Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75: “Sou Noumenm Sèvitè Asosye M yo”


“8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75: “Sou Noumenm Sèvitè Asosye M yo” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75 Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Rivyè Susquehanna

“8–14 Fevriye.

Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75

“Sou Noumenm Sèvitè Asosye M yo”

Menm jan Sentespri a te eklere lespri Joseph Smith ak Oliver Cowdery konsènan ekriti yo, li kapab enspire w lè w etidye nan lapriyè Doktrin ak Alyans 12–13 ak Istwa—Joseph Smith 1:66–75 tou.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Yon fason pou ankouraje pataj se pou mande manm klas la kijan yo etidye ekriti yo. Kisa yo te fè pou yo jwenn ide nan ekriti yo semèn sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Doktrin ak Alyans 13

Prètriz Aawon an te retabli pa Janbatis.

  • Yon fason pou w diskite verite yo nan Doktrin ak Alyans 13 la se ta pou w fè manm klas la pale de kijan seksyon sa a ta kapab ede jèn yo konprann Prètriz Aawon an pi byen. Kisa seksyon 13 la anseye konsènan Prètriz Aawon an ke jènjan yo ak jènfi yo ta dwe konprann? Pou w bay tout moun yon opòtinite pou yo patisipe, ou ta kapab mande manm klas la pou yo diskite kesyon sa a de pa de epi pataje avèk klas la sa youn te aprann nan men lòt.

  • Plan semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere resous ki ta kapab ede eksplike kèk nan fraz ki nan Doktrin ak Alyans 13 la. Ou ta kapab mande manm klas la pou yo pataje sa yo te aprann nan etid resous sa yo. Pou pataje yon diskisyon konsènan kle ki mansyone nan seksyon sa a, ou ta kapab montre yon je kle epi envite manm klas la pou yo pale de sa kle yo pèmèt nou fè. Eksplikasyon ke Sè Ruth ak èldè Dale G. Renlund bay nan “Resous Adiisyonèl yo” ta kapab ede tou. A ki benediksyon kle Prètriz Aawon an ba nou aksè? Kisa ki tap diferan si nou pa t gen benediksyon sa yo nan lavi nou?

  • Yon pati nan bote levanjil retabli a sè ke li angaje nou nan menm travay avèk mesye ak medam ki nan ekriti yo: bati wayòm Bondye a sou tè a. Nan yon sans, sa fè nou “sèvitè asosye” avèk yo. Kisa sa vle di lè moun se sèvitè asosye nan travay Senyè a? Matye 3:13–17; Lik 1:13–17; 3:2–20 kapab ede manm klas la konprann travay Janbatis te fè a pi byen.

    Imaj
    Joseph Smith ki ap batize Oliver Cowdery

    Joseph Smith batize Oliver Cowdery pa Del Parson

Istwa—Joseph Smith 1:66–75

Òdonans yo ba nou aksè a pouvwa Bondye.

  • Bay manm klas la yon chans pou youn ran lòt temwayaj konsènan benediksyon ki soti nan resevwa òdonans prètriz yo, ou ta kapab envite yo pou yo pase an revi Istwa—Joseph Smith 1:66–75, enkli nòt nan vèsè 71 la, pandan w ap chèche benediksyon Joseph ak Oliver te resevwa apre batèm yo ak òdinasyon yo nan prètriz la. Kijan òdonans yo bay pouvwa espirityèl? Manm klas la ta kapab patjaje pwòp eksperyans pa yo lè yo te santi pouvwa Bondye ki soti nan òdonans prètriz yo te resevwa tankou batèm, sentsèn nan, oubyen òdonans tanp yo. Ou ta kapab pase tou videyo “Benediksyon Prètriz la” (ChurchofJesusChrist.org) kòm yon pati nan diskisyon an.

  • Manm klas la ka tire pwofi nan kreye yon tablo ki montre benediksyon ki soti nan òdonans prètriz yo. Pa egzank, ou ta kapab ekri sou tablo a tit sa yo: Òdonans ak Benediksyon. Manm klas la ta kapab fouye nan ekriti tankou sa yo pou ranpli tablo a: Jan 14:26; Travay 2:38; Doktrin ak Alyans 84:19–22; 131:1–4; Istwa—Joseph Smith 1:66–75.. Yo ta kapab enkli tou lòt benediksyon yo te resevwa akoz de òdonans sa yo. Petèt yo ta kapab pataje eksperyans kote yo te santi ke òdonans yo te resevwa yo te pote pouvwa Sovè a nan lavi yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Kisa kle prètriz yo ye?

Èldè Dale G. Renlund ak madanm li, Ruth, te ofri eksplikasyon sa a konsènan kle prètriz yo.

“Yo itilize tèm kle prètriz yo nan de fason diferan. Premye a refere a yon dwa oubyen yon privilèj espesyal yo konfere sou tout moun ki resevwa Prètriz Aawon an ou Prètriz Mèlkisedèk la. … Pa egzanp, detantè Prètriz Aawon an resevwa kle ministè zanj yo ak kle levanjil preparatwa a pou repantans ak batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo (gade nan Doktrin ak Alyans 13:1; 84:26–27). Detantè Prètriz Mèlkisedèk yo resevwa kle mistè wayòm nan, kle konesans Bondye, ak kle tout benediksyon espirityèl nan Legliz la (gade nan Doktrin ak Alyans 84:19; 107:18.). …

“Dezyèm fason yo itilize tèm kle Prètriz yo fè referans a dirijan yo. Dirijan Prètriz yo resevwa kle prètriz adisyonèl, dwa pou yo prezide sou yon divizyon òganizasyonèl nan Legliz la oswa nan yon kowòm. Nan sans sa a, kle prètriz yo se otorite ak pouvwa Bondye pou dirije, kondui, ak gouvène nan Legliz la” (Prètriz Mèlkisedèk la: Konprann Doktrin nan, Viv Prensip yo [2018], 26).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj ou souvan. “Temwayaj senp e sensè w sou verite espirityèl la kapab gen yon gwo enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. … Li pa bezwen elokan ni long” (Anseye nan Fason Senyè a 11). Anvizaje pataje temwayaj pèsonèl ou sou Prètiz Aawon an pandan w ap diskite Doktrin ak Alyans 13 la.