Doktrin ak Alyans 2021
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch,Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020) an

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch,Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021 an

Imaj
fi ak gason nan klas

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanchla

Prepare pou w Anseye nan Lekòldidimanch

Etid pèsonèl ak familyal nan fwaye a ta dwe sant aprantisaj levanjil la. Sa vrè pou oumenm ak pou moun w ap anseye yo. Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou w fè a ap fèt lè w vin jwenn Kris la, lè w sonde ekriti yo, ak lè w chèche enspirasyon Sentespri a.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se yon pati enpòtan nan etid pèsonèl ou ak preparasyon w pou w anseye a. L ap ede w gen yon konpreyansyon pi apwonfondi sou prensip doktrinal yo nou jwenn nan ekriti yo. L ap pèmèt ou jwenn enspirasyon tou epi l ap pèmèt pou envite manm klas la pou yo itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou amelyore etid ekriti pèsonèl ak familyal yo (si w bezwen èd pou w fè sa, gade nan “Ide pou Ankouraje Etid Pèsonèl ak Familyal” nan manyèl sa a). Pandan w ap fè sa, sonje pou w panse a manm nan klas ou a ki gen sikonstans familyal ki kapab pa pèmèt yo fè etid ekriti familyal ak sware familyal regilyèman.

Pandan preparasyon w lan, panse ak enpresyon ap vini nan lespri ou konsènan moun w ap anseye yo, sou fason prensip ki nan ekriti yo ap bati lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri, ak sou fason w kapab enspire yo pou yo dekouvri prensip sa yo lè yo etidye ekriti yo pou tèt pa yo.

Ide pou ansèyman

Pandan w ap prepare w pou anseye a, ou ka jwenn enspirasyon adisyonèl nan eksplore plan leson yo bay pou anseye yo nan manyèl sa a. Pa panse a ide sa yo kòm enstriksyon pou w suiv etap pa etap, men pito, kòm sigjesyon pou deklanche pwòp enspirasyon pa w. Ou konnen manm klas ou yo, e w ap vin konnen yo pi byen toujou lè n ap aprann ansanm nan klas la. Senyè a konnen yo tou, e l ap enspire w meyè fason pou w ede manm klas yo bati sou aprantisaj levanjil y ap fè lakay yo a.

Gen anpil lòt resous ki disponib pou w itilize lè w ap prepare w, tankou ide ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak revi Legliz yo. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak lòt resous, gade nan seksyon ki rele “Resous Adisyonèl” la nan manyèl sa a.

Kèk Bagay pou w Kenbe nan Lespri w

  • Nan wòl ou kòm enstriktè, ou gen yon responsablite enpòtan pou w sipòte, ankouraje, ak bati sou aprantisaj levanjil pèsonèl ak familyal manm klas yo. Pandan ke kèk nan manm klas la gen dwa pa toujou ap etidye levanjil la lakay yo, ou kapab fè yon gwo diferans si w ankouraje yo ak ede yo fè lakay yo tounen sant aprantisaj levanjil la.

  • Konvèsyon manm klas yo nan levanjil Jezikri a ap apwofondi si yo konprann ak aplike vrè doktrin nan. Ankouraje yo pou yo pran nòt epi pou yo suiv enspirasyon yo resevwa nan men Sentespri a.

  • Anseye vledi plis pase fè yon prezantasyon majistral, epi li plis pase senpleman dirije yon diskisyon. Yon pati nan wòl ou se ankouraje patisipasyon ki edifyan epi ki baze sou ekriti yo. Ou dwe pataje ide enspire w te resevwa pandan w t ap etidye ekriti yo.

  • Sonje ke manm klas ou yo ap kontinye fè eksperyans espirityèl pandan y ap etidye ekriti yo lakay yo. Ou kapab sipòte aprantisaj levanjil yo lè w ba yo anpil opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann lakay yo ak jan li enfliyanse lavi yo.

  • Papa nou ki nan Syèl la vle w reyisi kòm enstriktè. Li mete anpil resous pou ede w reyisi, pami yo reyinyon konsèy enstriktè yo. Nan reyinyon sa yo, ou ka fè echanj konsèy avèk lòt enstriktè sou nenpòt pwoblèm w ap rankontre. Ou ka fè diskisyon ak pratik tou sou prensip pou anseye nan fason Kris la.

  • Gen kèk moun ki aprann pi byen lè yo gen opòtinite pou yo anseye. Tanzantan, sonje pou w kite manm klas la, enkli jèn yo, anseye yon pati nan leson an. Baze desizyon sa a sou bezwen ak kapasite manm klas la. Si w envite yon manm nan klas la pou l anseye, pran tan pou w ede l prepare alavans nan eseye itilize ide yo bay nan manyèl sa a ak nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Sonje ke, antanke enstriktè ki resevwa apèl sa a, se ou k responsab finalman pou sa k ap anseye nan klas la.

  • Manyèl sa a enkli plan ansèyman pou chak semèn nan ane a. Jou dimanch kote Lekòldidimach pa fèt yo, fanmi yo ap kontinye li Doktrin ak Alyans lan lakay yo selon orè yo pwograme nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Ou gen dwa sote leson ki tonbe nan yon semèn kote Lekòdidimanch pa fèt, oubyen ou gen dwa anseye apati plizyè leson nan yon sèl kou.