Vini, Suiv Mwen
1–13 Desanm. Mowoni 7–9: “Se pou Kris la konsole ou”


“1–13 Desanm. Mowoni 7–9: ‘Se pou Kris la konsole ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“1–13 Desanm. Mowoni 7–9” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Minerva Teichert (1888–1976), Mowoni: dènye Nefit la, 1949–1951, penti aluil sou masonit, 34¾ x 47 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

1–13 Desanm

Mowoni 7-9

“Se pou Kris la konsole ou“

Objektif ou se pou ede moun yo rapwoche de Bondye, non pa jis prezante yon leson. Prepare pou Lekòldidimanch nan li Mowoni 7–9 la avèk manm klas yo nan lespri ou, pandan w ap chèche prensip ki ap ede yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite chak manm klas la pou yo repase Mowoni chapit 7, 8, ou 9 epi chèche yon verite ki siyifikan pou li. Apresa manm klas yo ka pataje verite yo jwenn nan ak fason li beni yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mowoni 7:3-19

“Men gade, sa ki sòti nan men Bondye envite e pouse moun pou yo fè byen tout tan”

  • Po nou se disip Jezikri, nou dwe kapab jije ant byen ak mal. Petèt diskite sou verite nan Mowoni 7:3-19 yo ta ka ede manm klas yo evite jije moun “enjisteman” (Mowoni 7:18). Pou prepare klas la pou diskisyon an, fè mwatye nan klas la chèche vèsè sa yo pou yo ka jwenn konsèy Mowoni bay sou fason pou idantidye sa k soti nan Bondye yo, epi lòt mwatye klas la pou chèche kijan pou yo idantifye sa k sot nan dyab la. Apresa, diskite sou sa yo jwenn yo epi pataje egzanp sou sa k envite yo pou yo “fè byen, epi renmen Bondye, ak sèvi li” (Mowoni 7:13). Kijan nou aplike konsèy Mòmon an nan desizyon chak nou nou? Kijan nou ka fè bon chwa e toujou renmen moun ki bò kote nou ki pa p viv levanjil la?

  • Anpil moun ap mande tèt yo: “Kijan m ka konnen si yon enspirasyon m santi soti nan Bondye oubyen si se pwòp panse pa m?” Ou gen dwa ekri kesyon sa a sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo gade nan Mowoni 7:13–16 pou yo ka jwenn prensip ki ka reponn kesyon sa a. Kijan vèsè sa yo ede nou rekonèt enspirasyon divin? Li ta bon pou w ta eksplike ke “Lespri Kris la,” ke nou rekonèt kòm limyè Kris la, yo pafwa rele l konsyans nou. Deklarasyon prezidan Gordon B. Hinckley a nan “Resous adisyonèl” la ak videyo “Motifs de lumière: Discerner la lumière” la nan (ChurchofJesusChrist.org) ka ede tou.

Mowoni 7:21–48

Disip Jezikri yo chèche lafwa, lesperans, ak charite.

  • Pou ede manm klas yo konprann koneksyon ki genyen ant lafwa,lesperans ak charite a, ou gen dwa montre yo yon tabourè twa pye (oubyen foto youn) epi mande yo pou yo reflechi sou kijan lafwa, lesperans, ak charite se tankou twa pye sa yo (gade deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdore la nan “Resous adisyonèl” la). Apresa envite yo pou yo chwazi youn nan kalite sa yo epi chèche kisa Mowoni anseye osijè yo nan Mowoni 7:21–48 la. Diskite sou kesyon tankou sa a: Poukisa nou bezwen lafwa ak esperans pou n ka resevwa don charite a? Kijan kalite sa yo konekte nou avèk Jezikri? Poukisa kalite sa yo esansyèl pou yon moun disip Jezikri? Kisa k ap rive nou si nou pèdi lafwa? lesperans, charite? Envite manm klas yo pou yo pran yon ti moman pou ekri enpresyon yo genyen.

Mowoni 8:4–21

Konprann doktrin kòrèk la ka ede nou fè bon chwa.

  • Klas ou a gen dwa pa bezwen diskite sou rezon k fè l pa bon pou batize timoun piti yo, men pawòl Mòmon yo sou sijè sa a ka ede yo wè danje fos doktrin yo an jeneral. Pou ilistre kijan Liv Mòmon an “[konfonn] fos doktrin yo” (2 Nefi 3:12), ou gen dwa envite manm klas yo pou yo li Mowoni 8:4–21 an gwoup oubyen endividyèlman. Fè yo chèche doktrin Mòmon te santi pèp la pa t konprann yo, enkli Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a (gade vèsè 20) an ak responsablite (gade vèsè 10). Lòt mwatye klas la ka chèche konsekans erè moun yo. Manm chak gwoup yo gen dwa pataje avèk klas la sa yo jwenn yo nan apre. Kisa vèsè sa yo anseye sou enpòtans pou n aprann ak viv yon doktrin kòrèk? Ki kote nou ka jwenn eksplikasyon kòrèk sou doktrin Kris la? Kijan nou ka asire nou ke konpreyansyon nou de doktrin nan kòrèk?

