Vini, Suiv Mwen
14–20 Desanm. Mowoni 10: “Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li”


“14–20 Desanm. Mowoni 10: ‘Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“14–20 Desanm. Mowoni 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Pou nou ka konnen, pa Gary L. Kapp

14–20 Desanm

Mowoni 10

“Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li”

Manm klas ou yo ka te deja fè eksperyans avèk li Liv Mòmon an ane sa a. Enspire w de eksperyans sa yo pou ankouraje chak moun nan klas la pou yo etidye ekriti yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou gen dwa envite yo pou yo imajine ke Mowoni ap vizite klas la. Kisa yo t ap di l apwopo sa l te ekri nan Mowoni 10 yo? Èske gen kèk vèsè ki patikilyèman enpòtan pou yo? Petèt yo ka pataje eksperyans yo te fè avèk vèsè sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mowoni 10:3–75

M ka konn verite a pou tèt pa m pa pouvwa Sentespri a.

  • Manm klas yo gen dwa gen nouvèl ide si yo etidye Mowoni 10:3–5 la avèk swen. Pou ede yo, ou gen dwa ekri kèk fraz enpòtan nan vèsè sa yo sou timoso papye separe epi bay chak manm klas la youn oubyen bay tout gwoup klas la yo. Envite yo pou yo medite oubyen diskite sou siyifikasyon fraz yo, enkli sa yo ka fè pou aplike l nan lavi yo. Apresa ou ka li Mowoni 10:3–5 ansanm, rete lè w rive nan yon fraz ke yon moun te etidye, pou klas la ka di sa l panse.

  • Pou ankouraje yo pou yo pataje eksperyans yo te fè lè yo te aplike envitasyon Mowoni an nan vèsè sa yo, ou gen dwa envite yo pou yo imajine ke y ap eseye ankouraje yon zanmi oubyen yon manm fanmi akeri yon temwayaj sou Liv Mòmon an. Kijan yo t ap itilize Mowoni 10:3–7 la? Ki eksperyans yo ka pataje? Kijan nou ka ede lòt moun konprann kisa sa vle di pou n konn yon bagay “pa pouvwa Sentespri a”? (Mowoni 10:5).

Mowoni 10:8–25

“Pa renye don Bondye yo.”

  • Poukisa egzòtasyon pou nou pa “renye don Bondye yo” patikilyèman enpòtan nan dènye jou sa yo?. (Mowoni 10:8). Ankouraje manm klas yo pou yo medite sou kesyon sa a pandan y ap li (Mowoni 10:8) la. Pou ede kwayans yo nan don spirityèl yo, ou gen dwe envite yo pou yo pataje egzanp sou moun k ap itilize chak don ki nan Mowroni 10:9-16 yo. Egzanp yo ka soti nan Liv Mòmon an, nan istwa legliz la, oubyen nan pwòp lavi yo. (Gen egzanp ki soti nan Liv Mòmon an yo sigjere nan “Resous adisyonèl” la.) Ou gen dwa diskite sou fason kèk nan don yo dekri nan vèsè sa yo te manifeste nan parisyon Liv Mòmon an. Poukisa li enpòtan pou yon moun k ap chèche yon temwayaj sou Liv Mòmon an kwè nan don spirityèl? Kisa nou pafwa fè pou “renye” don sa yo nan lavi nou? Kijan don sa yo ede nou “vin jwenn Kris la epi pèfeksyone nou nan li”? (gade Mowoni 10:30-33).

  • Yon lòt fason pou eksplore don spirityèl yo dekri nan vèsè sa yo se ekri sou tablo a kèk kesyon tankou Kisa don spirityèl yo ye? Kimoun yo bay yo? Poukisa yo ba yo yo? ak Kijan yo resevwa yo? Apresa envite manm klas yo pou yo chèche nan Mowoni 10:8–25 pou yo ka jwenn repons. (Deklarasyon Prezidan Brigham Youn ak Prezidan Dallin H. Oaks yo nan “Resous adisyonèl” la ka ede tou.) Anplis don spirityèl ki nan vèsè 9–16 yo, ki lòt “don Bondye” nou resevwa oubyen nou benefisye? (Mowoni 10:8). Ou gen dwa pataje sa Èldè Bruce R. McConkie te anseye a: “Don spirityèl yo enfini nan kantite ak nan varyete. Sa ki site nan pawòl revele yo se senpleman ilistrasyon sou devèsman gras divin ilimite yon Bondye byenveyan bay moun ki renmen li e k ap sèvi li” (A New Witness for the Articles of Faith [1985], 371).

