere manm yo a FamilySearch.org tou pou ide.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Bi Kreyasyon an.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Lavi etènèl, ke Ekspyasyon an rann posib, se bi siprèm Kreyasyon an. Pou fòmile deklarasyon sa a nan fòm negativ li, si fanmi yo pa t sele nan tanp sen, tout tè a tap gaspiye nèt.

“Bi kreyasyon an, chit la, ak Ekspyasyon an, tout bagay sa yo konvèje sou travay sakre ki fèt nan tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo” (“Ekspyasyon,” Ensign, Nov. 1996, 35). Gade tou nan Moyiz 1:39.

Chak moun kapab fè yon bagay.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Nan travay redanmsyon mò yo gen anpil tach ki dwe fèt. … Pwogram nou an se pa pou nou oblije tout moun pou yo fè tout bagay, men se pou ankouraje tout moun pou yo fè yon bagay” (“Istwa Familyal: ‘Nan Sajès ak nan Lòd.’Ensign, Jen 1989, 6).

Amelyore ansèyman nou

Enkli patisipan ki pa t etidye ekriti yo lakay yo. Asire w ke tout manm klas la santi yo alèz pou yo patisipe ak kontribye nan diskisyon an, menm moun ki kapab pa t li lakay yo.