Doktrin ak Alyans 2021
Resous adisyonèl


“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòlDidimanch: Liv Mòmon 2021 (2020)

“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Resous adisyonèl

Nou ka jwenn majorite resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan LDS.org.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou ka adapte nenpòt aktivite ki nan manyèl sa a pou w itilize nan klas Lekòldidimanch ou a. Si manm klas la itilize aktivite sa yo nan etid ekriti pèsonèl oubyen familyal yo, ankouraje yo pou yo pataje eksperyans yo ak ide yo.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan nan yon fason memorab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfants an, ou ka jwenn anrejistreman anpil kantik ak chan pou timoun nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Mizik Sakre a (Sacred Music app) ak nan app Medya Levanjil la (Gospel Media app).

Liv Seminè ak Enstiti

Liv seminè ak enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal pou prensip nou jwenn nan ekriti yo. Yo gen dwa bay ide tou pou anseye klas Lekòldidimanch yo.

Revi Legliz la

Revi New Era, Ensign, ak Lyawona genyen ladan yo atik ak lòt dokimantasyon ki ka konplete prensip kii nan Doktrin ak Alyans ke w ap anseye yo.

Sijè Levanjil

Nan Sijè Levanjil yo nan (topics.ChurchofJesusChrist.org) ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon kantite sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou ale nan resous itil tankou mesaj konferans jeneral, atik, ekriti ak video ki gen anrapò avèk sijè levanjil sa yo. Ou ka jwenn Gospel Topics Essays (Tèks sou sijè Levanjil) tou, ki ofri repons an pwofondè pou kesyon doktrinal ak istorik yo.

Imaj
Yon mesye ki ap etidye materyèl Legliz la

Preche Levanjil Mwen an

Manyèl sa a ki te prepare pou misyonè yo bay yon apèsi sou prensip debaz levanjil yo.

Pou Fòs Jèn yo

Resous sa a prezante nòm Legliz la ki ede jèn yo ak lòt moun yo vin disip fidèl Jezikri. Anvizaje konsilte yo souvan, sitou si w ap anseye jèn yo.

Videyo ak Travay Atistik

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede moun w ap anseye yo vizyalize doktrin nan ak istwa ki anrapò avèk ekriti yo. Visite Gospel Media library nan ChurchofJesusChrist.org pou pakouri koleksyon resous medya Legliz la. Resous sa yo disponib tou nan app Medya Levanjil la (Gospel Media app) e nou jwennn anpil imaj tou nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.

Revelasyon nan Kontèks

Les révélations dans leur contexte: Istwa ki Dèyè Seksyon Doktrin ak Alyans yo se yon seri piblikasyon sou istwa ki antoure revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo. Kontèks nou jwenn nan manyèl sa a kapab ede w pi byen konprann sa pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans yo gen dwa te siyifi pou premye Sen Dènye Jou yo.

Les Saints

Les Saints se istwa Legliz la sou fòm yon narasyon nan plizyè volim. Premye volim nan, L’étandard de la vérité, ak dezyèm volim nan, Aucune main impure, kouvri menm peryòd nan istwa Legliz la ak Doktrin ak Alyans yo. Istwa sa yo kapab ba w ide sou kontèks ki te antoure revelasyon w ap etidye nan Doktrin ak Alyans yo.

Sijè sou Istwa Legliz la

Nou ka jwenn anpil atik sou moun yo, sou objè ki valè istorik ou kiltirèl, sou jewografi ak evenman ki nan istwa Legliz la nan ChurchofJesusChrist.org/study/history/topics.

Anseye nan Fason Sovè a

Resous sa a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nou diskite sou prensip sa yo epi fè pratik avèk yo nan reyinyon konsèy enstriktè yo.