Doktrin ak Alyans 2021
Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a


“Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2021 (2020)

“Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Jezi chita avèk kèk apot

Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a

Bondye aple ou pou anseye pitit li yo nan fason Sovè a. Yo te mete w apa pou apèl sa a pa otorite prètriz sen L lan. Menmsi w pa yon enstriktè ki gen eksperyans, si w viv diy, ou priye chak jou, epi ou etidye ekriti yo, Papa nou ki nan syèl la ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a (gade nan 2 Nefi 33:1).

Moun yo konfye w yo se pitit Pè Selès la, epi li konn kisa yo bezwen ak pi bon fason pou touche yo. Atravè Sentespri a, w ap jwenn direksyon pandan w ap prepare w ak pandan w ap anseye. L ap revele w sa w dwe di ak sa w dwe fè (gade 2 Nefi 32:5).

Objektif prensipal aprantisaj levanjil la se pou chanje lavi. Objektif ou kòm enstriktè se pou ede moun w ap anseye yo fè tout sa yo kapab pou yo vin pi konvèti nan levanjil Jezikri a—yon efò ki ale pi lwen lontan pase tan w ap pase nan klas la. Envite moun w ap anseye yo pou yo patisipe aktivman nan aprann prensip yo ak doktrin Jezikri a epi pou yo aji selon sa yo aprann yo. Ankouraje yo pou yo fè etid pèsonèl ak etid familyal andeyò klas la vin tounen premye sous yo pou aprantisaj levanjil la. Lè yo aji avèk lafwa nan etidye endividiyèlman epi avèk fanmi yo, y ap envite Lespri a nan lavi yo e se Lespri a ki ap pote vrè konvèsyon. Tout bagay ou fè antanke enstriktè dwe ale nan sans objektif sakre sa a.

Anseye sèlman doktrin levanjil retabli Jezikri a jan nou jwenn ni nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo. Vrè doktrin nan—verite etènèl, ki pa ap chanje ke Bondye ak sèvitè l yo anseye yo—envite Lespri a epi li gen pouvwa pou chanje lavi.

Apèl pou anseye a se yon responsablite sakre, e se nòmal pou w santi w depase pafwa. Men, sonje se Pè Selès la ki aple w, e li p ap janm abandone w. Sa a se travay Senyè a, epi, si w sèvi “avèk tout kè w, tout pouvwa ou, ak tout panse w, ak tout fòs ou” (Doktrin ak Alyans 4:2), l ap ogmante kapasite w, don w, ak talan w yo, epi sèvis ou ap beni lavi moun w ap anseye yo benediksyon nan lavi moun w ap anseye yo.