Doktrin ak Alyans 2021
Ide pou Ankouraje Etid Pèsonèl ak Familyal


“Ide pou ankouraje etid pèsonèl ak familyal,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Ide pou Ankouraje Etid Pèsonèl ak Familyal,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Papa ak pitit gason ki ap li Vini, Suiv Mwen

Ide pou Ankouraje Etid Pèsonèl ak Familyal

Men kèk ide pou ede w ankouraje manm klas la etidye pawòl Bondye a lakay yo endividyèlman epi avèk fanmi yo. Se pou w sonje ke se pa tout manm nan klas la ki ka etidye ekriti yo avèk fanmi yo (pa egzanp, gen kèk manm ki abite poukont yo oubyen nan fanmi kote tout moun pa manm).

  • Envite manm klas la pou yo pataje eksperyans yo te fè lè yo t ap li ekriti yo lakay yo. Pa egzanp, ou ta kapab mande yo pou yo pataje yon vèsè ki te apwofondi lanmnou yo pou Jezikri.

  • Mande manm klas la pou yo bay egzanp sou sa y ap fè pou yo rann etid ekriti pèsonèl ou familyal yo pi siyifikatif. (Ou ka jwenn kèk ide nan seksyon “Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl ou” ak “Ide pou Amelyore Etid Ekriti Familyal ou” a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo..)

  • Envite manm klas la eksplike kijan yo te aji sou enpresyon yo te genyen diran etid ekriti pèsonèl oswa familyal yo a.

  • Pase kèk minit ap montre manm klas la kèk nan resous Legliz la bay pou ede manm yo etidye levanjil la, tankou èd pou etid ekriti ke nou jwenn nan scriptures.ChurchofJesusChrist.org; “Istwa Ekriti yo”” n ap jwenn nan children.ChurchofJesusChrist.org; dokiman ki konsantre sou jèn yo nan youth.ChurchofJesusChrist.org; manyèl seminè ak enstiti; ak anrejistreman videyo, odyo, ak imaj ke nou jwenn nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org. N ap jwenn anpil nan resous sa yo tou nan Gospel Library app la (app Bibliyotèk Levanjil la).

  • Pase kèk minit ap eksplike kijan pou yo itilize app Libreri Levanjil la (Gospel Library app) pou yo etidye ekriti yo, ansanm ak fason pou yo make vèsè yo ak ekri enpresyon yo.

  • Envite youn oubyen plis nan manm klas la pou yo eksplike kijan yo anseye yon prensip levanjil patikilye nan fanmi yo.