Doktrin ak Alyans 2021
15-21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14-17: ““Kanpe Kòm Temwen”


“15–21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14–17: “Kanpe Kòm Temwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15–21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Joseph Smith ak Twa Temwen yo ajenou ap priye

15-21 Fevriye.

Doktrin ak Alyans 14-17

“Kanpe Kòm Temwen”

Fanmi ak zanmi Joseph Smith yo te pafwa mande l pou l chèche revelasyon sou sa Bondye te vle pou yo fè. Pandan w ap li revelasyon sa yo, reflechi sou ki direksyon Bondye genyen pou ou.

Ekri enpresyon ou

Malgre ke travay tradiksyon an t ap byen pwogrese, rive Me 1829, sitiyasyon nan Amoni an te vin pi difisil pou Joseph, Emma, ak Oliver. Rayiman vwazen yo t ap grandi pandan ke sipò nan men fanmi Emma yo t ap bese. Paske l te santi l pa t an sekirite nan Amoni ankò, Oliver te fè apèl a yon zanmi ki te montre l te enterese nan travay Joseph la: David Whitmer. David t ap viv avèk paran l ak sè l ak frè li nan Fayette, Nouyòk, apeprè 60 kilomèt distans. Li te rankontre Oliver sa te gen ennan, epi Oliver te ekri l plizyè lèt depi lè sa a, pou l te pataje eksperyans li nan travay avèk Pwofèt la. Ni David ni okenn lòt moun nan fanmi l p at janm rankontre Joseph. Men, lè Oliver te mande si limenm ak Joseph te ka bwote vin lakay Whitmer yo pou l te fini tradiksyon Liv Mòmon an, fanmi an te louvri pòt ba yo imedyatman. Epi, Senyè a te gen plis bagay an rezèv pou fanmi Whitmer pase senpleman ebèje Pwofèt la. Li te gen enstriksyon espesifik pou yo, ke n ap jwenn nan Doktrin ak Alyans 14-17, epi apresa yo te gen pou yo vin youn nan fanmi ki te fonde Legliz la ak temwen Retablisman ki t ap deplwaye a.

Pou plis enfòmasyon sou fanmi Whitmer, gade Les Saints, 1:68–71.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 14

M ka patisipe nan “gran travay mèveye” Bondye a.

Lè l te rankontre Joseph Smith, David Whitmer sete yon jenòm ki te devwe nan travay li nan fèm fanmi an. Men, Senyè a te gen yon travay diferan nan tèt li pou David—byenke nan yon sèten sans, sa te sanble ak travay nan fèm nan. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 14:1–4 la, note kijan Senyè a konpare travay li a aklite travay David te abitye fè a. Kisa w aprann sou travay Senyè a nan konparezon sa a?

Kijan w ka “manche kouto digo [ou]”? (vèsè 4). Note pwomès yo bay atravè seksyon sa a pou moun k ap “chèche potekole e etabli … Siyon yo” (vèsè 6).

Doktrin ak Alyans 14:2

Pawòl Bondye a “rapid ak puisan.”

Senyè a te konpare pawòl li avèk yon “epe de bò” (Doktrin ak Alyans 14:2). Kisa konparezon sa a sigjere w apwopo pawòl Bondye a? Paregzanp, kijan pawòl li rapid, puisan, ak file? Èske w konn fè eksperyans pouvwa pawòl Bondye a?

Reflechi sou lòt fason Bondye dekri pawòl li. Paregzanp, kisa w aprann osijè pawòl Bondye a nan konparezon ki nan pasaj sa yo?

Sòm 119:105 

Ezayi 55:10–11 

Matye 4:4 

1 Nefi 15:23–24 

Alma 32:28 

Imaj
epe sou ekriti yo

Senyè a konpare pawòl li ak yon epe.

Doktrin ak Alyans 14:7

Lavi etènèl se “pi gwo nan tout kado Bondye yo.”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 14:7, medite sou rezon k fè lavi etènèl se “pi gran nan tout kado Bondye yo.” Ide sa a Prezidan Russell M. Nelson bay la kapab ede: “Selon gran plan bonè a, fanmi yo ka sele nan tanp epi prepare pou yo retounen al viv nan prezans li pou tout tan. Sa se lavi etènèl!” (“Rendons grâce à Dieu,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 77).

Panse pou w ajoute kèk referans kwaze sou vèsè 7 la ki ap ede w konprann plis osijè lavi etènèl (gade “Lavi etènèl” nan Gid pa sijè a oubyen Gid Ekriti yo, nan scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa w aprann ki enspire w pou chèche jwenn lavi etènèl?

Doktrin ak Alyans 15–16

Mennen nanm bay Kris la gen gwo valè.

John ak Peter Whitmer te vle konnen kisa k “t ap gen plis valè” nan lavi yo (Doktrin ak Alyans 15:4; 16:4). Èske w janm poze tèt ou kesyon sa a? Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 15–16 la, reflechi sou rezon k fè mennen nanm bay Kris la gen si gwo valè konsa. Kijan w ka envite nanm vin jwenn Kris la?

Gade Doktrin ak Alyans 18:10–16 tou.

Doktrin ak Alyans 17

Senyè a itilize temwen pou etabli pawòl li.

Kisa yon temwen ye? Poukisa Senyè a itilize temwen nan travay li? (gade 2 Korentyen 13:1). Medite sou kesyon sa yo pandan w ap li pawòl Bondye te di Twa Temwen yo nan Doktrin ak Alyans 17 la. Sa ta bon tou si w ta repase “Temwayaj Twa Temwen yo” nan Liv Mòmon an. Kijan temwen sa yo ede reyalize “objektif ki jis”? (vèsè 4).

