Vini, Suiv Mwen
30 Novanm–6 Desanm. Mowoni 1–6: “Kenbe yo nan wout dwat la”


30 Novanm–6 Desanm. Mowoni 7–10: ‘Kenbe yo nan wout dwat la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020) (2020)

30 Novanm–6 Desanm. Mowoni 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Alma k ap fè batèm nan Dlo Mòmon yo

Minerva Teichert (1888–1976), Alma ap batize moun nan Dlo Mòmon yo, 1949–1951, penti aluil sou masonite, 35⅞ x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

30 Novanm–6 Desanm

Mowoni 1-6

“Kenbe yo nan wout dwa la”

Mowoni te vle pou sa l te ekri yo te gen “valè” pou moun k ap viv nan dènye jou yo (Mowoni 1:4). Pandan w ap li Mowoni 1–6, nan lapriyè, panse a sa k ap pi gen valè pou moun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa manm klas yo pi byen kapab pataje ide nan etid pèsonèl yo lè yo gen yon ti tan pou yo sonje sa yo te li yo. Ou gen dwa pran kèlke minit nan kòmansman klas la pou repase antèt chapit Mowoni 1–6 yo. (Sa ka ede sa ki pa t li lakay yo tou). Apresa envite yo pou yo chèche nan chapit sa yo yon vèsè yo te touve k siyifikan epi yo ta renmen pataje avèk rès klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mowoni 2-6

Odonans Prètriz yo dwe administre jan Senyè a kòmande a.

  • Si manm klas yo (oubyen moun pa w) ap prepare pou resevwa òdonans prètriz, li ta bon pou w ta repase sa Mowoni te anseye sou òdonans yo nan Mowoni 2–6. yo. Fè yo travay de pa de pou yo jwe wòl tankou sa yo. (1) Frè w la pral òdone nan prètriz la. Ki konsèy ou t ap ba li nan Mowoni 3 a? (2) Yon zanmi nan yon lòt relijyon ap mande tèt li poukisa l nesesè pou nou pran setsèn chak semèn. Kisa w t ap di li? (gade Mowoni 4–5). (3) Batèm pitit fi w la ap pwoche, men li pa si ke l pare. Kijan w t ap ede li? (gade Mowoni 6:1–3). Lè yo fin jwe wòl yo, klas la ta ka diskite sou sa youn aprann nan men lòt. Yo gen dwa pataje temwayaj yo sou kijan òdonans tankou sa yo te mennen yo pi pre Pè Selès la avèk Jezikri tou.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou prepare pou batèm, ou gen dwa mande yon manm nan klas la pou dekri fason l te prepare l pou angajman enpòtan nan lavi l yo, tankou yon misyon, maryaj, vin paran, oubyen yon nouvo djòb. Kijan preparasyon sa a ka konpare avèk preparasyon l bezwen pou kalifye pou batèm nanm jan l dekri nan Mowoni 6:1–3 a? (gade Mozya 18:8–10; DA 20:37) tou. Poukisa karakteristik yo nan pasaj sa yo nesesè pou batèm? Kijan nou konnen si nou prepare pou òdonans sa a? Ankouraje manm klas yo pou yo medite sou fason yo konn viv alawotè prensip sa yo depi jou batèm yo ak kisa yo ta ka fè pou yo amelyore. Ou gen dwa envite yo pou yo ekri nenpòt enpresyon yo resevwa tou epi refere avèk yo souvan.

    Imaj
    yon jènfi k ap resevwa yon benediksyon

    òdonans yo akonpli pa pouvwa Prètriz la.

Mowoni 4–5

Pran sentsèn nan ede nou rapwoche de Jezikri.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a gen anpil dokimantasyon sou sentsèn. Petèt ou ta ka envite kèk manm nan klas la pou konplete aktivite sa yo lakay yo epi vini nan klas la prepare pou pataje sa yo te aprann. Ou gen dwa envite yo pou youn pataje ak lòt sa yo fè pou prepare tèt yo ak fanmi yo pou fè eksperyans sakre avèk sentsèn nan tou.

  • Anpil nan nou konn tande priyè sentsèn yo anpil anpil fwa, men èske nou panse ak kisa mo yo vledi? Pou ede manm klas yo reflechi sou priyè sa yo, ou gen dwa ba yo kèk minit pou yo ekri de priyè sentsèn yo apati memwa yo. Apresa envite yo pou yo konpare sa yo te ekri a avèk Moroni 4:3 ak 5:2. Kisa yo te sonje fasilman? Kisa yo te bliye? Èske yo remake yon bagay nan priyè sa yo ke yo pa t konn remake anvan? Envite yo pou yo pataje mo yo ak fraz nan priyè sentsèn yo ki touche yo oubyen ki ede yo santi karaktè sakre òdonans sa a. Pou apwonfondi apresyasyon manm klas yo pou sentsèn nan, panse pou w envite youn nan manm klas yo pou l chante oubyen jwe yon kantik sentsèn. Ou gen dwa pase videyo “Toujou sonje li” a nan (ChurchofJesusChrist.org).

