Doktrin ak Alyans 2021
Yon modèl pou Anseye


“Yon Modèl pou Anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Yon modèl pou Anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
yon klas ki chita an sèk

Yon Modèl pou Anseye

Chak plan leson nan manyèl sa a suiv yon modèl pou envite moun pataje ak anseye doktrin nan.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kòm yon pati nan chak klas, envite manm klas la pou yo pataje ide ak eksperyans yo te fè diran semèn pase a lè yo t ap etidye ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo ak lè yo te aplike sa yo te aprann yo. Ede manm klas la wè ke aprantisaj pèsonèl yo deyò klas la enpòtan. Konvèsyon pèsonèl yo ap fèt non sèlman atravè sa yo aprann le dimanch, men atravè eksperyans yo fè chak jou tou. Lè manm klas la nan sitiyason kote youn ap tande eksperyans ak temwayaj lòt konsènan Jezikri, yo plis gen tandans pou yo chèche menm kalite eksperyans yo pou pwòp tèt pa yo.

Se pa tout moun ki pral li chapit yo pou chak leson yo, e menm pami sa ki li yo genyen ki gen dwa pa t santi yo konfòtab pou yo pataje. Asire w ke tout manm klas la santi yo se yon pati valab nan klas la, ke yo gen yon bagay pou yo pataje ou pa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Oumenm ak manm klas ou a ta dwe konsantre nou sou Jezikri ak doktrin ni an—verite etènèl levanjil yo—ke w ap jwenn nan pasaj ekriti yo bay yo. Lè w ap diskite sou doktrin ki soti nan ekriti yo, ki vèsè, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon ak resous adisyonèl ou ta ka pataje? Kijan w ta kapab itilize resous sa yo pou ede manm klas la dekouvri ak konprann prensip levanjil yo? Kijan w ka ede yo bati lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri?