Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75: “Sou Noumenm, Sèvitè Parèy Mwen yo”


“8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75: ‘Sou noumenm, sèvitè parèy mwen yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ask Alyans 2021 (2020)

“8–14 Fevriye. Doktrin ask Alyans 12:-13; Istwa —Joseph Smith 1:66–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Rivyè Susquehanna a

8–14 Fevriye.

Doktrin ak Alyans 12–13; Istwa—Joseph Smith 1:66–75

“Sou Noumenm, Sèvitè Parèy Mwen yo”

Joseph Smith ak Oliver Cowdery te resevwa konesans adisyonèl lè yo te priye sou verite yo te aprann nan ekriti yo (gade Istwa—Joseph Smith 1:68). Kijan n ap suiv egzanp yo?

Ekri enpresyon ou

Pifò moun nan mond lan pwobableman pa janm tande pale de yon kote ki rele Harmony, nan Pennsilvani. Men Senyè a souvan chwazi kote enkoni pou pifò nan gwo evenman enpòtan ki gen pou wè ak wayòm ni an. Nan yon ti boskè tou pre Amoni, jou 15 Me 1829 la, Jan Batis te parèt antanke yon moun resisite devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery. Li te mete men l sou tèt yo epi l te konfere yo Prètriz Aawon an, li te rele yo “sèvitè parèy mwen” (Doktrin ak Alyans 13:1).

Pou yo te wè yo te konsidere kòm sèvitè parèy Jan Batis, ki te batize Sovè a e ki te prepare chemen pou l te vini an (gade Matye 3:1–6, 13–17), siman sete yon bagay ki te pote imilite, ki te menm depasan pou de jenòm sa yo ki te nan ventèn yo a. Nan epòk la, Joseph ak Oliver te pratikman enkoni, menmjan ak Amoni. Men lesansyèl nan sèvis nan travay Bondye a sete toujou fason nou sèvi, non pa kimoun ki remake nou. Keseswa l piti oubyen enkoni, kontribisyon nou ka sanble l ye pafwa, noumenm tou nou se yon konpayon sèvis nan gran travay Senyè a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Doktrin ak Alyans 12

Senyè a vle m ede etabli koz Siyon an.

Joseph Knight Sr ak madanm ni, Polly, te rankontre Joseph Smith lè, nan laj ventan, li te kòmanse travay nan fèm yo a nan Colesville, nan Nouyòk. Joseph Knight te dekri l kòm pi bon travayè li te janm genyen. Li te kwè nan temwayaj Joseph Smith la konsènan plak lò yo epi li te mennen Polly al vizite Joseph Smith pandan l t ap tradui Liv Mòmon an lakay li nan Amoni, Pennsilvani. Madanm ni te kwè imedyatman. Pandan tout rès lavi yo, Joseph ak Polly te rete fidèl nan levanjil retabli a. Plis pase 60 manm nan fanmi Knight te antre nan legliz la epi yo te ede etabli Legliz la nan Nouyòk, Ohio, Missouri, Novou, ak finalman Salt Lake City.

Joseph Knight te vle konn kijan l te ka ede nan travay Senyè a. Repons Senyè a (ki kounyea se Doktrin ak Alyans 12) aplike pou “tout moun ki vle pote kole epi ki vle tabli zèv sa a” (vèsè 7)—enkli oumenm. Kisa savle di pou ou “pou chèche pote kole epi chèche tabli kòz Siyon an”? (vèsè 6). Kijan prensip ak kalite yo mansyone nan vèsè 7–9 yo ede w fè sa?

Gade “Les familles Knight et Whitmer,” Révélations dans leur contexte , 20–24.

Doktrin ak Alyans 13

Prètriz Aawon an te retabli pa Jan Batis.

Nan yon sèl fraz, Jan Batis te revele anpil verite sou Prètriz Aawon an. Panse pou w note tout sa w aprann nan seksyon sa a (enkli nan antèt seksyon an). Ou gen dwa wè l ta bon pou w ta etidye kèk nan fraz ou jwenn yo. Men kèk ide pou ede w derape:

Ki benediksyon ou te resevwa atravè òdonans Prètriz Aawon yo?

Imaj
Joseph Smith k ap batize Oliver Cowdery

Joseph Smith batize Oliver Cowdery, pa Del Parson

Istwa—Joseph Smith 1:5–10

Òdonans yo ban m aksè nan pouvwa Bondye.

Sè Carole M. Stephens, ansyèn konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, te anseye: “Òdonans ak alyans Prètriz yo bay aksè nan totalite benediksyon Bondye pwomèt nou yo, ki rann posib pa Sakrifis Ekspyatwa Sovè a.” Yo ame pitit gason ak pitit fi Bondye yo avèk pouvwa, pouvwa Bondye, epi yo ba nou opòtinite pou n resevwa lavi etènèl” (“Èske nou konn sa nou genyen?Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 12).

Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:66–75 la, enkli nòt ki nan fen vèsè 71 la, reflechi sou sa k te enspire Joseph ak Oliver pou yo te poze kesyon sou batèm nan, epi ekri benediksyon yo te resevwa yo apre yo te fin patisipe nan òdonans prètriz yo. Panse pou w li pasaj nan jounal pèsonèl ou ke w te ekri lè w te fin resevwa kèk òdonans oubyen ekri souvni w sou evenman sa yo. Ki benediksyon w te resevwa atravè òdonans prètriz yo?

Gade Doktrin ak Alyans 84:20-22; Sen yo, 1:65–68.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 12:8.Poukisa karakteristik yo pale nan vèsè sa yo nesesè lè n ap fè travay Senyè a?

Doktrin ak Alyans 13.Kisa k ta ka bati lafwa fanmi w nan retablisman Prètriz Aawon an? Video “Retablisman Prètriz Aawon an” (ChurchofJesusChrist.org) oubyen foto ki akonpaye plan leson sa a ka ede fanmi w vizyalize retablisman Prètriz Aawon an. Èske yo t ap renmen desine yon foto sou evenman an, baze sou sa yo li nan Istwa—Joseph Smith 1:68–74 la? Yo ta ka pataje temwayaj yo sou pouvwa prètriz la nan lavi yo tou.

Gade “Sit Retablisman Prètriz la” nan history.ChurchofJesusChrist.org.

Istwa—Joseph Smith 1:68.Kijan nou ka suiv egzanp Joseph Smith ak Oliver Cowdery a pou nou jwenn repons pou kesyon nou yo? Petèt pandan w ap li ansanm nan, ou ta ka fè l tounen yon abitid pou w fè yon ti poz pou mande si gen yon moun ki gen kesyon sou sa y ap li yo.

Istwa —Joseph Smith 1:71, nòt.Kisa k enpresyone manm fanmi w nan pawòl Oliver Cowdery yo? Ki kèk jou “jou inoubliyab” fanmi w genyen?

Joseph Smith—Istwa 1:73–74Ki efè Sentespri a te genyen sou Joseph ak Oliver? Kilè Lespri a te ede fanmi w konprann ekriti yo ak rejwi nan Senyè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “La prêtrise rétablie,” Chants pour les enfants, 60.

Amelyore ansèyman nou

Chwazi yon sijè. Antanke fanmi, chwazi yon sijè w ta renmen etidye an plis detay. Paregzanp, semèn sa a ou ta ka itilize Endèks pa sijè a oubyen Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) to

Imaj
Jan Batis ap bay Joseph Smith Prètriz Aawon an

Sou noumenm, sèvitè parèy mwen yo, pa Linda Curley Christensen