Vini, Suiv Mwen
21–27 Desanm. Nwèl: “Li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a”


“21–27 Desanm. Nwèl: ‘Li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020) (2020)

“21–27 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldiddimanch: 2020

Imaj
Joseph, Mari, ak tibebe Jezi nan yon etab

Men Mouton Bondye a, pa Walter Rane

21–27 Desanm.

Nwèl

“Epi li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a;”

Pandan w ap etidye nesans Jezkiri semèn sa a, reflechi sou fason w ka ede klas ou a fòtifye temwayaj yo konsènan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la. Gen kèk ide yo baynan plan leson sa a ki ka ede tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo mete yo de pa de oubyen an ti gwoup pou yo ka di kijan sa yo aprann sou Jezikri yo nan Liv Mòmon an ane sa a fòtifye lafwa yo nan limenm ak nan ansëyman l yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

1 Nefi 11:13–23; Elaman 14:1–13; 3 Nefi 1:4–22

Jezikri te fèt pou l te vin Sovè mwen.

  • Kijan w ka itilize Liv Mòmon an pou anseye manm klas yo evenman sakre sou nesans Sovè a? 1 Nefi 11:13–23; Elaman 14:1–13; ak 3 Nefi 1:4–22. Mande gwoup yo pou yo di kisa ekriti sa yo anseye yo sou nesans Sovè a. Apresa chak gwoup ka pataje sa yo te diskite yo avèk rès klas la. Poukisa li enpòtan pou nou gen yon temwayaj sou nesans Sovè a?

  • Konnen nesans Kris la enpòtan, men konn poukisa l te fèt pi enpòtan toujou. Kijan w ka ede moun w ap anseye yo reflechi sou pouvwa redanmtè Jezikri? Petèt yo ta ka pataje kèk nan istwa ak pasaj yo te etidye yo semèn sa a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Ankouraje yo pou yo di kijan sa yo te etidye yo te apwofondi apresyasyon yo pou nesans Sovè a ak pouvwa redanmtè li.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou don Bondye ba nou atravè Pitit Gason l lan, ou gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo pale de kado espesyal yo te resevwa pou Nwèl. Kijan nou montre gratitid nou pou kado nou resevwa yo? Apresa yo gen dwa li sitasyon Prezidan Thomas S. Monson nan ki nan “Resous adisyonèl” la epi diskite sou kat kado Prezidan Monson te mansyone yo. Ki wòl Sovè a jwe nan kado sa yo? Kijan nou ka montre gratitid nou pou Pè Selès la pou don sa yo?

  • Kòm pati diskisyon sou Nwèl la, panse pou w envite manm klas yo pou yo jwe oubyen chante kèk kantik Nwèl. Ou ka etidye kèk nan dokimantasyon yo bay nan seksyon “Resous Adisyonèl” yo tou.

Paj tit Liv Mòmon an; entwodiksyon Liv Mòmon an; 2 Nefi 25:23, 26; 33:4, 10

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri.

  • Pandan etid ou nan Liv Mòmon an nan Lekòldidimanch la ap fini an, ou gen dwa anvi bay manm klas yo opòtinite pou yo reflechi sou sa yo te aprann sou Jezikri nan Liv Mòmon an ane sa a. Pou ede kòmanse yon diskisyon, nou ka li ansanm 2 Nefi 25:23, 26 ak 33:4, 10, osi byen ke kèk ekstrè nan Entwodiksyon Liv Mòmon an ak paj tit la. Ou gen dwa pataje yon istwa oubyen yon pasaj ki te rapwoche w de Jezikri epi apresa bayo kèlke minit pou yo pataje pwòp istwa ak pasaj pa yo. Rann temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an, epi envite lòt manm klas yo pou yo fè menm bagay la tou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo kòmanse li Doktrin ak Alyans lan, ou gen dwa site yon vèsè prefere ou oubyen yon eksperyans enspiran ki te rive w pandan w t ap etidye Doktrin ak Alyans yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Resous pou Nwèl.

  • Matye 1:18–252; Lik 2

  • Liv Ilistrasyon Levanjil, nos. 28, 29, 30, 3181

  • Foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo.

