Doktrin ak Alyans 2021
28 Desanm–3 Janvye Doktrin ak Alyans 1: “Koute, Noumenm Pèp”


“28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1: ‘Koute, Noumenm Pèp’”, Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1,” Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

28 Desanm–3 Janvye

Doktrin ak Alyans 1

“Koute, Noumenm Pèp”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 1 an, reflechi sou ki vèsè ou ta kapab aksantye nan klas la ak kijan w ta kapab ede manm klas la aprann de vèsè sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou ta kapab kòmanse etid klas ou a sou Doktrin ak Alyans yo pandan w ap mande manm klas la kijan yo santi yo konsènan etid liv ekriti sa a ane sa a. Ki pasaj nan Seksyon 1 an ki ede yo santi yo kontan pou yo li Doktrin ak Alyans yo? Petèt ou ta kapab mande yo pou yo chèche nan Seksyon 1 an yon vèsè yo tap pataje si yo tap eseye pèsyade yon moun pou l li liv sakre sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 1

Senyè a envite nou pou nou “sonde kòmandman sa yo.”

  • Pandan w ap diskite sou “prefas” Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo (vèsè 6), li ta kapab itil pou yon moun nan klas la ta eksplike kisa yon prefas ye ak bi li sèvi nan yon liv. Apre sa klas la ta kapab diskite kijan seksyon 1 an sèvi bi sa a pou Doktrin ak Alyans yo. Pa egzanp, ki tèm skesyon 1 an entwodui pou liv la? Ki bi liv la genyen? Kisa nou jwenn nan seksyon sa a ki ta kapab enfliyanse fason nou li Doktrin ak Alyans yo ane sa a?

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen--Pou Moun yo ak Fanmi yo envite nou pou n konsidere kijan nou pral aplike kòmandman Senyè a pou nou “sonde kòmandman sa yo” (vèsè 37). Petèt manm klas la ta kapab pataje sa yo planifye pou yo fè ane sa a pou rann etid yo sou Doktrin ak Alyans yo pi siyifikatif. Kisa yo pral chèche? Nan ki sans chèche diferan de annik li? Ki metòd etid yo te twouve ki pi itil?

Doktrin ak Alyans 1:-1-6, 23-24, 37-39.

Bondye pale atravè sèvitè l yo e pawòl li yo ap akonpli.

  • Anpil nan nou gen manm fanmi, zanmi, ak relasyon ki pa pataje kwayans nou yo konsènan pwofèt vivan yo. Petèt manm klas la ta kapab pataje verite yo jwenn nan seksyon 1 an ke yo ta kapab itilize pou yo reponn yon moun ki kesyone kwayans yo konsènan pwofèt yo. Ou ta gen dwa sigjere ke yo gade patikilyèman nan vèsè 1-6 ak 37–39. Kisa vèsè sa yo anseye konsènan Senyè a ak pwofèt li yo?

  • Chak manm klas la ta kapab enterese pou yo aprann ke lè yon konsèy ki te aple pa Joseph Smith tap diskite sou piblikasyon revelasyon Pwofèt la, kèk nan manm konsèy yo te kont ide a. Yo te anbarase pa feblès Joseph nan zafè ekri, epi yo te pè pou piblikasyon revelasyon yo pa t lakoz plis pwoblèm pou Sen yo (gade Sen yo, 1:140–43). Kijan seksyon 1 an adrese preyokipasyon sa yo? (gade, pa egzanp, nan vèsè 6, 24, 38).

  • Pawòl ki nan chan “Viens écouter la voix de Dieu” (Cantiques, no. 12) la anseye kèk nan menm prensip yo te anseye nan seksyon 1 yo. Petèt nou ta kapab chante oubyen li kantik la ansanm epi envite manm klas la pou yo chèche liy nan kantik la ak vèsè nan seksyon 1 an ki anseye menm prensip sa yo.

    Imaj
    sesyon konferans jeneral

    Bondye pale avèk nou atravè sèvitè l yo.

Doktrin ak Alyans 1:12-30, 35-36

Senyè a te retabli levanjil li a pou ede nou fè fas ak pwoblèm dènye jou yo.

  • Ki panse manm klas la te genyen lè yo tap li deskripsyon dènye jou yo nan vèsè 13-16 yo? Kisa k ap pase nan mond lan jodi a ki akonpli deskripsyon pwofetize sa yo? Ankouraje manm klas la pou yo pataje nenpòt sa yo jwenn nan seksyon 1 an ki te ede yo santi lapè ak konfyans malgre pwoblèm epòk nou yo.

  • Pou ede manm klas la medite sou benediksyon nou genyen paske levanjil la te retabli a, ou gen dwa ekri sou tablo a Kisa vèsè 17–23 yo anseye sou rezon k fè Senyè a te retabli levanjil li a? Manm klas la ta kapab sonde vèsè sa yo epi youn ta pataje panse yo avèk lòt. Pa egzanp, kijan verite ki retabli gras a Joseph Smith yo ede nou ogmante lafwa nou? (gade nan vèsè 21 an).

Doktrin ak Alyans 1:19-28

Senyè a itilize “moun ki fèb yo ak moun ki senp yo” pou l akonpli travay li a.

  • Yon sijè enpòtan nan Doktrin ak Alyans 1 se wòl “moun ki fèb yo ak moun ki senp yo” nan gwo travay Senyè a nan dènye jou yo (vèsè 23). Envite manm klas la pou yo sonde vèsè 19-28 yo pou yo aprann kijan mo “fèb“ la ak mo “senp” lan aplike a nou kòm sèvitè Senyè a. Pandan y ap pataje sa yo jwenn, ou ta kapab diskite kesyon tankou sa yo: Ki karakteristik Senyè a vle pou sèvitè l yo genyen? Kisa Senyè a ap akonpli atravè sèvitè l yo nan dènye jou yo? Kijan pwofesi ki nan vèsè sa yo akonpli toupatou nan mond lan ak nan pwòp vi nou?

Amelyore ansèyman nou

Ede moun ki ap aprann yo konpare ekriti yo avèk tèt yo. Menm verite ki te enspire Sen premye jou yo kapab ede nou afwonte pwoblèm nou yo jodi a. Pandan w anseye Doktrin ak Alyans yo, ede manm klas la fè koneksyon ant mesaj Senyè a pou Joseph Smith ak sa Senyè a ta kapab di noumenm pèsonèlman. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 21.)