Doktrin ak Alyans 2021
15–21 Fevriye. Doktrn ak Alyans 14-17 “Kanpe kòm yon Temwen”


“15–21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14-17: ‘Kanpe Kòm yon Temwen,’” , Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekoldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 2020

“15–21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14-17” Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekoldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Joseph Smith ak Twa Temwen yo mete yo ajenou pou yo priye

15–21 Fevriye

Doktrin ak Alyans 14-17

“Kanpe kòm yon Temwen.”

Reflechi sou doktrin ak evenman ke yo dekri nan Doktrin ak Alyans 14-17 yo. Kijan w ap enspire moun w ap anseye yo pou “kanpe kòm yon temwen bagay [sa yo]”? (Doktrin ak Alyans 14:8).

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kisa manm yo nan klas ou a twouve ki siyifikatif nan etid ekriti pèsonèl ak familyal yo? Petèt ou ta kapab envite klas la pataje yon ide konsènan patisipe nan travay Senyè a nan chak seksyon nan Doktrin ak Alyans 14-17.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 14–16

Senyè a envite nou patisipe nan travay li a.

  • Kisa manm klas la konnen konsènan fanmi Whitmer? (gade nan Sen yo, 1:68–69.) Li kapab itil pou yo si w mete yon lis kèk fè konsènan Whitmer yo sou tablo a. Kijan fè sa yo ede nou pi byen konprann konsèy Senyè a te bay Whitmer yo nan seksyon 14–16 yo? Pa egzanp, poukisa Senyè a te kapab konpare travay li a ak rekòlte yon jaden?

  • Pou pèmèt manm klas la pataje panse yo konsènan patisipe nan travay Senyè a, ou ta kapab ekri referans sa yo sou tablo a: Doktrin ak Alyans 14:1; 14:2–4; 14:5, 8; 14:6–7; 14:9–11; 15:6. Manm klas la ta kapab li youn nan pasaj ekriti sa yo de pa de epi diskite sa yo aprann konsènan travay Senyè a. Kèk nan pè yo ta kapab pataje avèk klas la sa yo te diskite.

  • Envite manm klas la pataje eksperyans yo nan ede lòt moun vin pi pwòch Sovè a, yo ka enkli sa yo te fè kòm misyonè aplentan, kòm misyonè sèvis ak nan sèvis pastoral. Kijan yo te wè pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans 15:6 ak 16:6 yo akonpli nan lavi yo? Kisa nou aprann nan seksyon sa yo ki kapab ede nou prepare nou pou nou pataje levanjil la?

    Imaj
    travayè agrikòl ki ap rekòlte ble

    Ilistrasyon travayè nan chan ble pa Greg Newbold

Doktrin ak Alyans, 17

Nou kapab rete fidèl a sa nou konnen, menm si lòt moun rejte nou.

  • Poukisa Senyè a bay temwen pou Liv Mòmon an? Manm klas la ta kapab pataje ide ki te vin nan tèt yo lè yo tap li Doktrin ak Alyans 17 la. Nou ka jenn ide adisyonèl nan ekriti yo mansyone kòm referans nan entwodiksyon seksyon 17 la oubyen nan “Temwayaj Twa Temwen yo,” ke nou jwenn nan kòmansman Liv Mòmon an. Kijan temwayaj Twa Temwen yo enfliyanse temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an?

  • Menmsi nou pa wè zanj ni touche plak lò yo, nou toujou kapab rann temwayaj konsènan Liv Mòmon an. Kisa manm klas la jwenn nan seksyon 17 la (enkli entwodiksyon seksyon an) ke yo santi ki aplike a yomenm? Si yon moun te mande w poukisa nou kwè Liv Mòmon vrè, kisa w t ap reponn li? Petèt manm klas la ta kapab ekri yon repons brèf, epi ou ta kapab envite kèk pami yo pou yo pataje sa yo te ekri a. Sitasyon Prezidan Ezra Taft Benson nan nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab enspire manm yo pou yo rann lòt moun temwayaj yo konsènan Liv Mòmoan an.

  • Sa ta kapab enspiran pou w ta mande yon manm klas la pou l pataje eksperyans lòt temwen plak lò yo (gade “Temwayaj Uit Temwen yo” nan Liv Mòmon an ak eksperyans Mary Whitmerr a nan Sen yo, 1:70–71). Kisa nou aprann de eksperyans sa yo?

  • Ou ta kapab pataje kèk seleksyon ki soti nan videyo “Yon Jou pou Etènite yo” (ChurchofJesusChrist.org) kòm yon pati nan diskisyon konsènan temwen Liv Mòmon yo (pòsyon ki konsène Twa Temwen yo kòmanse bò zòn 15:00).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Pataje temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an.

Prezidan Ezra Taft Benson te bay manm Legliz yo envitasyon sa a an 1988:

“Liv Mòmon an se enstriman ke Bondye te konsevwa pou bale tè a menm jan delij la te fè a, pou rasanble moun [Li]chawzi yo.’ (Moyiz 7:62) Volim ekriti sakre sa a dwe vin pi santral nan prèch nou, nan ansèyman nou, ak nan travay misyonè nou.

“… Nan epòk medya elektwonik sa a kote sa ki enprime distribiye an mas, Bondye ap konsidere nou kòm responsab si nou pa fè Liv Mòmon an mache nan yon fason monimantal kounyeya.

“Nou gen Liv Mòmon an, nou gen manm yo, nou gen misyonè yo, nou gen resous yo, e mond lan gen bezwen an. Lè a rive!

“Frè ak Sè byenneme m yo, nou manke konprann pouvwa Liv Mòmon an, wòl diven li dwe jwe a, ak jan nou dwe fè moun konnen l” (Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson [2014], 143–44).

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki envite moun rann temwayaj. Yon kesyon kapab yon fason puisan pou nou envite Lespri a. Pa egzanp, lè w ap anseye Docktrin ak Alyans 14:9 la, ou ta kapab poze yon kesyon tankou “Kijan w te fè rive konnen ke Jezikri se ‘yon limyè ki pa kapab kache nan fènwa’?” (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 32.)