Mowoni 10:30–33

Kijan m ka pèfeksyone atravè lagras Jezikri?

  • Kisa w santi k t ap ede manm klas ou yo aksepte envitasyon Mowoni pou “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li” a? (Mowoni 10:32). Petèt kòmanse avèk yon kantik sou sijè sa a, tankou “Viens et suis-moi” (Cantiques, no. 61), ta ka envite Lespri a nan diskisyon w lan, epi manm klas yo ta ka pataje nenpòt pwen komen yo wè ant kantik la ak verite ki nan Mowoni 10:30–33 yo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo ak kantik sa a sou siyifikasyon vin jwenn Kris la? Kisa sa vle di pou nou vin “pafè nan Kris la”? (gade DA 76:50–53, 69) tou. Di kisa w santi sou siyifikasyon “rann pafè atravè Jezi” a (DA 76:69), epi ankouraje manm klas yo pou yo pataje sa yo santi.

  • Paske diskisyon sa a se dènye diskisyon nan klas la sou Liv Mòmon an ane sa a, ou gen dwa mande manm klas yo pou yo pataje kè bagay nan sa yo te santi ak sa yo te aprann pandan yo t ap etidye liv la ane sa a. Pou ede yo fè sa, ou ka li Mowoni 10:32–33 ansanm epi mande yo pou yo pase kèk minit ap reflechi sou kijan Liv Mòmon an te ede yo vin jwenn Kris la. Ou gen dwa mande: Kijan Liv Mòmon an te ede nou vin gen pi plis lanmou pou Bondye? Kijan l ede nou apiye nou pi totalman sou gras Kris la? Kijan l ede nou pou nou pa “nye” pouvwa Sovè a? Envite manm klas yo pou yo rann temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an ak temwayaj li rann de Jezikri a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ede yo anvi etidye Doktrin ak Alyans la ane pwochèn nan, ou gen dwa repase Mowoni 10:9-16 la epi eksplike ke tout don sa yo evidan nan Legliz la jodia. Lè nou pral li Doktrin ak Alyans yo, nou pral wè kijan don ak pouvwa Bondye yo itilize pou fè travay li nan dènye jou sa yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Manifestasyon don spirityèl nan Liv Mòmon an.

Temwayaj Prezidan Brigham Youn sou don spirityèl yo.

Lafwa. Lè w kwè nan prensip levanjil yo epi ou atenn lafwa, ki se yon don Bondye, li ajoute plis lafwa, li ajoute lafwa sou lafwa. …

Don gerizon. Mwen la a pou m temweye de santèn ka pami gason, fi, ak timoun ki geri pa pouvwa Bondye, atravè enpozisyon dè men, epi m wè anpil leve soti anba pòt lanmò, e yo retounen soti nan fwontyè letènite; epi gen nan yo, ke espri yo te deja kite kò a, ki te retounen ankò. Mwen temwaye ke m wè malad geri pa enpozisyon dè men, selon pwomès Sovè a. …

Pwofesi, Revelasyon, ak Konesans. Chak gason ak fi gen dwa yon revelatè, epi gen temwayaj Jezi, ki se lespri pwofesi a, epi konn volonte Bondye pou yo, evite mal e chwazi sa ki byen” (Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [1997], 252–53).

“Chèche tout bon don.”

Prezidan Dallin H. Oaks te di kijan chèche don spirityèl te beni manman li: “Paske l te pèdi mari li, manman m ki te vèv te enkonplèt.” Li te priye anpil pou l sa l te bezwen pou ranpli responsablite li pou l te elve twa timoun piti! Li te chèche, li te rete diy, epi l te beni! Priyè l yo te reponn nan plizyè fason, enkli resevwa don spirityèl. Li te gen anpil don men sa m sonje plis yo se don lafwa, temwayaj, ak sajès” (“Spiritual Gifts,” Ensign, Sept. 1986, 72).

Amelyore ansèyman nou

Rezève tan pou manm ki nan klas la ka pataje. “Lè manm klas la pataje sa yo te aprann, yo non sèlman santi Lespri a e fòtifye pwòp temwayaj yo, men yo ankouraje lòt manm nan klas la tou pou dekouvri verite pou tèt pa yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 30).