Doktrin ak Alyans 2021
1-7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10–11 “Pou Ou Kapab Gen Viktwa”


“1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10–11: ‘Pou Ou Kapab Gen Viktwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10–1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Maniskri Liv Mòmon an

Replika maniskri orijinal Liv Momon an.

1–7 Fevriye

Doktrin ak Alyans 10–11

“Pou ou Kapab Gen Viktwa”

Ki enpresyon ou te genyen lè w te li Doktrin ak Alyans 10-11? Ki panse ki vin nan tèt ou konsènan bezwen moun w ap anseye yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Bay manm klas la yon opòtinite pou yo pale de sa yo te aprann nan etid ekriti pèsonèl ak familyal yo, ou ta kapab ekri sou tablo a Doktrin ak Alyans 10 ak Doktrin ak Alyans 11. Kèk manm klas la ta kapab ekri, anba nenpòt tit, nimewo yon vèsè kote yo te jwenn yon verite enpòtan. Seleksyone kèk nan vèsè yo, epi envite manm klas la pataje verite yo te jwenn ladan yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 10:1–33

Satan ap chèche pou l detwi travay Bondye a.

  • Doktrin ak Alyans 10 kapab ede manm yo rekonèt ak reziste anba efò Satan pou l detwi lafwa yo. Pou bay yon kontèks istorik pou seksyon sa a, ou ta kapab envite yon manm klas la pou l pataje istwa Martin Harris ki te pèdi 116 paj tradiksyon Liv Mòmon an (gade nan antèt seksyon Doktrin ak Alyans 3 ak Sen yo, 1:50–53). Manm klas la ta kapab fouye apre sa nan Doktrin ak Alyans 10:1-33 pou yo jwenn plan Satan pou paj ki te pèdi yo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan jan Satan travay ak poukisa l fè bagay sa yo? (gade tou nan vèsè 63). Kijan l travay menm fason sa yo jodi a? Kijan Senyè a ede nou gen viktwa sou Satan nan lavi nou?

Doktrin ak Alyans 10:34–52

“Sajès Senyè a pi gran pase jwèt mètdam dyab la.”

  • Lè nou santi nou dekouraje konsènan peche nou, nou kapab jwenn espwa nan konesans nou genyen sou jan Senyè a te konpanse pou peche ke Joseph Smith ak Martin Harris te komèt la lè yo te dezobeyi Senyè a epi pèdi 116 paj tradiksyon Liv Mòmon an. Reflechi sou kijan ou kapab ede manm klas la jwenn espwa nan istwa sa a. Pa egzanp, ou ta kapab envite yo pataje yon bagay yo aprann konsènan Senyè a nan Doktrin ak Alyans 10:34-52 (gade tou nan Doktrin ak Alyans 3:1-3). Manm klas la ta kapab pataje kijan yo te wè “sajès Senyè a pi gran pase jwèt mètdam dyab la” (Doktrin ak Alyans 10:43). Kijan konesans sa a ranfòse lafwa nou nan Li?

    Imaj
    Mòmon ap fè rezime plak lò yo

    Mòmon ap fe rezime plak yo, pa Tom Lovell

Doktrin ak Alyans 11

Si nou mande Bondye, n ap resevwa.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo envite nou pou nou li Doktrin ak Alyans 11 kòmsi se pou nou li te ekri. Petèt manm klas la t ap dispoze pou yo pataje yon bagay ki soti nan seksyon an ki gen rapò avèk yomenm patikilyèman. Kijan yo planifye pou yo aplike sa yo te aprann yo?

  • Yon fason pou ankouraje diskisyon sou Doktrin ak Alyans 11 la se envite manm klas la jwenn yon prensip nan seksyon epi apre sa ekri yon kesyon sou li. Kesyon sa yo ta gen dwa enkli: “Kisa atache w a Senyè a tout kè w vle di?” (vèsè 19) ou “Kijan nou jwenn pawòl Bondye?” (vèsè 21). Manm klas la ta kapab met kesyon yo sou yon moso papye epi distribiye papye yo nan sal la, pandan y ap ajoute refleksyon posib pou kesyon youn ap poze lòt. (Li ta kapab itil pou divize klas la dabò an ti gwoup.) Manm klas la ta kapab pataje avèk klas la lè sa a kèk nan refleksyon ke lòt manm yo te ekri konsènan kesyon yo a.

Doktrin ak Alyans 11:8–26)

Bondye ba nou Espri L lè nou prepare nou nan fason pa l.

  • èske pale sou jan pou rekonèt revelasyon pèsonèl atravè Espri a t ap pote yon benefis pou manm klas ou a? Si wi, ou ta gen dwa kòmanse yon diskisyon pandan w ap envite yo pou yo imajine ke yo te mande yo pou yo ekri kèk verite sou jan pou moun resevwa revelasyon pèsonèl. Ki bagay ki soti nan Doktrin ak Alyans 11:8–26 yo tap enkli? Pa egzanp, kisa yo tap ekri konsènan preparasyon pou nou resevwa konsèy pou lavi nou ak repons pou kesyon nou yo? Kisa yo tap di sou jan pou yo rekonèt repons yo lè yo vini? Envite manm klas la medite sou kijan yo pral aplike sa yo te aprann yo pandan y ap fè efò pou yo chèche revelasyon pèsonèl.

    Kòm yon pati nan aktivite sa a, ou ta kapab pataje deklarasyon sa a ke Sè Julie B. Beck, ansyèn Prezidant Sosyte Sekou Jeneral la, te fè: “Kapasite pou n kalifye nou pou revelasyon pèsonèl, pou n resevwa l ak aji sou li a se sèl bagay ki pi enpòtan ke moun kapab akeri nan vi sa a (“And upon the Handmaids in Those Days Will I Pour Out My Spirit,” Ensign ou Lyawona, Me 2010, 11).

Amelyore ansèyman nou

Entegre moun ki gen difikilte yo. Kisa w kapab fè lè yon manm klas la santi li pa konekte avèk rès klas la? Pafwa li sèlman bezwen pou w enplike l. Anvizaje mande moun sa a pou l patisipe nan yon leson ki gen pou fèt. Si l pa reponn a efò w yo nan kòmansman, kontinye montre lanmou ak preyokipasyon pou li. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 8–9.)