  • Petèt manm klas yo ta ka benefisye nan suiv egzanp Mòmon an pou ede yon moun pi byen konprann chwa yo nan anseye l doktrin kòrèk la. Ou gen dwa fè sa nan envite manm klas yo pou yo panse ak yon moun nan ekriti yo kite fè yon move chwa. Ki verite doktrinal ki t ap ede moun sa a evite fè chwa ki pa kòrèk ankò? Bay manm klas yo kèlke minit pou yo jwenn ekriti oubyen deklarasyon nan yon konferans jeneral resan ki t ap ede moun sa a konprann verite doktrinal la. Apresa ou gen dwa mande yo pou yo pataje sa yo jwenn.

Mowoni 9:25–26

Nou ka jwenn esperans nan Kris la, kèlkeswa sikonstans nou.

  • Dènye mesaj Mòmon te ekri pitit gason l lan nan Mowoni 9:25–26 la ka ede manm yo jwenn esperans nan Kris la, menm nan sitiyasyon ki aparaman enposib. Petèt ou ta ka kòmanse pa mande yo pou yo di ki rezon k fè Mowoni te santi l si dekouraje konsa. Apresa yo ka li vèsè sa yo epi fè lis sou tablo a sou verite Mòmon ankouraje Mowoni pou l konsantre yo. Kijan menm verite sa yo ‘edifye nou’ nan epòk nou an? Manm klas yo gen dwa pataje egzanp yo konn wè sou “mizèrikòd ak pasyans Bondye”. Oubyen yo ka pataje ide pou youn ede lòt kenbe Sovè a ak levanjil li a “ajamè nan lespri [nou]” menm lè n ap fè fas ak dekourajman (vèsè 25).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li Mowoni 10 la, ou gen dwa sigjere ke li ta petèt yon moman ideyal pou yo reflechi sou kijan temwayaj yo konsènan verasite Liv Mòmon an te renouvle pandan yo t ap editye l ane sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Èske l soti nan Lespri a?

Pou reponn kesyon “Kijan nou rekonèt enspirasyon Lespri yo?” Prezidan Gordon B. Hinckley te site Mowoni 7:13 epi l te di: Èske l pèsyade yon moun pou l fè byen, pou l elve l, pou fè sa ki byen, gen asirans, janti, oubyen plen jenewozite? Si wi, se Lespri Bondye” (Teachings of Gordon B. Hinckley [1997], 260–61).

Lafwa, lesperans, ak charite.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te konpare lafwa, esperans, ak charite ak yon tabourè twa pye, li te eksplike ke twa vèti sa yo “stabilize lavi nou, menmsi nou twouve nou sou yon sifas inegal …

“Lafwa, lesperans, ak charite konplete youn lòt, epi lè youn grandi, lòt la grandi tou. Esperans soti nan lafwa, paske san lafwa pa gen espwa. Menmjan tou lafwa soti nan esperans, paske lafwa se ‘sibstans bagay yon moun espere.’

Lesperans endispansab pou lafwa ak charite. Lè dezobeyisans, desepsyon, ak pwokrastinasyon wonje lafwa, lesperans la pou soutni lafwa nou. Lè fristrasyon ak enpasyans mete charite nan difikilte, lesperans ranfòse rezolisyon nou e pouse nou pran swen pwochen nou san nou pa atann rekonpans. Plis esperans nou gran, se plis lafwa nou gran tou. Plis esperans nou solid, se plis charite nou pur” (“Pouvwa enfini esperans lan,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 21, 23–24).

“Amou pi Kris la.”

Èldè Jeffrey R. Holland te sigjere de siyifikasyon posib pou fraz ‘amou pi Kris la’.

Youn … se kalite amou mizèrikòdye ak padonan disip Kris yo dwe genyen youn pou lòt la. …

Yon lòt siyifikasyon se lanmou inebranlab, siprèm ak ekspyatwa Kris la pou nou an. … Se sa charite ye—amou pi li pou nou—san ki nou pa t ap anyen” (Christ and the New Covenant: The Messianic Message of the Book of Mormon [1997], 336).

Amelyore ansèyman nou

Ede jèn yo devlope otonomi spirityèl. “Lè w ap anseye, olye ke w senpleman transmèt enfòmasyon, ede manm klas yo dekouvri verite levanjil yo pou tèt pa yo. … Lè yo poze kesyon, li ta pi bon pafwa pou w anseye yo kijan pou yo jwenn repons pou tèt pa yo, olye ke w reponn kesyon yo tousuit (Anseye nan fason Sovè a, 28). Paregzanp, ou ka voye yo ale nan Sijè Levanjil yo nan topics.ChurchofJesusChrist.org la, ki gen enfòmasyon itil sou yon varyete sijè.