Mowoni 6:4–9

Disip Jezikri yo sèvi youn lòt.

  • Panse pou w itilize yon analoji pou ede manm klas yo konprann enpòtans pou yo “nouri ak bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4). Paregzanp, ki kalite nouriti nou bezwen pou yon jèn plant oubyen yon tibebe? Kisa k ap rive si nou neglije yon bagay ki bezwen nourisman? Kijan nouvo manm Legliz yo ak manm ki retounen yo se menmjan avèk yon plant oubyen yon tibebe ki bezwen nourisman? Manm klas yo ka gade nan Mowoni 6:4–9 pou yo jwenn ide sou fason nou ka “nouri” youn lòt spirityèlman. Yo gen dwa jwenn ide nan “Resous adisyonèl” la tou. Ou gen dwa pataje yon eksperyans kote yon zanmi te sèvi ou. Pètèt, kèk manm nan klas la ta ka pataje menm kalite eksperyans yo tou.

  • Mowoni 6:4–9 la ka ede manm klas yo konprann kijan nou beni lè nou “konte pami pèp legliz Kris la” epi nou ale nan reyinyon legliz nou yo. Kijan nou ka eksplike benediksyon sa yo pou yon moun k ap kesyone poukisa nou bezwen yon legliz òganize? Petèt yo ta ka chèche nan vèsè sa yo pou yo ka jwenn yon bagay yo ka pataje. Oubyen yo ka fè lis kèk benediksyon yo te resevwa antanke manm Legliz la (gade D. Todd Christofferson, “Rezondèt Legliz la,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 108–11). Kisa nou ka fè pou asire nou ke disip parèy nou yo “sonje epi nouri pa bon pawòl Bondye a”pandan n ap “reyini ansanm souvan”? (Mowoni 6:44).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Manm klas yo ka pi fasil pou li Mowoni 7–9 la semèn pwochèn nan si w eksplike yo ke l gen de lèt Mòmon te ekri pou te ede pitit gason l lan rete fidèl nan moman difisil.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nouri pa pawòl Bondye a

Èldè JeffreyR. Holland te anseye: “Pifò moun pa vin nan legliz la senpleman pou yo aprann kèk bagay nouvo sou levanjil la ni pou yo rankonte ansyen zanmi, byenke sa enpòtan. Yo vini pou chèche yon eksperyans espirityèl. Yo vle lapè. Yo vle lafwa yo fòtifye epi espwa yo renouvle. Anfèt, yo vle nouri pa bon pawòl Bondye a, pou yo fòtifye pa pouvwa syèl yo” (“Yon enstriktè k soti nan Bondye,” Ensign, Me 1998, 26).

Prezidan Gordon B. Hinckley te eksplike ke nouri konvèti yo avèk pawòl Bondye a se yon travay pou tout moun. Se yon travay pou enstriktè ofwaye ak enstriktris nan fwaye [kounyeya frè ak sè sèvis pastoral]. Se yon travay pou episkopa a, pou kowòm prètriz yo, pou Sosyete Sekou, jènjan ak jènfi, menm Primè.

“Mwen te nan yon reyinyon jèn ak temwayaj Dimanch pase. Yon tigason 15-16 zan te leve kanpe devan kongregasyon an epi l te di ke l te deside pou l te batize.

“Lè sa a, youn apre lòt, timesye kowòm enstriktè yo te pran mikwo a pou yo t al eksprime lanmou yo pou li, pou yo te di l ke l te pran bon desizyon an, epi pou yo te asire l ke yo t ap kanpe avèk li epi ede li. Sete yon bèl eksperyans pou n te tande jènjan sa yo k t ap di pawòl apresyasyon ak ankourajman pou zanmi yo a. Mwen te satisfè dèske tout tigason sa yo, enkli youn ki te batize nan semèn pase a, t ap gen posiblite pou y al nan misyon.

“Nan yon entèvyou resan yo te mande m, “Kisa ki fè w plis satisfè lè w ap gade travay Legliz la jodia?”

“Repons mwen: ‘Eksperyans pi satisfezan m fè se wè sa levanjil sa a ap fè pou moun. Li ba yo yon nouvo rega sou lavi a. Li ba yo yon pèspektiv yo pa t janm anvizaje anvan. Li elve vizyon yo pou yo wè bagay nòb ak divin. Gen yon bagay mirakile ki pase nan yo. Yo gade Kris la epi yo kòmanse viv.’

“… Mwen mande nou chak pou nou ede nan antrepriz sa a” (“Converts and Young Men,” Ensign, Me 1997, 48).

Amelyore ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon ou. Olye w konsidere plan leson sa yo kòm enstriksyon ou dwe suiv, itilize yo kòm sous ide pou pouse pwòp enspirasyon pa w pandan w ap medite sou bezwen moun w ap anseye yo.