Èske w konnen ke Mary Whitmer te resevwa yon temwayaj de plak lò yo tou? Anj Mowoin te montre l yo kòm rekonesans pou sakrifis li te fè pandan Joseph, Emma, ak Oliver t ap viv lakay li a (gade Sen yo, 1:70–71). Kisa w aprann nan eksperyans li a osijè resevwa yon temwayaj?

Gade tou Les Saints, 1:73–75; Ulisses Soares, “Aparisyon Liv Mòmon an,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2020, 32–35.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 14:1–4.Panse pou w envite fanmi w chèche fraz ki anrapò ak travay fèm nan vèsè sa yo. Poukisa Senyè a ta ka konpare travay li a avèk yon rekòt? Kisa nou ka fè pou pou ede nan travay sa a?

Doktrin ak Alyans 14:2.Aktivite pou vèsè sa a nan seksyon “Ide pou etid ekriti pèsonèl” la gen lis kèk ekriti sou pawòl Bondye a. Petèt manm fanmi w ta ka li yo epi pataje sa yo aprann. Kijan pasaj ekriti sa yo enspire nou pou nou “koute” pawòl Bondye a?

Doktrin ak Alyans15:6; 16:6.Vèsè sa yo ta ka pouse yon konvèsasyon sou sa ki gen plis valè pou fanmi ou (gade Doktrin ak Alyans 18:10).

Doktrin ak Alyans 17.Fanmi w gen dwa kontan desine foto chak nan sa Twa Temwen yo te wè yo (gade vèsè 1). Pandan w ap li seksyon 17 la, chèche fraz ki anseye sou enpòtans Liv Mòmon an. Kijan nou ka temwen Liv Mòmon an? Fanmi w ta ka gade video “Yon jou pou Etènite yo” (ChurchofJesusChrist.org).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “J’irai où tu veux,” Cantiques, no. 174.

Imaj
senbòl vwa retablisman an

Vwa Retablisman yo

Lucy Mack Smith ak Twa ak Yuit Temwen yo

Anj Mowoni te montre plak lò yo bay Joseph Smith, Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris nan boskè tou pre lakay Whitmer yo nan Fayette, Nouyòk. Paran Joseph t ap vizite fanmi Whitmer lè sa a. Lucy Mack Smith, manman Joseph, te dekri efè eksperyans mirakile sa a te fè sou temwen yo:

Imaj
Lucy Mack Smith

“Sete ant twa ak katrè. Madanm Whitmer ak Mesye Smith avèk mwen te chita nan yon chanm. M te chita bò kabann nan. Lè Joseph te rantre, li te lage kòl bò kote m nan. ‘Papa! Manman’ li te di. ‘Nou pa konn kijan m kontan. Senyè a pèmèt ke yo montre twa lòt moun plak yo anplis de mwen, ki yomenm tou wè yon zanj epi y ap gen pou yo temwaye ke sa m di yo se verite. Paske yo kennen pou tèt pa yo ke m pa p mache ap twonpe moun. E m santi m soulaje anba yon gwo fado, ki te prèske twò difisil pou m sipòte. Men kounyeya, yo dwe pote yon pati nan fado a, epi nanm mwen rejwi dèske m pa poukont mwen ankò nan mond lan. Apresa Martin Harris te rantre. Li te sanble l prèske simonte pa yon lajwa ekstrèm. Apresa li te temwaye de sa l te wè ak sa l te tande, epi Oliver, ak David te fè menm bagay la tou. Temwayaj yo a sete esansyèlman menm avèk sa k ekri nan Liv Mòmon an. …

“Martin Harris te patikilyèman sanble l pa t kapab eksprime sa l te santi yo an pawòl. Li te di: ‘Kounyeya, m wè yon zanj soti nan syèl la ki te vrèman temwaye verite tout sa m te tande konsènan anal yo, epi je m te wè yo. Mwen te gade plak yo epi m te kenbe yo nan menm epi m ka temwaye menm bagay la bay tout mond lan. Men m resevwa yon temwayaj pou tèt mwen ke mo pa kapab eksprime, ke lang pa ka dekri, epi m beni Bondye nan senserite nanm mwen dèske l konsanti pou l fè m, mwen menm, vin yon temwey gandè travay li ak zèv li pou pitit lèzòm yo.’ Oliver ak David te ini yo avèk li nan louwanj solanèl pou Bondye pou bonte l ak mizèrikòd li. Nou te retounen lakay nou [nan Palmira, nan Nouyòk,] nan demen, ansanm kòm yon ti konpayi plen lajwa.”1

Imaj
Yuit Temwen yo

Foto Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris pa Lewis A. Ramsey

Lucy Mack Smith te la tou lè Yuit Temwen yo te sot fin fè eksperyans yo a:

“Apre temwen sa yo te retounen lakay yo, zanj lan te parèt devan Joseph ankò; se lè sa a Joseph te remèt li plak yo nan men. Jou swa sa a, nou te fè yon reyinyon, kote tout temwen yo te rann temwayaj de bagay ki mansyone anwo la ayo; epi tout fanmi nou, menm Don Carlos [Smith], ki te gen 14 zan sèlman, te temwaye de verasite dispansasyon dènye jou a—ki te totalman ouvri lè sa a.”2

Imaj
Joseph Smith k ap montre Yuit Temwen yo plak yo

Estati Joseph Smith ak Yuit Temwen yo pa Gary Ernest Smith

Imaj
anj Mowoni k ap montre Joseph Smith, Oliver Cowdery, ak David Whitmer plak lò yo

Anj Mowoni k ap montre Joseph Smith, Oliver Cowdery, ak David Whitmer plak lò yo, pa Gary B. Smith