  • “Yon Sovè fèt—Videyo Nwèl” (video, ChurchofJesusChrist.org)

  • “Bòn nouvèl gwo lajwa: Nesans Jezikri” a (ChurchofJesusChrist.org

  • Christmas.ComeUntoChrist.org

  • Devosyon Nwèl Premyè Prezidans lan (ChurchofJesusChrist.org/broadcasts/first-presidency-christmas-devotionals)

Don Sovè a.

Prezidan ThomasS. Monson te anseye:

“Mwen reflechi sou kontras Nwèl yo. Kado ekstravagan, ki koute chè epi ki vlope nan fason pwofesyonèl, atenn somè yo nan gran katalòg komèsyal anba tit tankou ‘Pou moun ki gen tout bagay la.’ Nan youn nan piblisite sa yo, m te remake yon kay katsan mèt longè ki te vlope nan yon gwo riban jeyan e ki te gen kat nwèl menm gwosè a tou, ki te di ‘Jwaye Nowèl.’ Gen lòt bagay ki te enkli klèb gòlf antoure ak dyaman, yon croisière nan Karayib la, ak yon vwayaj deliks pou al nan Alpes Suisses yo pou moun ki renmen avanti yo. Bagay sa yo sanble yo byen tonbe avèk tèm yon desen anime sou Nwèl ki te montre Twa Wa Maj yo ki t ap vwayaje ale Betleyèm avèk bwat kado sou chamo yo. Youn te di: ‘Make pawòl mwen, Baltazar, avèk kado sa yo, nou kòmanse yon bagay ke nou p ap janm ka kontwole!’ …

“Pandan yon ti moman, annou depoze katalòg Nwèl yo, ki gen kado deskripsyon egzotik yo. Annou menm detounen nou de flè pou manman yo, kravat espesyal pou papa yo, bèl ti poupe a, tren k ap sifle a, bisiklèt ki t ap tann lontan an … epi vire panse nou sou kado Bondye ba nou yo e ki dirab yo. M ap chwazi kat nan yon lis byen long: …

“Premyèman, kado nesans la. Yo te bay nou tout li. Nou te gen privilèj divin pou nou te kite fwaye selès nou pou n te vin nan yon tabènak lachè epi pou n pwouve pa lavi nou ke nou diy e kalifye pou nou retounen al jwenn ni yon jou, ak moun pwòch nou yo, nan yon wayòm ki rele selès. … Nou gen responsablite pou nou montre gratitid nou pa aksyon nan lavi nou. …

“Dezyèmman, kado lapè a. Nan mond plen bri kote n ap viv la, vakam sikilasyon, piblisite klere medya yo, demann y ap fè nou pou tan nou yo—san pale de pwoblèm mond lan—ba nou mal tèt, ba nou soufrans, e wonje kapasite nou pou nou fè fas avèk yo. …

“Limenm ki te òm doulè, abitye ak soufrans lan pale avèk tout kè twouble epi l ba yo don lapè a. “M ap ba nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”(Jan 14:27). …

“Twazyèmman, kado lanmou an. ‘Mèt, ki pi gwo kòmandman nan lalwa a?’ doktè lalwa ki t ap pale avèk Jezi a te mande. “Jezi te reponn ni: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Sa se premye ak pi gwo kòmandman an.

“Men dezyèm nan ki sanble ak li: Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.” (Matye 22:36–39). ...

“Katriyèmman, kado lavi a—imòtalite. Plan Pè Selès nou an gen ekspresyon siprèm vrè lanmou a. Tout sa ki chè pou nou, fanmi nou, zanmi nou, lajwa nou, konesans nou, temwayaj nou, t ap disparèt si pa t gen Papa nou an ak Pitit Gason l lan, Senyè a, Jezikri. Pami panse ak ekri moun yo pi cheri yo nan mond sa a, nou gen deklarasyon verite divin sa a: ‘Gade, Bondye sitèlman renmen mond lan, li bay sèl Pitit Gason Literal li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi etènèl’ (Jan 3:16)” (“Kado,” Ensign, Me 1993, 59–62).

Amelyore ansèyman nou

Sa OKE pou m di “M pa konnen.” Pandan ke ou dwe fè pi byen w kapab pou reponn nenpòt kesyon manm klas ou yo poze sou levanjil la, Senyè a pa atann ke w konn tout bagay. Lè w pa konn kijan pou reponn yon kesyon, envite klas la pou yo chèche repons la ansanm nan ekriti yo epi pataje sa yo jwenn. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 22.)